Dodo ti pitit manman

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a e ki chante chante ki nan liv la. Dodo ti pitit manman se yon tèks pou ti moun piti k ap aprann fè lekti. Epi ti moun yo ap ka pratike lekti pandan y ap chante ak Genise. Chante sa a fè tèks la vin pi amizan toujou. Epi ti moun k ap li liv la ap kontan wè ti moun parèy yo nan desen yo. Si ti moun yo rive jwenn yon vèsyon enprime liv la, y ap ka kolorye desen yo tou. Nou espere istwa sa a ansanm ak chante a ap fè tout moun plezi — ti moun kou gran moun !

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments