Mwen se yon bèl moun

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Mwa fevriye oz Etazini, se mwa pou n selebre Istwa Moun Nwa. Ki fè n ap pibliye liv sa a sou Platfòm MIT-Ayiti pou n kontinye selebre Istwa Moun Nwa tou lè mwa pandan tout ane a. Wi, se tou lè jou liv Mwen se yon bèl moun ap pataje bèl pawòl ak bèl desen moun nwa. Se kon sa otè liv la, HetHeru AnkhBaRa, ap chante fyète ak bèlte moun nwa. Liv sa a dwe raple nou se tout moun ki moun, se tout moun ki bèl, kèlkelanswa ras yo, koulè po yo oswa lòt aspè fizik yo. Mesaj fondal natal nan Mwen se yon bèl moun se selebrasyon bèlte limanite.

Jemima Morinvil ak Laissa Moïse (2 Grenadyèz nan MIT-Ayiti) prepare 2 plan leson pou akonpaye ansèyman liv la. Premye plan leson an se sou enpòtans melanin epi dezyèm plan leson an se sou kwafi moun nwa kòm richès eritaj nou soti depi Lafrik Ginen.

Liv : Mwen se yon bèl moun

Plan leson : Melanin

Plan leson : Kwafi sa yo pa senp !

Biyografi otè a :

HetHeru AnkhBaRa se yon gran lodyansè ki ekri plizyè liv pou ti moun.  Plizyè nan liv li yo tradui nan plizyè lang.  Chè Manman se premye liv li ki disponib nan kat lang : angle, kreyòl, panyòl ak kiswahili.

HetHeru AnkhBaRa gen yon lisans nan Teyat ak Atizay pou Edikasyon nan Nivo Fondamantal epi tou li pase 2 lane nan pwogram sou Etid Afriken. Li se prezidan direktè jeneral Healing Blue Lotus ; Vis Prezidan Java Star Inc ; responsab pwodui nan konpayi Bee AMAZING Lip Balm ; li gen diplòm nan ansèyman yoga ; li se yon dansè e li se yon aktris tou. Li te grandi nan vil Nouyòk. Kounye a l ap viv nan Central Islip  ki tou pre vil Nouyòk. Li gen twa bèl pitit fi.

Li gen plis pase 18 lane esperyans nan ansèyman. Li anseye ti moun soti nan preskolè rive nan lekòl segondè. Li te kòmanse anseye nan Alèm nan vil Nouyòk epi ann apre li te anseye nan plizyè lòt lekòl nan Nouyòk — nan Bwonks, Kwins, Katye Naso, e latriye.

Li renmen vizite lekòl pou l bay lodyans ak ti moun, pou l li liv pou ti moun yo epi pataje leson ki ka enspire sa ki pi bon e pi bèl pami tout moun !

N ap jwenn pi plis enfòmasyon sou HetHeru AnkhBaRa ak liv li yo sou paj Amazon sa a:  https://www.amazon.com/~/e/B01NCLE5U0

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments