Twòkèt : «Teknoloji nan lakou a egal peyi lòk»

Comment Icon 0 Favorite Icon 0
« Peyi a lòk, li lòk nèt. Lakou a mande pasaj. Se inegalite vant deboutonnen ki remèt La pèl dè Zantiy. Men, kòm demokrasi vle di tout moun se moun, e si tout moun sèvi ak WhatsApp, eben : peyi a lòk. Mwayen kominikasyon yo oblije fè sèvis lakou a ak lwa li yo. Sinon, yo mèt sote ponpe, lantèman yo pou katr è, paske finalman lakou a gen mwayen pou mete fòs li an batri. » – Jean Casimir

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.

Twòkèt : « Teknoloji nan lakou a egal peyi lòk »
(An ba twòkèt la, gen yon aktivite aprantisaj ki pou ede elèv yo sèvi ak teknoloji kòm « lanbi modèn »)

Soti 1697 rive 1804, Sen Domeng rele Lafrans chè mèt chè metrès. Lè sa a, peyi a pa ka peple ak moun ki fèt sou plas, si tèlman travo fòse estwopye kaptif yo. Moun ap miltipliye kon machandiz nan mache kote bandi ap vann kaptif ke yo kidnape. Chak ane, Lafrans achte plis malere nan Ginen ; ki fè toujou gen plis bosal pase nèg kreyòl nan peyi a. Nan sèvi ak moun kòm machandiz, Lafrans kale banda ak Pèl dè Zantiy.

Ansyen nou yo peye pri chèlbè sa a. Pou Lafrans pa toufounen yo nèt, y obeyi lòd li ba yo.  Kon sa, yo fè lè jis yo dekouvri kouman pou yo chape an ba malfezans. Yon bò, y aprann sa Lafrans vle ; yon lòt bò, yo pran pasyans pou moun nan lakou a ka pwoteje tèt yo, ann atandan lè pou yo antre nan batay.

Kon dezòd koumanse sakaje Sen Domeng, Lafrans sètoblije anplwaye nèg peyi pou ede l kraze zo malere. Pi ta, li chwazi en pe nan sèvitè sa yo, voye yo etidye a Pari. Pitit Tousen (Toussaint) ak pitit Kristòf (Christophe), ansanm ak Rigo (Rigaud), Jilyen Remon (Julien Raymond), Vensan Oje (Vincent Ogé), Bwaye (Boyer), Jeren (Gérin) e latriye vin fè yon ekip gwo nèg ki pa janm gen chenn nan pye yo, e k al etidye kouman pou yo fè peyi a mache nan gou Lafrans.

Sant an apre, an 1884, lè Pati Nasyonal ap twoke kòn ak Pati Liberal, yon kokenn gason kon Lwi Jozèf Janvye (Louis Joseph Janvier), nan yon liv li rele Ayiti se pou Ayisyen li ye Haïti aux Haïtiens ekri san detou : « Nou bay Lafrans sèvo pitit nou yo pou li meble yo ». Sa nèg aprann lekòl − kit se nan tan lakoloni, kit se nan lise leta, kit se nan lekòl pawasyal, kit se nan lekòl prive − se kouman pou yo viv epi gouvènen a pati de prensip Lafans trase. Sa se rezilta eskolarite, ki pa gen anyen a revwa ak jan moun nan lakou lakay elve nou. Lekòl aprann nou obeyi anvan blan bezwen bimen nou ak kout baton ou byen ak kout kannon.

Plis nou sèvi ak zouti blan franse envante pou mete nou nan chenn, plis sitiyasyon peyi a makawon. Grenn pa grenn, nou ka rale kò nou an ba malsite kòm fòmann, a kondisyon n asepte pou sè n, frè n, kouzen n, vwazen n pran plas nou sou chantye blan. Moun ki sot gayan : se blan, se pa ras nou. Nan kout kat la, blan ret an lè, l ap mouri an lè. Se lave men, siye atè.

