Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki kreye liv sa a pou ti moun yo. Epi Genise tou anrejistre ti chante « Tonton Bouki » ki mache ak tèks la. Pandan n ap chante chante a ak ti moun nan klas nou, nou ka li pawòl yo an menm tan. Sa pral ede ti moun yo konekte pawòl chante a ak tèks ki nan liv la. N ap wè gen yon ti boul nwa an ba chak mo ; sa se pou ede ti moun yo idantifye epi separe mo yo nan tèks la.