Se depi nan nivo preskolè
@MITHaiti ap mete fondasyon pou yon lekòl tèt an wo. Se kon sa Mandaly Claude Louis-Charles (The Creole Lingo), Bemol Telfort ak Michel DeGraff Inisyativ MIT-Ayiti / MIT-Haiti Initiative, MIT Linguistics, MIT School of Humanities, Arts, and Social Sciences) kreye "Chante Alfabè Kreyòl La". Platfòm
@MITHaiti ap pataje materyèl sa yo gratis ti cheri — pou tout moun tou patou ka telechaje alawonnbadè e pou n ede ti moun ak gran moun metrize ekriti lang nasyonal la ansanm ak tout lòt matyè nan pwogram MENFP.
1. Video Chante Alfabè Kreyòl La
2. Detay syantifik sou filozofi ak pedagoji ki nan nannan Chante Alfabè Kreyòl La
3. Sipò grafik pou ansèyman ak aprantisaj alfabè a
4. Patisyon pou mizisyen ki vle jwe chante a
5. Videyo ti moun k ap chante alfabè a
Tanpri, telechaje materyèl sa yo (sitou videyo chante a) sou telefòn, laptòp ak lòt òdinatè nou. Kon sa n ap toujou genyen l avè nou menm lè pa gen koneksyon entènèt. Epi tou, paran, anseyan, ti moun, gran moun, tanpri, vin chante alfabè kreyòl la tou. Epi fè videyo pataje ak nou.
(N ap remèsye sponnsò nou yo nan MIT Open Learning , MIT Abdul Latif Jameel World Education Lab, Massachusetts Institute of Technology (MIT))