La Petite Pétra : Choukoun

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

La Petite Pétra se yon seri liv bileng an kreyòl ak franse pou ti moun. Nan liv sa a, otè a, Krystel Armand Kanzki, envite ti moun yo dekouvri « Choukoun ». Se Michel Mauléart Monton ki te konpoze li nan 19yèm syèk sou baz yon powèm Oswald Durand — yon gran sanba ayisyen. Krystel rete kwè, si nou aprann ti moun yo chante chan ki nan fòlklò ayisyen an, sa ap ede yo devlope idantite kiltirèl yo. Nan jou k ap vini yo, n ap kontinye pibliye lòt liv nan seri La Petite Pétra a sou Platfòm MIT-Ayiti a. Mèsi Krystel !

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

TELECHAJE

Krystel Armand Kanzki fèt ann Ayiti e se la li grandi. Li se manman 2 pitit. Li se yon kontab e yon antreprenè. Se depi an 2018 Krystel ap pibliye liv bileng pou ti moun. Se pitit li yo ki te enspire l ekri seri liv bileng La Petite Pétra pou tout ti Ayisyen ak ti kat kat nan lòt nasyon ka pwofite. Mèsi Krystel pou kreyativite w, jenewozite w e pou pataj bèl liv sa yo pou tout ti moun ki ta renmen

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments