La Petite Pétra – Chif

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

La Petite Pétra se yon seri liv bileng an kreyòl ak franse pou ti moun. Nan liv sa a, Pétra dekouvri chif, epi ti moun yo ap jwenn kaye egzèsis k ap ede yo aprann chif pi byen toujou. Mèsi Krystel !

Gade PDF la sou tout lajè ekran an!

Krystel Armand Kanzki fèt ann Ayiti e se la li grandi. Li se manman 2 pitit. Li se yon kontab e yon antreprenè. Se depi an 2018 Krystel ap pibliye liv bileng pou ti moun. Se pitit li yo ki te enspire l ekri seri liv bileng La Petite Pétra pou tout ti Ayisyen ak ti kat kat nan lòt nasyon ka pwofite. Mèsi Krystel pou kreyativite w, jenewozite w e pou pataj bèl liv sa yo pou tout ti moun ki ta renmen aprann fè lekti (ak matematik tou !) an kreyòl e an franse.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments