Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki prepare postè ak fich sa yo. Nan materyèl sa yo, Genise ap ankouraje ti moun yo devlope abitid li ak ekri chak jou. Depi ti moun yo entegre pratik sa yo nan lavi yo tou lè jou, y ap avanse byen lwen nan aprantisaj lekti ak ekriti epi tou y ap kòmanse pran plezi nan aktivite sa yo.