Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a pou l ede ti moun yo aprann sou peyi yo pandan y ap jwe ak poupe ki nan liv la. Pandan y ap dekoupe kèk imaj nan liv la pou yo abiye poupe a, y ap tou aprann kèk enfòmasyon sou Ayiti. Yon lòt liv poupe nan seri sa a se Gason gwayabèl.