Afich sou alfabè kreyòl ayisyen

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Resous sa a ofri imaj pou chak lèt nan alfabè a. Epi tou, pou chak lèt nan alfabè a, li esplike pwononsyasyon non lèt la epi li bay egzanp mo ki kòmanse ak lèt sa a.

Si w vle plis enfòmasyon sou alfabè kreyòl la, atik sa a esplike analiz ak avantaj ki nan chwa pou non lèt ki nan Chante Alfabè Kreyòl La. Pa egzanp, anpil anseyan montre ti moun yo sèvi ak non lèt nan alfabè franse a pou eple mo an kreyòl. E poutan, non lèt franse yo depaman nèt pa rapò ak chapant fonemik òtograf kreyòl la kote chak lèt mache ak yon grenn son epi chak son mache ak yon grenn lèt. Depi n korije deriv sa a kote non lèt nan alfabè franse a sèvi pou eple mo kreyòl yo epi nou kreye non lèt ki suiv lojik òtograf fonemik lang kreyòl la, nou vin gen yon sistèm non lèt ki granmoun tèt yo e ki obeyi prensip lengwistik ki nan nannan òtograf kreyòl la.

Epi tou, resous sa a ofri kèk tradiksyon ann angle pou mo kle sa yo ki sèvi pou anseye son ki nan alfabè kreyòl la. Tradiksyon angle sa a se pou edikatè etranje ki pa konn pale kreyòl. Edikatè sa yo ka sèvi ak zouti sa a pou yo ede ti moun ayisyen k ap aprann lekti ak ekriti nan lang manman pa yo.

Telechaje Genise Vertus - Alfabe kreyol la.pdf

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments