Se Jackenson Declama ki ekri tèks sa a ki se youn nan loreya konkou tèks an kreyòl nan Anseye pou Ayiti (APA) nan premye trimès ane 2026 la.
« Lè yon pèp pèdi memwa l, li tankou yon bato san gouvènay ; li tankou yon machin ba direksyon l kase. Lè l pa rekonèt tèt li nan pwòp listwa ak orijin li, li tounen yon nanchon kannannan ki bliye rasin ak pwòp valè kiltirèl li. Yon nanchon k ap viv nan yon savann dezole kote tout bèt, tout plimay ka vin galonnen jan yo vle, lè yo vle, epi fè nou kwè sa yo vle » (Yole Derose, yon piblikasyon l sou Facebook).
Atouti di Atouta :
« Èske w te konnen chak pèp sou latè gen yon istwa, yon orijin, yon sous kote yo soti ? Pou n konprann kilti, konpòtman ak fòs pèp ayisyen an jounen jodi a, li enpòtan pou n konprann kote l soti. Pran ti chèz ba w, Atouta, pou m rakonte w.
Orijin pèp ayisyen an soti nan divès ras ki evolye atravè plizyè epòk. Se rezilta yon melanj istorik, kiltirèl ak sosyal. Pèp ayisyen an se rezilta yon istwa ki makonnen doulè ak diyite ki pran rasin nan koutim ak rezistans.
Premye pèp ki te viv sou zile sa a se te pèp Tayinòs yo. Yo te renmen lanati. Yo te viv nan respè epi yo te gen pwòp mòd gouvènans pa yo. Sa te pemèt yo viv nan amoni ak lanati : kit se te nan pratike agrikilti, fè aktivite lapèch epi viv selon pwòp prensip relijyon pa yo.
Men, lè kolon blan panyòl yo vin debake nan zile Sen Domeng, nan bout 15yèm syèk la, lavi Tayinòs yo pral boulvèse de pak an pak. Kolon yo te maltrete Tayinòs yo, masakre yo epi anpil ladan yo te vin disparèt an ba esklavaj, maladi ak grangou. Kolon yo te vin ranplase Tayinòs yo ak kaptif afriken yo te rache nan peyi yo, mete yo nan esklavaj, transpòte yo an mas, pi mal pase bèt, mennen yo sou tè Sen Domeng pou yo te vin travay san repo nan plantasyon kann, koton, kafe e latriye. Malgre tout zak brital yo te sibi, kaptif sa yo, ki te soti nan divès etni ann Afrik, te mache ak anpil konesans. Yo te kenbe lang yo, kilti yo, dans yo, relijyon ak lespri revolisyonè yo. Enben, Atouta, se tout enfliyans sa yo — soti depi nan pèp Tayinòs yo, pase pran Ewopeyen ansanm ak Afriken yo — se tout sa ki fòme pèp ayisyen an e se la tou rasin lit ak fòs rezistans ak lanmou l pou libète soti.
Enben, Atouta, jan w ka konprann sa, pèp ayisyen se yon pèp ki gen yon istwa ki rich, ki konplike e ki chaje ak leson pou rezistans, adaptasyon ak kreyativite. Atravè batay li yo, mouvman rebelyon l yo epi gwo revolisyon li pote sou do l nan fen 18yèm syèk la, li vin youn nan nasyon ki make istwa monn lan. Dayè, bèl istwa sa a enspire m yon pwezi m ta renmen resite pou ou. Ouvri zorèy ou byen laj pou w tande bèl ti pwezi sa a :
Koute byen ! Koute batman tè a
Lè w tande : Boum ! Boum ! Boum ! Se tanbou ginen nou k ap mate.
Depi lòt bò dlo, Ginen yo ak solèy la te klere chimen an devan nou !
Van an te soufle epi te chante pou nou epi fòs lanmè a te fè yon sèl ak fòs pa nou !
Moun Kongo, Fon, Ibo, Yowouba te vini debake nan Sen Domeng kòm kaptif ; men, yo pa t bat ba devan kolon yo.
Yo pote tanbou, yo pote enèji mistik, yo pote kouraj ki fè gwo nanchon yo tranble !
Men, anvan kolon blan te debake, te gen yon pèp ki t ap viv an pè sou zile a. Moun sa yo — nan mòn yo ak bò rivyè yo — yo te rele tè a « Ayiti », ki vle di tè ki wo, tè diyite, tè moun ki gen nanm.
Yo kite mak fabrik yo ak non yo nan tout rakwen : nan mayi boukannen, nan tabak nou fimen, nan kachiman nou manje, nan kazak, kasav ak manba nou renmen. Yo kite memwa yo nan chak ti wòch dlo. Boutofen, yo kite souf yo nan chak kwen peyi d Ayiti.
Lè bato blan yo rive, kolon yo vin ak lang pa yo ke yo enpoze sou nou ansanm ak lwa pa yo, administrasyon pa yo, sistèm edikasyon pa yo ak relijyon pa yo. Yo trete n pi mal pase bèt nan bwa. Men, yo te bliye ke ADN nou pote mak libète.
Pèp d Afrik, Tayinòs, Ewòp : twa sous, yon sèl flanm ! Twa rasin, yon sèl pye bwa ! Yo makonnen youn ak lòt pou fòme PЀP AYISYEN !
An 1791, lafimen te leve ! Latè te tranble an ba pye nèg ak fanm vanyan. An 1803, chenn yo te kase ! Nou soti anndan nannan pèp ki te la anvan nou yo, Tayinòs, kolon ewopeyen, pèp d Afrik ki te soti tou patou, nou rele tèt nou : AYISYEN. »
Atouta di Atouti :
« Aprè tout sa w rakonte m la a, mwen rive konprann orijin pèp ayisyen an. Istwa sa a se rasin idantite nou kòm pèp. Mwen rive konprann se nan kouraj zansèt nou yo, nan rezistans kont enjistis ak nan lanmou pou libète nou jwenn fòs nou. Pèp ayisyen an se pitit lit, se eritaj divès ras ki mete ansanm pou bati yon nasyon lib. Malgre difikilte, soufrans ak tout kalte tribilasyon kolon blan fè n sibi, nou rete kanpe djanm epi nou dwe rete fyè de sa nou ye. Rasin nou soti nan flanm dife. Se pa ti melanj, non ! Nou pote lespwa pèp Tayinòs yo nan nanm nou. Nou jwenn fòs nou nan kout tanbou ginen. Nou gen kouraj Dessalines nan chak gout san nou. Nou pale kreyòl, nou ri fò, nou fè blag nan tout savann ak nan tout chan kann. Orijin nou pa yon istwa ki senp. Se yon istwa ki fèt ak san e ak syè epi, tou, ak dans, chan ak bon soup joumou, bon piti mi ak sòs pwa kongo sèch ak sòs kalalou ki gen bon vyann sale. Menm si pafwa nou santi n anvi pèdi lespwa an ba abi ke neyo-kolonyalis yo kontinye ap fè n sibi, nou p ap janm lage. Se kon sa nou fèt, se kon sa revolisyon Ayiti a te vin sèvi kòm manman libète lòt kote. Anyen p ap fè n chanje. N ap kontinye goumen ak enèji gwo kout tanbou asòtò. »
Atouta di Atouti :
« Mwen kontan wè jan w konprann orijin ak richès istwa nou kòm pèp. Li enpòtan pou n toujou sonje orijin sa a. Se sa ki pral pemèt nou konprann valè nou epi kontinye goumen pou yon Ayiti ki jis, ki ini e ki kenbe diyite l. Sonje Ayiti se nou e nou se flanm dife. Yon flanm ki p ap janm tenyen malgre gwo tanpèt. »
PLAN LESON
Nivo : Primè 5-6yèm ane fondamantal rive segondè 2
1. Objektif Leson an
Apre leson an, elèv yo dwe kapab :
Pou elèv ki nan primè :
- Di ak pwòp mo pa yo kote pèp ayisyen an soti.
- Idantifye Tayinòs, Afriken ak Ewopeyen kòm twa sous ki fòme pèp ayisyen an.
- Esplike pou ki sa libète enpòtan pou Ayiti.
Pou elèv ki nan segondè :
- Analize ki jan tèks la montre melanj kiltirèl ki fòme pèp ayisyen an.
- Brase lide sou wòl rezistans, rebelyon ak revolisyon nan idantite pèp ayisyen an.
- Reponn kesyon refleksyon ki mande analiz.
2. Aktivite pou elèv ki nan primè : Mete ti moun yo an gwoup epi poze yo kesyon :
- Ki sa w konnen sou Ayiti ?
- Ki sa ki fè pèp ayisyen an espesyal ?
3. Aktivite pou elèv ki nan segondè : Diskisyon rapid :
- Ki sa mo « idantite » a vle di ?
- Èske yon pèp ka pèdi memwa li ?
- Si wi, ki konsekans sa ka genyen ?
4. Kesyon sou tèks la
Kesyon pou elèv ki nan primè :
- Ki moun ki t ap viv sou zile Sen Domeng anvan kolon yo te debake ?
- Ki kote anpil nan kaptif yo te soti anvan yo te mete yo nan esklavaj ?
- Ki sa pèp ayisyen renmen anpil nan kilti li ?
- Pou ki sa nou di Ayiti se tè diyite ?
- Ki sa tanbou reprezante nan kilti ayisyen ?
Kesyon pou elèv ki nan segondè :
- Ki jan tèks la montre melanj kiltirèl ki fòme pèp ayisyen an ?
- Ki wòl rezistans ak rebelyon jwe nan idantite pèp ayisyen an ?
- Ki sa tèks la di sou revolisyon ak endepandans 1804 la ? Ki lòt enfòmasyon ou konnen sou sa oswa ou ka jwenn nan pwòp rechèch ou ?
- Ki sa otè a di sou fòs neyo-kolonyalis yo ? Ki lòt enfòmasyon ou konnen sou sa oswa ou ka jwenn nan pwòp rechèch ou ?
- Ki imaj literè ou jwenn nan pwezi ki nan tèks la ?
5. Aktivite aprantisaj
Pou elèv ki nan primè
- Ti moun yo ap desine yon senbòl ki reprezante Ayiti : tanbou, solèy, mòn, drapo e latriye.
- Ti moun yo ap ekri yon ti pwezi 2 fraz sou kouraj ak libète.
Pou elèv ki nan segondè :
- Ekri yon paragraf sou : Ki sa ki fè pèp ayisyen an se yon pèp ki pa janm bat ba an ba opresyon ?
- Brase lide an gwoup sou tèm sa a : Ki sa ki menase idantite pèp ayisyen an jounen jodi a ?
Referans
Anglade, G. (1974). L’espace haïtien. Presses de l’Université du Québec.
Bellegarde, D. (1952). Histoire du peuple haïtien (1492–1952).
Casimir, J. (2023). Istwa lakou a. MIT-Ayiti. https://mit-ayiti.net/seri/istwa-lakou-a/
Derose, Y. (2025). Yon piblikasyon l sou Facebook. Facebook. https://www.facebook.com/story.php?story_fbid=1410871724375017&id=100063566082725&rdid=078eOBvBgbdG9C8z#
Dorigny, M. (2003). Haïti : Première république noire.
Frankétienne. (1975). Dézafi. Port-au-Prince : Éditions Fardin.
Gérard, O. Y. (2014). Konprann, konnen #2.
Heinl, R. D., & Heinl, N. G. (1996). The story of the Haitian people, 1492–1995.
Jolicoeur, L. (2013). Yon ti istwa sou Ayiti.

Biyografi
Jackenson Declama gen 37 lane. L ap viv Ench, nan depatman sant, ann Ayiti. Apre li te fini etid segondè li, li te gen chans etidye filozofi nan gran seminè Pòtoprens. Li gen yon lisans nan dwa ke l te reyalize nan Inivèsite Leta d Ayiti. Li nan pwosesis pou l vin yon avoka nan bawo Ench. Pou kounye a, l ap fè yon metriz nan dwa komèsyal nan Inivèsite Jean Price Mars. Li se pwofesè filozofi, sosyoloji ak kominikasyon oral nan nivo segondè ak nan inivèsite ann Ayiti. Li se direktè yon kolèj nan Nò peyi a. Epi, tou, li se anbasadè pou Anseye Pou Ayiti (APA).