A pati de 1915, blan meriken pran peyi a pou li. Yo vannen moun an deyò ki te pran zam dèyè Chalmay Peralt (Charlemagne Péralte) ak Benwa Batravil (Benoit Batraville). Yo bay legliz sipò li te bezwen pou kraze tout demanbre ki tonbe an ba je li. Y ede pwotestan anvayi tout rakwen Ayiti. Epi yo pouse moun nan lakou lakay vin wont tradisyon yo, epi rejete yo san pèdi tan.

Pandan blan ap avili abitan ak ansyen yo, drapo rezistans kont abi k ap fèt sou malere vin tonbe nan men jèn jan lavil. Men, sa y aprann nan lekòl tèt an ba a vin detounen jefò yo. Nou viv grèv Damyen an 1929, grèv Lise Petyon ak Revolisyon an 1946, grèv lekòl de Medsin an 1960, geriya mesye dam Jèn d Ayiti yo an 1964, geriya Kominis Kazal yo an 1967 epi opozisyon kantite kamoken. Malgre tout sakrifis yo fè, mizè pèp souvren an pa fè yon pa ann aryè.

Sa n aprann nan men blan, soti 1697 rive jodi a, pa ede peyi a soti nan mizè malouk. An 1791, ak Boukmann (Boukman) epi lòt mawon yo ; an 1816, ak Goman ; an 1843, ak Akao (Acaau) ; ak Salnav (Salnave) an 1868 ; moun ki leve tèt yo pa tann blan montre yo sa pou yo fè. Nan epòk Prezidan Salomon, blan ap depatcha se tout peyi ann Afrik kon ann Azi san pitye. Lè alèkile Meriken fèmen bouch malere ak Gad d Ayiti, ak ki fòs de twa ti elèv lekòl ak etidyan pral pran mayèt la pou yo pwoteste ? Gad d Ayiti, Lame d Ayiti epi Tonton Makout fizye jenès la malman ata sou laplas piblik, devan je tout moun.

Sa blan fè malere ann Ayiti, kon aletranje lakay li, pa rive nan zòrèy pèp souvren ni isit ni lòt bò dlo. Se teknoloji ki vin jete yon pon ant lakou ak lekòl, ant isit epi lòt bò dlo.  Ak presyon pèp souvren ann Ayiti, lang manman nou antre lekòl avèk Refòm Bèna (Réforme Bernard). Apre sa, gras a ti legliz epi radyo tranzistò, tout pawòl serye ki pou pale vin oblije ap pale nan lang manman nou an. Ki fè kreyòl fini pa pran plas piblik la pou li.

Lè alèkile WhatsApp vin ranplase radyo tranzistò nan fè lide sikile, epi lè yo kouri disparèt ak lajan Petwo Karib Venezwela fè nou kado a,   sa tou ban nou peyi lòk. Soti Tibiwon rive Bèlans, soti Bèlans monte Jan Rabèl, chavire Wanament, desann Hench ak Mibalè, jis ou tounen Bèlans ak Tibiwon, Pèp Souvren fèmen peyi d Ayiti. Pèsonn pa ka anpeche l kontwole peyi l. Li mande règleman, kòm sa dwa, suivan prensip li menm li trase : Tout moun se moun.

Ki donk, alèkile lekòl gen pou sispann aprann moun toupizi malere parèy yo. Nou fatige ak radyo epi televizyon k ap pale pawòl de grenn gòch. Peyi a pa ka gouvène jan chèf yo te konn fè l. Yo mèt mete tout kantite Minista (MINUSTAH) y anvi, yo pa ka fè eleksyon seleksyon ankò. Tout moun konnen y ap manti kon chen.

Peyi a lòk, li lòk nèt. Lakou a mande pasaj. Se inegalite vant deboutonnen ki remèt La pèl dè Zantiy. Men, kòm demokrasi vle di tout moun se moun, e si tout moun sèvi ak WhatsApp, eben : peyi a lòk. Mwayen kominikasyon yo oblije fè sèvis lakou a ak lwa li yo. Sinon, yo mèt sote ponpe, lantèman yo pou katr è, paske finalman lakou a gen mwayen pou mete fòs li an batri.

Tanpri, rete branche epi angaje. N ap kontinye brase lide nan pwochen atik yo.

Egzèsis : sou « Teknoloji nan lakou a egal peyi lòk »

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments