Jesyon dechè solid

Comment Icon 3 Favorite Icon 0

Prezantasyon sa a montre jan sa enpòtan pou n byen jere fatra ki nan anviwònman nou. Sa se yon tematik ki fondamantal pou lavni peyi nou sitou lè n konsidere mera pandemi kowona n ap viv jounen jodi a. Dokiman sa a esplike ki jan plizyè eleman nan anviwònman nou makonnen youn ak lòt. Esplikasyon sa yo ka ede n konprann jan fatra ka aji sou sante nou tout, tou patou nan peyi a, nan tout klas sosyal.

« PADL » se « Pwogram pou Kore Devlopman Lokal » ki nan asosyasyon « ADEMA » (« Ansanm pou yon Demen Miyò ann Ayiti »). PADL ap travay ann Ayiti depi 2006 nan tout zòn Ba Nòdwès sou 2 dosye fondal natal : edikasyon sou sitwayènte epi wòl kolektivite lokal yo sou teritwa a. Dokiman sa a te reyalize nan kad aktivite edikasyon sou sitwayènte nan lekòl yo. Ekip ki te travay sou dokiman an gen ladan l : Vladimir Blaise, Virginie Destuynder ak Kenel Julmisse.

Telechaje Destuynder - Jesyon dechè solid.pdf

Remak

Abone
Anonse
guest
3 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Jean Makens Germain

Se yon bon bagay mwen gentan aprann anpil bel bagay

Vanessa AMBROISE

se toujou ak ke kontan pou monte sou paj sa. travaye bel!

Michel DeGraff

Se yon travay « men anpil, chay pa lou ». Mèsi pou solidarite w.