Twòkèt : «Kreyòl se lavi lakou a»

Comment Icon 0 Favorite Icon 0
« Si ou pa konprann lakou a, ou pa ka konprann istwa d Ayiti » – Pwòf Jean Casimir

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.

Kreyòl se lavi lakou a

Malere k ap kouri pou bandi legal nan 17èm syèk la debake ak sa yo genyen. Yon lo nèg afè pa bon − aryennafè, pirat, vòlè, franse, angle, panyòl, alman − ateri zile Latòti. Yo kreye yon ti repiblik sanzave kote pwotestan, jwif, mizilman ak lafrechè vin chache lavi an pè. Youn nan premye chèf yo se te yon pwotestan Bètran Dojewon (Bertrand D’Ogéron) ki t ap eseye jwenn yon kote Legliz Katolik pa nui sante yo. Pou yo defann tèt yo, fò yo antann yo epi fò yo pale ak lòt moun yo vin jwenn nan peyi a. Kon sa, yo met an plas materyo pou lang ki pral ede yo kominike nan kominote yo tabli nan Latòti a.

Lè sa a, pa t gen lang ofisyèl okenn kote. Se lè peyi Ewopeyen yo kòmanse ap rich gras a kòb yo ranmase ann Amerik, leta « modènize », epi vin enpoze lang biwokrat yo kòm lang tout moun fèt pou pale. Anvan sa, chak bouk nan chak rejyon pale lang pa li.

Kreyòl pa franse mawon. Lè kreyòl kale nan Sen Domeng, blan franse pa pale franse. Yo pale gaskon, nòman, breton, oksitan, alzasyen, walon, flaman, langedòk, langdòy, pwovansal, kòs, loren, e latriye… Lè an 1789 Lafrans ap pran dife, Abe Gregwa (Abbé Grégoire) ekri se apèn si 3 sou 4 blan franse te ka pale yon ti kras franse ; epi, se yon zuit pami 3 sou 4 sa yo ki te pale l kòm sa dwa.

Si an Frans, blan franse pa pale franse, kouman pou nèg nan Sen Domeng ta pale « franse mawon ». Kote pou yo ta jwenn franse a, jis tan pou yo ta defòme l ? Se lè blan franse fin piye koloni yo, ak kòb li ranmase, li devlope bò d mè lakay li, òganize endistri, ranfòse leta, pare kò li pou mete men sou koloni ann Afrik ak ann Azi. Lè sa a, minis edikasyon Jil Feri (Jules Ferry) òganize lekòl primè nan tout peyi Lafrans. « Dyalèk » (egal : varyete lang) moun Pari anvayi peyi a. Se lè sa a lang franse blayi, an pasan pa lekòl primè. Si tèlman vre, lè Lafrans ap goumen ak Almay an 1914, te gen sòlda franse ki pa rive konprann youn lòt — nan 20èm syèk la !

Konklizyon : Franse se lang yon administrasyon piblik ki dappiyamp yon peyi, e se leta ki enpoze l Lafrans ak nan tout koloni l yo. Kote w pase, lang franse, ansanm ak ajannda leta, soti an wo desann sou malere. Malere ki pa pase lekòl soufri ak lang kolonyal sa a, nan tout peyi.

Ti Ayisyen, sof dez ou twa moun lavil, maton nan lang manman yo anvan yo antre nan franse a. Ki fè se kreyòl la ki akouche franse lakay, se pa alanvè. Pou Ayisyen ta pale franse mawon, fò li ta kontre ak moun ki pale franse. Lè konpayi kòmèsyal yo devlope plantasyon, angaje ki soti nan bafon Lafrans pa pale franse. Se yo ki responsab fè prizonye afriken yo travay. Nan kominike ak Afriken yo, yo pa ka anpeche tèt yo transmèt tout esperyans mizè y ap manje depi nan peyi yo. Soufrans malere ann Ewòp vin fè youn ak doulè bosal yo pandan lang kreyòl la ap pran nesans nan fwote lide pami angaje, blan mannan ak tout lòt malere ak kaptif.

Se sa ki fè tout konesans nou sou istwa ak sosyete peyi d Ayiti kòmanse nan konesans nou charye nan lang kreyòl la.  Kreyòl la se baz tout etid sou istwa ak sosyete peyi a.  Se sous tout ipotèz.  Si w pa ka di yon bagay an kreyòl sou istwa peyi a, ou mèt bliye l, li pa bon.

Lè plantasyon digo, kafe ak koton layte kò yo nan peyi a, malere pa ka peple tèlman yo travay san pran souf. Chak ane ki pase, leta gen pou l fè achte pi plis bosal pou travay tè. Ekonomi plantasyon se ekonomi ki pi modèn sou latè lè sa a ; li pa tankou ekonomi Lafrans ou Lalmay kote chak bouk viv apa epi pale lang pa li. Rive fen 18èm syèk la, tout moun Sen Domeng genlè konprann menm kreyòl la, malgre ti diferans ki genyen ant chak zòn.  Atlas Lengwistik Ayiti a dokimante varyasyon sa yo.

Kon sa, lang peyi a fòme lontan anvan franse leta a pèse ladann. Baryè ki separe kreyòl ak franse double mi ki separe lavi nan lakou lakay ak lavi leta vle foure nan lestomak nou. Lè Makandal (Mackandal), Goman, Chalmay Peral (Charlemagne Péralte) oswa « peyi lòk » ap konspire pou delòk libète, se pa an franse yo mare konplo. Se an kreyòl. Jis jodi a, depi ou sou laplas piblik, ou pa ko nan revolisyon. Se yon pasaj enpòtan ; men, se la tou leta pare pou l manje w.

Alèkile, kote fò w negosye ak etranje, kote ou pa ka lage franse a (nan ministè « afè etranjè » ak komès entènasyonal, pa egzanp), se ak lang enperyal pou w sèvi. Pifò entelektyèl, pwofesè, minis, jij, avoka, e latriye pa ko rive kouche sou papye lang ki pale nan lari a. Se pa yon kesyon si lang lakou a ka antre nan inivèsite, lekòl, ministè, tribinale latriye.  Ou ka di an kreyòl tou sa w vle di, san di petèt.

Men, se kalkile pou n kalkile ki avantaj, ki metòd ak ki mwayen pou kreyòl la anvayi kote li pa ko pèse yo — sizoka li bezwen pèse kote sa yo. Lavi ap chwazi ki lè e ki kote pou nou mete akseleratè a oswa pou nou sèvi ak fren epi fè woulib. Kote ki pa soufri diskisyon, se politik. Ann Ayiti, pouvwa pa ka jere si se pa an kreyòl. Se la pèp souvren pran lapawòl. La a, fò nou pati a tout boulin. Sansib pa jwe sou tèren sa a.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments