Yon ti moun k ap reve

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Yon ti moun k ap reve se yon bèl istwa sou rèv, pasyans, travay ak pèseverans. Pawòl otè a, Cindy Similien, ansanm ak desen ilistratè a, Jeric Tan, bay liv la bèl jèvrin. Menm lè se pa tout rèv ki ka tounen reyalite, istwa sa a se yon mesaj ki ka enspire epi ankouraje tout ti moun ak tout kominote tou patou sou latè beni : « Ak pasyans, travay, konstans epi pèseverans, mwen ka reyalize tout objektif ak tout rèv mwen ! »

Plan Leson

Kesyon pou lektè yo :

  1. Ki rèv ou ? Ki sa w vle ye lè w vin pi gran ?
  2. Ki sa w panse w dwe fè pou w rive reyalize rèv ou ?
  3. Èske w konnen yon moun ki se doktè, ekriven, botanis, zowològ, pwofesè, e latriye ? Tanpri, mande yo ki sa yo te fè pou yo rive reyalize rèv pa yo.
  4. Èske se tout ti moun tou patou ki gen menm opòtinite pou yo reyalize rèv yo ?
  5. Ki lòt metye, ki pa nan liv la, ou panse ki nesesè pou n transfòme mond lan e pou n ede pi plis ti moun reyalize rèv a yo tou ?
  6. Ki lòt fason ou panse youn ka ede lòt nan jefò n ap fè pou n reyalize rèv nou pou yon demen miyò ?

Cindy Similien se yon otè Ayisyen-Ameriken ; yon anbasadè kiltirèl ; yon lidè nan kominote li. Deviz li se : « Viv pou renmen ; travay pou amelyore lavi lòt moun ; epi kreye eritaj ». Li etidye literati angle ak kreyasyon literè nan Barnard College – Columbia University.

Jeric Tan se yon ilistratè ki soti nan peyi Filipin.  Misyon l se fè desen ki enspire lajwa ak kreyativite — pou ti moun yo ka reve bèl vizyon pou demen miyò tou patou nan mond lan. Jeric Tan kolabore ak CSJ Media Publishing pou l ede Cindy Similien reyalize rèv pa l tou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments