GID PWOFESÈ : TI KONSÈY POU KREYASYON AK ITILIZASYON LIV LANG MANMAN

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv Lang Manman (LLM) se yon metòd ki ka sèvi pou anseye ti moun nan nenpòt peyi depi se nan lang manman yo pwofesè yo ap anseye ti moun yo. Se nan zòn Matènwa, Lagonav, ann Ayiti, metòd sa a devlope lè elèv nan zòn lan te bezwen aprann lekti ak ekriti ; men, yo pa t ka jwenn bon jan liv nan lang pa yo. Se kon sa Lekòl Kominotè Matenwa (LKM) te devlope metòd LLM lan. Metòd sa a baze sou istwa ti moun yo ap rakonte devan pwofesè yo. Se menm istwa sa yo ki vin kouche sou papye, epi se yo ki vin sèvi nan aprantisaj lekti ak ekriti. Tout zouti pou bati konesans pou ti moun yo, apre kreyon ak papye, soti nan tèt yo.

Ki donk, sa y ap di, sa y ap ekri, sa y ap li, tout sa koresponn ak nivo kote yo ye nan devlòpman kapasite aprantisaj pa yo. Toutotan edikatris ak edikatè yo ap itilize zouti sa a, li pral vin pi djanm gras ak remak ak sijesyon ansanm ak bon ti leson pwofesè yo pral pataje youn ak lòt nan rezo lekòl yo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Istwa Lekòl Kominotè Matènwa kòmanse nan sezon prentan 1995. Yon maten, nan yon estasyon bis, sou Wout Nasyonal #1, nan zòn Site Solèy, pandan Abner Sauveur t ap antre Pòtoprens soti nan zile Lagonav. Li kwaze ak Chris Low ki te sou wout pou l ale nan zile a. Chemen yo te kwaze pou premye fwa. Okenn nan yo pa t konnen yo t ap pral fè yon vwayaj ansanm pandan plis pase 20 lane, kote yo rive bati yon lekòl modèl k ap chanje edikasyon ann Ayiti pou tout tan. Pandan Lekòl Kominotè Matènwa ap devlope yon enstiti pou ansèyman ak aprantisaj, li vle amelyore fason pou anseye pwofesè. Li vle esplike metòd ki dwe antre nan nannan atelye lekti ak ekriti. Li prezante klè kou dlo kòk etap ki genyen nan ansèyman lekti ak ekriti, epi li rasanble kèk ti leson ki ka sèvi kòm modèl.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments