Twòkèt : «Tout moun se moun»

Comment Icon 2 Favorite Icon 0
« TOUT MOUN SE MOUN ; men, kominote yo pa makònen menm jan. Yo pa bay menm kalite moun. »

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.

Tout Moun Se Moun
(An ba twòkèt la, gen yon plan leson ki pou ede lektè yo pwofonde konsèp « Tout moun se moun » nan kontèks neyo kolonyal la)

Kristòf Kolon vin isit la, l ap chache « Endyen ». Se gran nèg, fòk se « Endyen » pou l jwenn. Li pa ta ka jwenn Tayno, Karayib, Aztèk, Iwokwa, Mapouche. Li jwenn « Endyen » tout kote. Alèkile, manman Tayno, Karayib, Iwokwa… pa t akouche ras yo bay pou « Endyen » an. Men, sa se detay pou Kristòf Kolon. L ap chache Endyen. Kot Endyen yo ap soti, si se pa nan rapò Kristòf Kolon ak Tayno, Aztèk, Iwokwa…, moun ki pa janm kontre Kristòf Kolon. Kouman yo fè konnen, pou yo pa asasinen yo, fòk yo konsidere tèt yo kou Endyen ? Y ap konn sa kou yo goute epe leta bay Kolon, boulèt kannon li, kwa li met sou do yo. 

Pou Tayno, Aztèk, Iwokwa, Mapouche, Enka…, se pa Endyen ki peple Lamerik. Se Lamerik ki kale Endyen. Se rapò ki pral tabli ant leta ak moun ki t ap viv la a deja, se li ki pral fè Endyen donnen kou djondjyon nan teritwa Kolon ap dekouvri. Leta rive fè sa ak gwo ponyèt li : fòs pouvwa li, jan li fè kòb ak wòl kòb lakay li, jan li mete konesans, jan li redefini sa li jwenn sou latè epi reyòganize sosyete a, ak jan li wè kretyen vivan oz alantou li. Leta pa bezwen konn ki sa ki pase anvan li rive. Li aplike isit la sa li wè lakay li, jan l wè l la, e jan l ka wè l la.

Leta modèn envante « Blan ». Li disparèt Tayno, Aztèk, …, li kreye « Endyen » ak men l. Kote Endyen pa kont pou fè sa l bezwen, li fè « Nèg nwè » ak de men l tou. Pawòl de Bambara, Awousa, Ibo, Nago, Kongo…, se pawòl nan bouch, van. Li wè Nèg nwè nan tout Lafrik la. Leta akouche Lamerik, l akouche Lafrik, l akouche Endyen, l akouche Nèg nwè, l akouche Blan. L akouche « RAS » nan mitan moun. Li rive kreye sa k pa t egziste anvan li debake, anpile machandiz epi devlope konmès. 

Pou l ka rasanble machandiz mete sou karavèl li, li pa bezwen separe malere li kontre. Tout se Endyen ou byen Nèg nwè k ap ponpe machandiz pou kòmèsan. Tout travay ki pa ale nan sans sa a, se pèt de tan. Si Endyen ak Nèg nwè fè yon travay ki nan avantaj tèt pa yo, se yon travay rebèl, yon travay mawon ki pa travay tout bon. Travay ki rele travay dwe remèt machandiz, machandiz ki bay plis machandiz, ki pa pèdi tan ak rans ki pa itil pou fè kòb. 

Endyen nan peyi nou yo pa janm konnen yo soti oz End. Yo konnen yo fèt yon kote genyen nan yo ki rele li « Abi Ayala », dòt rele li « Do Tòti », dòt rele li « Lagran Komaka ». Moun lakay nou te konnen yo fèt ann Ayiti epi, yon jou kon sa, y aprann se Ispanyola osnon Sen Domeng y ap viv. Nèg nwè ann Ayiti konnen yo soti nan Ginen. Pawòl de Endyen, Nèg nwè, Blan, Amerik, Afrik, Sen Domeng,  se pawòl yo tande nan bouch leta modèn. 

Manman nou te akouche Tayno, Aztèk, Enka, Iwokwa, Mapuche… paske yo fèt nan mitan moun sa yo. Se fanmi yo, kominote yo, ras yo ki fè yo. Sa nou rele « ras »  se pa sa leta rele « ras ». Blan rele « ras » nèg po blanch li wè ann Ewòp ; nèg po wouj, ann Amerik ; nèg po nwa ann Afrik ; nèg po jòn, ann Azi. Dapre nou, nou sot nan Ginen. Nan Ginen, w ap jwenn Wòlòf, Awousa, Ashanti, Nago, Ibo, Kongo… Se sa k « ras » lakay, oswa nanchon, yon papa fanmi. Tout moun sa yo gen po nwa ; men, sa pa vle di yo sot menm fanmi an. 

Apre Blan rive, Endyen disparèt paske lougawou manje Kasik Anakawona, Gwakanagarik, ak tout ras yo. Epi Blan mete men sou kantite Nèg nwè li ka charye sot nan Ginen. Sa k p ap travay nan min, gen pou monte sou plantasyon. Pou li ka fè kòb, Blan rasanble moun grenn pa grenn, òganize yo syantifikman pou biznis li pa sispann devlope. Kon sa li bati bèl metwopòl san repwòch. Nan koloni yo, ak « endividi » — ki vle di moun li konte grenn pa grenn — li bati yon lòt sosyete, yon rejiman moun ki mache kou yon asosyasyon. Kabrit san gadò sa yo fè metwopòl rich. Yon koloni pa ka endepandan dapre leta modèn ; li rich paske mèt li rich.

Pou nou menm, disparèt pa ka pase pran moun kon sa. Anakawona, Guanagarik ak Tayno yo konte. Ou pa ka sèvi avè yo kou mach pye. Nèg Ginen pa tòchon. Ki donk nannan lide nou, se rapò nan yon kominote ki kreye MOUN — se pa devlopman machandiz ki òganize kabrit san gadò. Moun fèt pou viv byen, jwi lavi a, asire swen youn bay lòt, soutni fanmi an, kominote a, ras la. Se fanmi ki fè nou, ki ba nou lavi. Se pa leta.

Nou jwenn lavi nan kondisyon ki klè. Chache kou nou chache, nou pa ka wè ras Ayisyen nan Ginen, menm si pifò Ayisyen sot nan Ginen. Ras Ayisyen kale nan Karayib la nan rapò Nèg Ginen, Tayno ak Blan mannan. Yo makònen kò yo youn ak lòt ; nan solidarite, yo mete rayisab lakay yo sou kote, pou yo konsantre sou jan y ap konfwonte malè ki pandye sou tèt yo. Yo fonn ansanm pou envante kominote yo, fanmi yo, ras yo : Ayisyen. Nan Ginen oswa lòt kote, menm si sa ta sanble menm kalite moun lan, yo pa makònen menm jan an, an ba menm menas yon papa leta k ap anpeche yo viv depi y ap kale. Tout moun se moun ; men, kominote yo pa makònen menm jan. Yo pa bay menm kalite moun.

Tanpri, rete branche epi angaje. N ap kontinye brase lide nan pwochen atik yo.

Plan leson sa a mache ak twòkèt Tout moun se moun

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Fritz csjuste

Mw te anvi bagay sa a lontan, mw ta renmen ou fè fim ti komik sou endepandans Ayiti a pou timoun yo aprann istwa peyi nou pi byen

Michel DeGraff

Mèsi pou kòmantè sa a. Sa ankouraje nou. Kounye a n ap chache liv ti komik sou istwa d Ayiti pou n mete sou Platfòm lan. Nou gen lespwa n ap rive fè sa byento. Tanpri, kontinye suiv nou.