Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a pou l ede ti moun yo aprann konte epi ekri chif pandan y ap kontwole konbyen grenn joumou yo ka wè nan chak paj liv la.
Pwofesè yo ka sèvi ak liv sa a ansanm ak liv Mwen wè joumou epi Mwen te plante pou yo brase lide ak elèv yo sou ki jan chak ti grenn joumou ka vin bay yon joumou ; epi tou, yo ka brase lide sou enpòtans joumou ann Ayiti. Sa ta bèl anpil si pwofesè yo ka pote kèk joumou nan sal klas la pou ti moun yo ka manyen joumou sa yo.