Ana konprann senk sans yo

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv sa a se nan seri Ana ak Tiga sou aprantisaj sosyal ak emosyonèl ki kreye bon jan ankadreman pou ti moun ann Ayiti. Nan liv sa a, Ana konprann senk sans li yo, ki se : wè, santi, tande, goute, manyen. Epi li vin konprann ki jan l itilize tou lè senk sans li yo tou lè jou. Epi li tou rive konprann relasyon ki egziste ant senk sans yo ak ki jan yo youn soutni lòt pou ede l metrize yon sitiyasyon, sitou lè l dwe pran desizyon. Konesans sou senk sans yo ak itilizasyon yo enpòtan anpil pou ede ti moun yo metrize anviwonnman yo ak tout sa k ladan l.

Platfòm MIT-Ayiti ap remèsye Global Center for the Development of the Whole Child nan University of Notre Dame k ap pwodui liv tankou Ana ak Tiga pou ti moun yo rive grandi tèt an wo.

Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments