Se pou sa yo voye m lekòl, pou m ka aprann franse:
Pou ki sa lekòl Ayiti se yon gaspiyaj tan
Jouk nan ane 2000 yo, youn nan bagay ki te plis domine espesyalis edikasyon nan monn lan se pwoblèm al lekòl la. Te gen twòp ti moun sou planèt la ki pa t ka al lekòl. Peyi tou patou te pran angajman e rekonèt edikasyon pou tout moun se yon minimòm pou devlopman yon peyi. Vrèman vre, te gen gwo pwogrè ki te rive fèt nan sans sa a. Pa egzanp, Nasyonzini rapòte an 2014, nan bilan li t ap fè sou Objektif Milenè pou Developman yo, soti 2000 rive 2012 pousantaj ti moun ki frekante lekòl primè nan peyi an devlopman yo soti nan 83 % monte nan 90 %.
Gen anpil defi ki rete pou leve toujou nan kesyon aksè a. Nan peyi tankou Ayiti jiska prezan, sou chak 100 ti moun nan entèval 6 rive 9 lane, gen 21 ki pa ka al lekòl. Menm si sa, mondyalman ni ann Ayiti tou, pwogrè ki fèt nan zafè pousantaj ti moun (ak ti fi) ki gen chans al lekòl se bagay ki ankourajan. Malerezman, prèske nan menm peryòd la, espesyalis yo t ap pral reyalize gen yon lòt pwoblèm ki grav menm jan ak pa ale lekòl la : pwoblèm aprantisaj la. Men sa yo dekouvri : li pa sifi pou ti moun al lekòl oswa ka al lekòl. Ti moun ka bouke jwenn lekòl epi yo pa met pye (pwofesè yo tou konn bay ratman). Pi tris toujou, yo ka bouke met pye lekòl la, epi yo pa aprann anyen.
Esther Duflo ak Abhijit Banerjee, de (2) pri Nobel Ekonomi pou ane 2019 la, te rapòte nan liv Repenser la pauvreté yo a (Repanse povrete) ki te soti an 2011, yon pousantaj absans ant 14 ak 50% pami ti moun atravè monn lan. Yo al pi lwen. Yo rapòte rezilta chokan yon ONG ann End ki rele Pratham te jwenn nan sa ki gen pou wè ak sa ti moun yo aprann tout bon sou ban lekòl yo. Sou 700 000 elèv Pratham te evalye o aza, 35 % nan sa ki te gen ant 7 e 14 an yo pa t menm ka li yon paragraf byen senp ; 30 % sèlman te ka fè yon senp kalkil aritmetik. Rezilta nan lòt peyi an devlopman prèske ale nan menm sans lan. Nan peyi Kenya, yon ankèt te revele 27 % ti moun 5èm ane primè yo pa t ka li yon paragraf senp ann angle ; 23 % pa t ka li youn an kiswahili ; 30 % pa t ka fè yon divizyon byen senp. Nan peyi Pakistan, toujou dapre otè yo, 80 % ti moun twazyèm ane fondamantal pa t ka li yon paragraf nivo premye ane. Duflo ak Abhijit menm oblije mande tèt yo èske lekòl pa finalman fè ti moun yo bliye menm sa yo te konnen deja, tankou konpetans kalkil anpil nan yo ka te devlope lakay nan ede paran yo kenbe boutik fanmi an. An tou ka, tout chif sa yo aprann nou yon bagay : mennen koulèv la lekòl se youn, fè l chita se de, fè l aprann se twa.
Kesyon lang nan, mete sou pedagoji ak anviwònman ki pa adapte, vin konplike sitiyasyon an plis toujou, e egzanp Ayiti a montre sa. Anpil travay syantifik ak rekòmandasyon ofisyèl atravè monn lan souliyen enpòtans lang matènèl pou yon bon aprantisaj sou ban lekòl. Malerezman, ann Ayiti, kote pifò ti moun se kreyòl ki lang matènèl yo ak lang yo itilize chak jou nan tout sa y ap fè, lekòl itilize yon lang ki depaman ak reyalite y ap viv la. Nan rapò 2005 Education For All (Edikasyon pou tout moun), yo te esplike aprann ti moun yo nan yon lang yo pa konnen oswa yo pa metrize se tankou mande yon moun fè yon travay san w pa ba l zouti pou sa. Imajine w ki dwe klouwe yon klou nan mi ak de (2) men w de (2) pye w, san ni mato ni wòch. Metòd yo itilize Ayiti, kote kou, egzamen, e latriye, ap fèt an franse oswa nan yon melanj pokofonik franse-kreyòl pandan ti moun yo se kreyòl yo pale e konprann pi byen, sa pa efikas. E se pa pawòl an lè. Gen o mwen 2 seri rezilta nan rechèch syantifik ki fèt ann Ayiti ki montre fè lekòl an kreyòl ka bay pi bon rezilta pase fè lekòl an franse (ceteris paribus). Yon premye kategori konsène aprantisaj ti moun nan primè. N ap pran 2 rechèch kle ki konpare pèfòmans nan lekti ti moun ki aprann an kreyòl ak pa ti moun ki aprann an franse. Apre sa, gen rechèch tou ki montre menm pou matyè ak konsèp wo nivo nan matematik oswa nan syans nan nivo segondè ak inivèsite, kreyòl la bay pi bon rezilta.
Nan nivo primè, youn nan bèl esperyans yo rapòte se esperyans Lekòl Kominotè Matènwa (LKM). Se yon lekòl nan Lagonav ki pran plezi nan inove pou rezoud yon seri defi — n ap tou pwofite souliyen efò yo fè pou entegre ti moun andikape yo. Kòm yo chwazi fè kou yo an kreyòl pou ti moun yo, youn nan defi yo te dwe leve se jwenn liv pou ti moun yo fè lekti an kreyòl. Ebyen ki solisyon yo jwenn ? Yo fè ti moun yo ekri pwòp liv yo an kreyòl apati ti istwa ti moun yo, yo menm menm, kreye oswa adapte!
Nan yon atik (ak tou yon rapò pi detaye) li pibliye an 2016, Michel DeGraff, nan MIT, konpare nan lane 2012-2013 pèfòmans ti moun LKM yo (premye ak dezyèm ane) ak pa ti moun nan 5 lòt lekòl ki nan zòn nan e ki itilize metòd tradisyonèl ki baze sou franse a. Li sèvi ak yon enstriman ki rele Early Grade Reading Assessment (EGRA), ki se yon pwodui anpil spesyalis nan edikasyon itilize pou evalye nivo konpetans nan lekti, konpreyansyon tèks alekri ak aloral. DeGraff jwenn de (2) kategori rezilta. Yon premye kategori montre elèv LKM yo pi pèfòman, yo afiche yon skò medyan ki pi wo pase elèv ki pa nan LKM yo, pou yon menm nivo.
Nan ane ki vin apre a (2013-2014), yo eseye menm apwòch LKM lan nan lòt 5 lekòl yo. DeGraff refè evalyasyon l lan. Li jwenn pèfòmans elèv lòt lekòl yo nan lekti vin amelyore (sa ki nòmal) nan pwen pou yo vin pwòch pèfòmans elèv ki nan menm nivo ak yo nan LKM (sa ki pa t kon sa avan). Ki donk, lekòl ki pa t santre pedagoji yo a sou kreyòl (ak aprantisaj aktif) te non sèlman an reta nan pèfòmans lekti pa rapò ak LKM ; men, apwòch LKM lan te pèmèt yo ratrape nan reta yo a. Epi gen yon lòt aspè ki frapan ankò. Christine Low se youn nan moun ki planifye inisyativ LKM lan e li te vin prezante lekòl la nan kad Senpozyòm Inisyativ MIT-Ayiti ki te fèt soti 27 rive 28 mas 2017 nan lotèl Mariott, Pòtoprens. Li te esplike nou jan aprantisaj an kreyòl la pa t ditou anpeche elèv yo fè nòt pou franse nan egzamen leta. Kontrèman ak sa kèk moun panse, kreyòl pa ka anpeche elèv yo briye nan franse ; o kontrè, bon jan aprantisaj nan lang matènèl bay aprenan yo plis zam pou reyisi nan nenpòt sa y ap aprann.
Yon ti jan pi pre nou, an 2020 an, gen yon rechèch Guzmán ak kèk kolèg pibliye nan jounal Reading Research Quarterly ki prezante rezilta ki ale nan menm sans ak pa DeGraff yo. Apati yon echantiyon 1 189 elèv premye ane o aza (632 nan yo te sèvi kòm gwoup referans pou fè konparezon yo) nan 94 lekòl katolik Gonayiv ak Okap, otè sa yo teste efikasite yon pwogram lekti an kreyòl pou devlope konpetans ti moun yo nan lekti. Gwoup referans lan menm te kontinye nan metòd tradisyonèl la (ki priyoritize franse). Yo itilize menm zouti EGRA a pou teste 8 konpetans nan lekti lakay ti moun yo (ladan yo genyen kantite lèt pa minit, kantite son pa minit…). Analiz statistik yo montre, nan fen premye ane a, gwoup ki te suiv pwogram lekti an kreyòl la vin lontan pi pèfòman nan lekti pase gwoup referans lan nan prèske tout kategori konpetans yo te mezire yo. Nan fen dezyèm ane fondamantal la, se te menm penpenp lan. Analiz regresyon yo montre pwogram an kreyòl la kontribye anpil nan diferans pèfòmans sa yo.
Yon moun ta ka di se pou ti moun piti sèlman sa kenbe. Pou konsèp wo nivo ki nan klas segondè yo, kreyòl la ka plis yon andikap pase yon avantaj. Se mòd prejije sa yo dayè anpil moun genyen sou kreyòl : yo pa kwè kreyòl ka fè lasyans, pale matematik, devlope konsèp. Poutan, menm la, se pa sa rechèch yo montre.
An plis travay ki fèt nan lòt peyi ki montre konsèp yo pi byen pase lè yo anseye yo nan lang matènèl, gen yon tèz doktora Tatiana Behrmann nan Capella University ki pibliye an 2018 e ki montre klèman avantaj bab e moustach yon ansèyman matematik ak syans an kreyòl nan nivo segondè, soti nan klas 7èm ane fondamantal rive nan filo. Otè a esplike yo te prezante menm kou a an franse bay yon gwoup epi bay yon lòt gwoup menm kou a an kreyòl. Tout sa fèt nan yon lekòl ki pran fi sèlman nan depatman Lwès la, ak 139 elèv. Chak klas te separe o aza an 2 gwoup. Anvan kou a, gwoup yo te pase yon egzamen an rapò ak konsèp yo pral prezante yo a pou teste ki sa yo konnen deja. Rezilta yo montre tou de (2) gwoup yo te demare ak menm nivo konesans, pwen yo te fè nan ti tès demaraj la pa t twò diferan. Poutan, apre sa, tès yo fè yo sibi nan fen kou a revele elèv ki te suiv kou a an kreyòl yo pi byen konprann kou a e yo te fè plis pwen pase gwoup ki te suiv li an franse a, ni pou matematik ni pou syans (sof nan de ou twa klas, nan chak ka).
Men, pati ki pi enteresan nan travay Behrmann lan, se petèt pati kalitatif la. Malgre elèv sa yo konnen e konstate yo pi byen konprann nosyon yo an kreyòl, malgre yo rekonnèt se lang sa a yo konprann pi byen, se li yo pale lakay yo (e pou anpil nan yo se sèl yo ki ka pale franse lakay yo), yo rete kwè se franse k ap ba yo plis chans reyisi. Analiz kalitatif la montre tou fonksyònman lekòl la menm, oswa jan pwofesè yo wè e trete tout moun ki eseye pale kreyòl, tout sa yo kontribye nan devalorize lang kreyòl la nan je elèv yo, malgre elèv yo rekonnèt, si kou yo te fèt an kreyòl, yo t ap konprann pi byen.
Men temwayaj youn nan elèv yo :
Menm si m p ap di anyen entèlijan an franse, pale m pale l la gentan fè m pase pou yon moun entèlijan. Gen pwofesè ki p ap menm di m ki lè l ye si m adrese yo an kreyòl. M pa menm bezwen imajine kòman sa ye nan nivo inivèsite. (Yon elèv reto)
Men, temwayaj ki petèt pi frapan an, e se li ki itilize pou titre atik sa a, se temwayaj yon elèv ki di paran l yo se pou sa menm yo voye l lekòl : pou l aprann pale franse.
Se poutèt sa menm yo voye m lekòl, pou m ka aprann franse. (Yon elèv setyèm ane)
Se kòm si aprann lòt bagay yo te mwen enpòtan pase aprann franse. Petèt nan lekòl Ayiti a, lòt aprantisaj yo pa t janm pi enpòtan pase sa. Si yo te enpòtan, yo t ap fèt an kreyòl. Paske jan etid nou te prezante yo ak anpil lòt montre sa, pa gen pi bon lang pase lang manman pou aprantisaj tout bon rive fèt. Lekòl Ayiti pa ka kontinye fè ti moun yo gaspiye 13 lane nan lavi yo pou yo ka (mal) aprann pale franse. Yon peyi tèt an wo p ap posib ak modèl lekòl tèt an ba sa a.