Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a pou l ede ti moun yo aprann konte epi ekri chif pandan y ap kontwole konbyen joumou yo ka wè nan chak paj liv la. Pwofesè yo ka sèvi ak liv sa a ansanm ak liv Mwen wè grenn joumou epi Mwen te plante pou yo brase lide ak ti moun yo sou chif epi sou enpòtans joumou ann Ayiti.