Bèl drapo

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv sa a se bon materyèl pou n pataje nan sal klas pou Fèt Drapo oubyen nenpòt jou nou vle selebre istwa peyi d Ayiti. Li gen 2 aktivite patisipatif ladan : chante « Bèl drapo » ansanm ak fèy pou ti moun yo kolorye. Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki  kreye l. N ap remake, pami imaj drapo yo, gen youn ki montre yon drapo kote 2 moso twal yo (ble e wouj) kanpe vètikal. Enben, sa se aranjman nan premye drapo Dessalines te kreye an 1803 a. Drapo nou rekonnèt jounen jodi a gen 2 moso twal (ble e wouj) ki kouche nan pozisyon orizontal, ble an wo epi wouj an ba ; epi nan mitan gen yon ti moso twal blan ki kare — nan kare twal blan sa a gen yon pye palmis ak bonèt wouj sou tèt li, epi gen zam ansanm ak enstriman mizik devan pye palmis la.

Telechaje Genise - Drapo.pdf

Tande otè liv la, Genise Vertus, k ap chante « Bèl Drapo »

Telechaje chante sa a.m4a

Telechaje videyo Èzili, Nuriel, Elena ak Michel k ap chante « Bèl Drapo »

Leyogàn, Ayiti, me 2021

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments