La Petite Pétra – Kanaval

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

La Petite Pétra se yon seri liv bileng an kreyòl ak franse pou ti moun. Nan liv sa a, Pétra ak Lili ale nan kanaval pou premye fwa ! Vini avè yo pandan y ap dekouvri bèl kostim, manje bon manje epi, tou, pandan y ap danse nan rit mizik kanaval yo plis renmen ! Nan semèn k ap vini yo, n ap kontinye pibliye lòt liv nan seri La Petite Pétra a sou Platfòm MIT-Ayiti a. Mèsi Krystel !

Telechaje PDF la sou tèt lajè ekran an!

Krystel Armand Kanzki fèt ann Ayiti e se la li grandi. Li se manman 2 pitit. Li se yon kontab e yon antreprenè. Se depi an 2018 Krystel ap pibliye liv bileng pou ti moun. Se pitit li yo ki te enspire l ekri seri liv bileng La Petite Pétra pou tout ti Ayisyen ak ti kat kat nan lòt nasyon ka pwofite. Mèsi Krystel pou kreyativite w, jenewozite w e pou pataj bèl liv sa yo pou tout ti moun ki ta renmen aprann fè lekti (ak matematik tou !) an kreyòl e an franse.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments