Enpak lang manman sou aprantisaj syans ak matematik

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Kreyòl se lang majorite Ayisyen pale epi konprann pi byen. Se pou sa yo toujou di : « Kreyòl pale, kreyòl konprann ». Malgre tout moun klè sou sa, nan tout espas ofisyèl yo se fransè yo bay priyorite nan peyi d Ayiti. Lekòl ann Ayiti pa epanye ; depi lontan, pratik lang fransè a se li menm tout lekòl kenbe. Poutan, itilizasyon yon lang etranje kòm priyorite nan sistèm aprantisaj yon peyi, sa se  pa yon bagay ki efikas ditou pyès.  Objektif rechèch sa a, kote pifò rezilta yo baze sou esperimantasyon, se analize enpak lang kreyòl ak lang franse nan aprantisaj epi ansèyman syans ak matematik.

Se Doktè Tatiana Behrmann (Pwofesè e Direktè nan lekòl Bridge Academy) ki prepare materyèl sa a ki baze sou rechèch li te fè sou lang ak edikasyon ann Ayiti

Daprè rechèch nan liv Theories of Second Language Acquisition, anpil elèv rankontre difikilte lè yo aprann nan yon lang ke yo pa metrize byen e ki pa sèvi nan entèraksyon sosyal yo. Daprè teyori sosyal kiltirèl Vygostky (Lantolf Thorne & Poechner, 2015), entèreraksyon sosyal yo enpòtan anpil pou ede aprenan yo rive  pale yon lang fen e byen. Pa egzanp, si se sèlman anndan sal klas ti moun lan gen kontak ak lang lan, l ap difisil pou l esprime tout sa l vle di ak tout sa l santi. Mete sou sa, nan ka peyi d Ayiti, an n imajine yon senaryo kote pwofesè yo pa gen dwa sèvi ak lang kreyòl la pou yo esplike aprenan yo ankenn konsèp. Kòm se kreyòl la ki se lang ni aprenan, ni anseyan pale pi byen, sa difisil anpil pou elèv yo rive byen asimile konsèp yo, paske yo aprann  konsèp yo nan yon lòt lang (franse) ki pa rele yo chè mèt chè mètrès.

Objektif rechèch sa a, kote pifò rezilta yo baze sou esperimantasyon, se analize enpak lang kreyòl ak lang franse nan aprantisaj epi ansèyman matematik ak syans. Anpil rechèch nan lengwistik (tankou rechèch Michel DeGraff nan Inisyativ MIT-Ayiti ak rechèch Yves Dejean) mete anpil aksan sou enpòtans lang nan ansèyman ak aprantisaj. Se poutèt sa rechèch nou an gen lang kòm prensipal varyab li. Alòs ipotèz nou an chita sou enpak lang matènèl la nan amelyore konpreyansyon ak tretman enfòmasyon nan kad aprantisaj. Nan yon etid nou te fè, nou te travay ak yon gwoup ki gen 246 fi ki soti nan yon lekòl prive. Elèv nan enstitisyon sa a te fè pati 29% moun k ap fè klas segondè ann Ayiti. Pami 139 elèv ki te fè pati echantiyon an, nou te divize yo o aza an 2 gwoup (gwoup estanda ak gwoup esperimantal). Yo te resevwa yon tès ann avans esperimantasyon an (« tès ann avan »)  ; aprè sa, yo te swiv yon kou ; aprè kou a, yo resevwa yon  lòt tès (« tès ann apre »). Elèv nan gwoup estanda a te swiv kou a an franse, sa ki nan gwoup esperimantal la te swiv li an kreyòl.

Kesyon nou te itilize nan rechèch la: 

1-    Ki enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan matematik lè ansèyman an fèt an kreyòl?

H1: Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif  sou siksè akademik yo nan matematik.

H0: Anseye elèv ayisyen yo nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan matematik.

2-    Ki enpak sa ap genyen sou siksè akademik elèv yo nan syans lè ansèyman an fèt an kreyòl? 

H1: Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, ap gen yon enpak pozitif sou siksè akademik yo nan syans.

H0: Anseye elèv ayisyen nan lang matènèl yo, kreyòl, p ap gen ankenn enpak sou siksè akademik yo nan syans. 

3-    Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè lang nan itilizasyon lang nan edikasyon yo?

4-    Kòman itilizasyon kreyòl ap chanje fason elèv yo wè pwòp tèt yo kòm Ayisyen?

Men ki sa nou te jwenn lè nou rasanble done kantitatif ki te rasanble nan entèvansyon sa a. Rezilta analiz yo demontre nòt tès ann avan pou gwoup estanda a (franse) ak gwoup esperimantal la (kreyòl) te distribye nòmalman e yo pa t demontre yon gwo diferans lè se ANCOVA ki te itilize kòm zouti pou analize done yo, paske li kontwole pou valè nòt tès ann avan yo e pèmèt obsèvasyon yon diferans nan nòt tès ann apre yo. Rezilta a konfime gen yon diferans estatistik enpòtan ant nòt tès ann apre gwoup kondisyon franse a ak gwoup kondisyon kreyòl la.

Done kalitatif ki chita sou entèvyou ki te fèt ak patisipan yo te demontre majorite elèv yo te pran konsyans ke premye esperyans yo ak lang se an kreyòl li te fèt (17 sou 20 patisipan).

Patisipan yo te fè nou konnen tou ke premye esperyans yo ak lang franse a se nan lekòl li te fèt e se sèl kote yo itilize li tou. Done sa yo demontre, malgre majorite patisipan yo te santi yo pi alèz, pi an konfyans lè yo sèvi ak lang kreyòl la, yo te rete kwè lang franse a gen plis valè nan lekòl ak nan sosyete a. 

Malgre 56% elèv setyèm ane te dakò yo te esprime yo pi byen an kreyòl e fòk yo tradui panse yo de kreyòl a franse, 50% pami menm elèv sa yo, 58% elèv uityèm ane, e 50% elèv Reto ak Filo te santi etidye an kreyòl pa t ap fè yo jwenn respè nan sosyete a.

Dapre done sa yo, elèv yo genlè panse lang kreyòl la pa gen enpòtans ni nan avansman akademik yo, ni nan avansman sosyal yo. E poutan, rezilta rechèch sa a ban nou done ki mache men nan men ak tout rechèch ki te fèt avan yo : rechèch la demontre an reyalite gen yon diferans enpòtan nan pèfòmans lè se kreyòl ki te itilize kòm zouti pou ansèyman olye  franse. Vreman vre, kreyòl la gen yon wòl enpòtan pou l jwe nan amelyore sistèm edikasyon ann Ayiti.

Jan nou konnen l lan, se depi nan tan lontan, gen anpil prejije kont lang kreyòl la ann Ayiti. Done sa yo demontre aklè ki jan lang ke lekòl yo enpoze elèv nou yo se pa li menm k ap pi byen ede yo reyisi ni nan ativite akademik yo, ni nan sa ki gen pou wè ak devlòpman yo nan sosyete a.

Prejije sa yo kont lang kreyòl la kanpe devan nou tankou yon gwo defi, e tout moun ki gen bon volonte ta sipoze travay pou nou elimine yo nan sosyete nou an, yon fason pou nou valorize sa ki pou nou. Lekòl se premye kote nou ka kòmanse bay ti moun yo konfyans nan tèt yo pandan n ap ede yo kwè nan lang yo pale ak konprann pi byen an. Kon sa, yo ka gen pi plis chans pou yo reyisi e pou yo aksepte idantite yo kòm ti moun ki pale kreyòl kòm sèl lang ki rele yo chè mèt chè mètrès.

Doktè Tatiana Behrmann se yon edikatè k ap travay kòm direktè e manm konsèy pou lekòl Bridge Academy ann Ayiti. Anvan sa, li te pase plis pase 10 lane nan Summer Institute for the Gifted kote li t ap travay kòm pwofesè epi kòm direktè. Aprè tranbleman tè ki te souke Ayiti an 2010, li te deside retounen lakay li kote li te santi li te ka fè yon travay ki gen pi plis jèvrin. Nan menm lane 2010 sa a, Tatiana te pran yon diplòm metriz nan lidèchip jesyon pou edikasyon. Epi se nan lane 2017, li fini etid li nan nivo doktora nan menm branch sa a. Rechèch doktora li se te sou metòd ki ka fè aprantisaj elèv yo vin pi djanm, espesyalman nan disiplin S.T.En.M. yo (Syans – Teknoloji – Enjeniri – Matematik). Tit tèz doktora li se : « Evaluating the Effects of Mother Tongue on Math and Science Instruction ». Li pataje yon rezime tèz la sou Platfòm MIT-Ayiti. Mèsi Dòk Tatiana !

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments