Se Djeride Jean-Baptiste ki ekri blòg sa a
epi se Pwofesè Michel DeGraff ak Doktoran Negaud Dupenor ki revize l
Dosye konstriksyon kanal sou rivyè Masak nan vil Wanament nan lane 2023 te mete 2 fòs nan twoke kòn :
1) awogans gouvènman dominiken an ki toujou panse yo ka itilize Ayiti pou geri bosko yo nan fè « politik » — se sa nou wè tou nan peyi Etazini kote kandida Donald Trump ak J.D. Vance ap bay manti kòm ki dirè Ayisyen ap vòlè zannimo domestik tankou chat ak chen pou n manje yo ;
2) rezistans pèp ayisyen an ki toujou ap goumen pou jwenn chemen libète ak diyite.
Kit se prezidan dominiken Luis Abinader, kit se Trump ak Vance, sanble yo panse kanpay anti ayisyen sa yo ka ogmante popilarite yo. Nan dat 11 septanm 2023, Abinader te deside fèmen fwontyè ak Ayiti kòm mannèv ak estrateji presyon pou anpeche konstriksyon kanal la. Sou bò Ayiti a, se te sosyete sivil la ki te kanpe pou reziste, òganize li an konbit epi avanse nan konstriksyon ak finalizasyon kanal la.
Doktè Berthrude Albert (« Dòk B ») se youn nan pèsonaj k ap rete nan lespri tout Ayisyen pou jan li te angaje li nan rezistans sa a. A travè angajman li nan mobilize moun ak resous, li vin reprezante youn nan lidè ke sosyete a ap swiv. Se kon sa Dòk B vin kreye yon konbit ki rasanble Ayisyen anndan ak Ayisyen nan dyaspora. Konbit la vin reyalize yon « kanal endepandans » pou libète, diyite ak respè tout Ayisyen.
Nan yon chita pale Dòk B te fè ak Pwofesè Michel DeGraff, li pale de esperyans li kòm yon Ayisyen k ap viv nan dyaspora nan Florid e ki te deside pote solidarite li ak pèp ayisyen. Nan dyalòg sa a, li analize kèk aspè enpòtan nou ka apwofondi k ap ede nou konprann pi byen rezistans ak estrateji konbit nou dwe itilize pou n kontinye kanpe an fas Repiblik Dominikèn ak lòt fòs gwojemonik ki toujou vle itilize Ayisyen kòm bouk emisè.
Ki moun Doktè Berthrude Albert ye ?
Dòk B se yon Ayisyen natif natal ki fèt nan vil Okap. Li te gen mwens pase yon lane lè li te kite Ayiti pou l al viv oz Etazini ansanm ak fanmi li. Li grandi nan Eta Florid kote li fè tout etid li soti nan preskolè rive nan inivèsite. Se apre li fin fè doktora li nan Inivèsite Florid, li te deside retounen Ayiti pou l ede nan bati yon pi bon peyi. Se nan menm pèspektiv sa a li menm ak bon zanmi li, Priscilla Zelaya, te fonde P4H. Misyon P4H se « fòme pwofesè pou transfòme Ayiti ». Anndan P4H, Berthrude ak lòt kòlèg li yo kwè edikasyon se youn nan mwayen ki ka ede Ayiti avanse sou wout chanjman ak devlopman. Se menm volonte sa a ki te mennen l nan pote kole ak konpatriyòt li yo nan konstriksyon kanal la. Kanal sa a se pou wouze jaden epi ranfòse agrikilti rejyon nòd ès ak rès peyi a. Ekip MIT-Ayiti a panse istwa ak fonksyonnman kanal sa a ka ede elèv yo dekouvri ki jan edikasyon ak agrikilti reprezante 2 soupap k ap ede Ayiti rale yon souf epi drese eskanp figi l devan Repiblik Dominikèn ak rès monn lan.
Enpòtans lang kreyòl la nan konstriksyon kanal la
Dòk B te kontan wè ki jan lang kreyòl la, san di petèt, te sèvi kòm zouti prensipal pou tout kominikasyon ki te fèt nan pwojè konstriksyon kanal la. Lang kreyòl la reprezante youn nan motè mouvman an paske se te sèl lang ki te sèvi sou chantye a. Tout patisipan yo, soti nan enjenyè rive nan ouvriye k ap travay nan mòtye, te kominike an kreyòl ; sa ki montre lang kreyòl la se vrèman sèl grenn lang ki « simante tout ayisyen ansanm », jan Konstitisyon 1987 la rekonèt sa. Malgre gen yon ti pousantaj moun nan peyi a ki pale lòt lang, esperyans sa a te demontre enpòtans kreyòl la kòm premye zouti pou rasanbleman ak pwogrè ann Ayiti — sitou lè n konsidere Kanal Wanament la se pa sèlman yon mwayen pou irigasyon, men tou, se yon senbòl endepandans ak souvrènte pou Ayiti. Itilizasyon lang manman nou pou n kominike kòm sa dwa demontre ki jan kreyòl la se yon vrè kòn lanbi pou rasanble tout fòs viv nasyon an.
Pèp souvren an gran moun tèt li
Senbòl rezistans sa a sou Rivyè Masak la ka ede nou remonte nan listwa pou n sonje rayisman lakay Rafael Leonidas Trujillo ki te bay lòd pou masakre plis pase 30 000 ayisyen bò Rivyè Masak nan lane 1937. Mouvman kanal la se manifestasyon dwa moral pèp ayisyen an ki vle transfòme move souvni zak sanginè sa a bò Rivyè Masak. Sa se egzanp mouvman pasifik kont rayisman — rezistans san vyolans. Dwa moral sa a konsènan Rivyè Masak fè Dòk B sonje yon pawòl papa l te di nan yon entèvyou : « Gen yon lè Rivyè Masak la te pran san Ayisyen ; jounen jodi a, menm rivyè sa a ta dwe bay Ayisyen lavi ». Ki donk, enplikasyon Berthrude nan dosye sa a jwenn motivasyon li nan ede pèp souvren an transfòme senbòl ki charye nan Rivyè Masak la — soti nan « reprezante yon rivyè lanmò pou fè l tounen yon rivyè lavi, rezistans, libète ak diyite ».
Youn nan bagay ki te make esperyans Dòk B se kapasite rasanbleman sa a Ayisyen alawonn Badè te demontre pou pote solidarite ak moun Wanament. Nan konbit sa a, Ayisyen te soti nan chak kwen peyi a, tankou Jeremi, Pòtoprens, Jakmèl ak nan plizyè peyi nan dyaspora a.
TikTok, yon espas ki ka mobilize konsyans pou konbit
Nan lane 2022, Dòk B te deside kreye yon paj TikTok. Paj sa a te gen kòm misyon pou l pale de Ayiti epi montre bèl bagay ki genyen nan kilti ak istwa peyi a. Sou TikTok, Dòk B te jwenn yon bèl akèy nan kominote a paske depi nan premye mwa a kont lan te deja gen 10 000 moun ki abòne e ki te demontre enterè yo genyen pou yo aprann plis sou Ayiti.
Twa lane apre, Dòk B pral itilize enfliyans li sou rezo sosyal yo, espesyalman sou TikTok, pou l mobilize anpil Ayisyen tou patou nan chache resous pou bay kanal la bourad. Depi sou premye videyo Dòk B te fè sou vizit li nan kanal la, li te resevwa plis pase 18 mil dola ameriken. Nan sèlman 2 semèn, li te rive kolekte anviwon 114 540 dola ameriken. Sa te tou ede l konprann ki jan dyaspora a swaf yon chanjman pou Ayiti ; se sa ki fè yo kouri reponn prezan nan konbit pou kanal la.
Kanal la : yon sous lespwa
Konstriksyon kanal la te ede Dòk B konprann ki jan, nan kiltive lespwa ak tèt ansanm, Ayiti ka chanje malgre kontèks la parèt difisil. Nan dosye sa a, Repiblik Dominikèn te simen anpil po fig an ba pye pèp ayisyen pou anpeche moun Wanament itilize dwa yo genyen pou yo esplwate dlo ki nan Rivyè Masak la. Malgre Dominiken yo te deja gen 11 koneksyon nan Rivyè Masak la pou yo wouze jaden sou teritwa pa yo, yo te vle pran tout pou yo nèt. Ebyen, fas ak mannèv gwojemonik sa yo, lespwa ak solidarite se zouti prensipal pèp ayisyen an nan konba kote y ap fè fas kare ak fòs fè nwa yo.
1804 dwe kontinye enspire nou kòm pitit Zansèt nou yo
Dòk B kontinye ap voye mesaj lanmou ak espwa pou tout Ayisyen. Malgre sitisyasyon an difisil, chak grenn Ayisyen ta sipoze kontinye jwenn enspirasyon nan zansèt nou yo ki te goumen nan revolisyon 1791–1804 la. Yo pa t janm abandone rèv pou nou te vin gran moun tèt nou. Ebyen, menm jan zansèt yo te kwè yo te kapab kreye yon nouvo reyalite epi yo te goumen pou sa, se menm jan an tou, an 2024, nou ta dwe pran enspirasyon sou sa yo te fè ak sou fason yo te kwè nan rèv yo. Ak enspirasyon nou ki baze sou sa zansèt yo te fè, nou ka fè plis toujou pou Ayiti fleri.
Bò kote pa li, Dòk B gen ase kouraj ak detèminasyon pou l kontinye ede nan chanjman Ayiti. Kon sa tou, li envite tout pitit peyi a kontribye nan konbit pou chanjman sa a. San di petèt, li rekonèt wout la p ap fasil paske fòs fè nwa gwojemonik yo anpil. Men, sou wout rezistans ak chanjman sa a, « pou Ayiti pa peri, kanal la pa dwe kanpe ». Li enpòtan anpil pou tout pèp ayisyen an kontinye idantifye alye sa yo k ap batay pou peyi a tout bon vre. Doktè Berthrude Albert se youn nan alye sa yo. Wout la ap long anvan n rive jwenn viktwa sa a. An n rete vijilan pou yo pa devye mouvman rezistans sa a. An n ranfòse chenn solidarite a pou n konsève endepandans nou epi sove peyi nou an ba fòs Lagrandyab yo.
An n kontinye fouye zo nan kalalou sou dyalòg la
A. An n chèche konprann kèk espresyon ak vokabilè
1. Ki definisyon nou ka bay pou espresyon sa yo ?
a) Geri bosko an) Bouk emisè b) Simen po fig an ba pye |
2. Ki definisyon n ka bay mo sa yo?
a) soupap an) gwojemoni* b) irigasyon |
* Nan lyen sa a, Pwofesè Michel DeGraff esplike orijin mo : « gwojemoni » a.
AN. An n fè yon ti analiz
3. Nan plan leson sa a ki te pibliye sou Platfòm MIT-Ayiti nou te analize konsèp Gaslighting (gaslayting) lan ak jan yo konn itilize l nan politik. Youn nan egzanp nou te pran se te diksou prezidan Luis Abinader nan Asanble Jeneral Nasyon Zini, nan Nouyòk, kote li te akize Ayiti kòm ki dirè nou se yon peyi k ap degrade anviwonnman an alòs ke Ayiti pa gen ni gwo endistri ni gwo faktori ki nan kategori sa a anpil syantifik rekonèt ki gen anpil konsekans negatif sou anviwonnman an. Nan lane 2024, kandida pou prezidan ak vis prezidan oz Etazini, Donald Trump ak J.D. Vance, akize Ayisyen kòm ki dirè n ap vòlè zannimo tankou chat ak chyen pou n manje.
- Lè n analize 2 gwo manti sa yo, ki opinyon pa w sou yo ? Ki sa yo genyen an komen nan menm lojik gaslayting lan ?
- Lè n konsidere fason Dòk B patisipe nan konstriksyon kanal la, ki kalite nou remake lakay li kòm yon Ayisyen natif natal ki ka ede nan demanti pawòl piman bouk sa yo kont Ayiti ?
- Ki jan n panse Dòk B ka kontinye enspire jenerasyon ayisyen k ap vini yo pou yo afwonte sistèm gwojemonik sa yo ?
4. Jan nou te esplike sa nan blòg la, nan plizyè moman nan istwa li, Ayiti konn rive nan kafou kote se sèl konbit ki ka pote solisyon. Sa konn toujou mande yon tèt ansanm kote konsèp #ToutMounSeMoun lan parèt klè devan je tout moun. Kon sa, fanm ak gason toujou chèche yon fason egal ego pou yo travay pou peyi a. Nan chante li ki rele « Manman Bon Dye » Atis Sherlee Skai eseye demontre wòl esansyèl fanm jwe nan konbit sa yo. Lè n gade enplikasyon Dòk B nan mouvman kanal la, èske li raple nou kèk non fanm ki te jwe yon wòl enpòtan nan mouvman liberasyon Ayiti pandan istwa li ? Si repons ou pozitif, esplike resanblans lan.
5. Dòk B bay yon bèl egzanp sou fason nou ka sèvi ak medya sosyal yo pou n kreye chanjman pozitif. Èske nou ka ofri 2-3 lòt egzanp itilizasyon rezo sosyal yo ki ale nan menm sans lan ? E ou menm, èske w deja ap patisipe nan yon mouvman sosyal ki itilize teknoloji nimerik sa yo — tankou TIk Tok, Facebook, Instagram, X/Twitter ak WhatsApp ? Si wi, esplike objektif mouvman sa a e ki jan w sèvi ak medya sosyal yo pou w reyalize objektif sa yo. Si non, prezante nenpòt ki lide ou genyen sou sa kòm sitwayen konsekan.