Kourikouloum Akselere — Lekòl Fondamantal — Syans eksperimantal   Nivo I

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), ak sipò teknik UNESCO, ki kreye dokiman sa a.

Vèsyon sa a se materyèl pami yon koleksyon resous ki pou sèvi nan ansèyman ak aprantisaj pami elèv nan lekòl aswè ak sant edikasyon familyal. Elèv sa yo gen plis laj pase elèv nan lekòl klasik yo ; genyen ladan yo ki se gran moun k ap chache enstriksyon nan nivo fondamantal.

MENFP ak UNESCO rann koleksyon materyèl sa yo disponib an lib aksè avèk lisans atribisyon ki pa komèsyal. Epi UNESCO ak MENFP pataje materyèl sa yo ak MIT-Ayiti pou n ka difize yo alawonn Badè sou Platfòm MIT-Ayiti.

Se twa Grenadye nan ekip MIT-Ayiti a (Michel DeGraff, Haynes Miller & Ezra Remer) ki pran anpil plezi nan travay tankou Mèt Jan Jak pou n kolabore ak UNESCO ansanm ak MENFP nan amelyore dokiman sa yo. Nou kontan anpil paske nou ka kole zepòl epi mete tèt ansanm ak kolèg nou yo nan UNESCO ak MENFP pou n prezante bèl resous sa yo sou Platfòm MIT-Ayiti — pou n ede nan bati lekòl tèt an wo ak peyi tèt an wo.

Bèl konbit, wi. Men anpil, chay pa lou 

Pou fasilite telechajman materyèl yo, nou pibliye chak seksyon separe sa yo sou platfòm lan :

  1. Tèm : Kò moun
  2. Tèm : Bèt ki nan anviwònman nou
  3. Tèm : Plant ki nan anviwònman nou
  4. Tèm : Eleman natirèl
  5. Tèm : Entèraksyon konpozant anviwònman nou

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments