Senk ti makak t ap ponpe sou kabann lan

Comment Icon 1 Favorite Icon 0

Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki ekri liv sa a e ki chante chante ki nan liv la. Senk ti makak t ap ponpe sou kabann lan se yon tèks pou ti moun piti k ap aprann fè lekti. Epi ti moun yo ap ka pratike lekti pandan y ap chante ak Genise. Chante sa a fè tèks la vin pi amizan toujou. Si ti moun yo rive jwenn yon vèsyon enprime liv la, y ap ka kolorye desen yo tou. Nou espere istwa sa a ansanm ak chante a ap fè tout moun plezi — ti moun kou gran moun !

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Chante pou Senk ti makak t ap ponpe sou kabann lan – Videyo

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
1 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Job SILVERT

Bon bagay