Resous sa a parèt nan seri sa a : Materyèl pou ti moun ki fèk kòmanse aprann li ak ekri
Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki kreye liv sa a ki prezante chif yo, soti 0 rive 100, nan de (2) fòma : chif (1, 2, 3, … , 100) ak lèt (en, de, twa, … , san). Kon sa, ti moun yo ka aprann ekri chif yo nan òtograf kreyòl la. Sa pral ede yo konprann chapant sistèm nimerasyon desimal la (inite, dizèn, santèn, e latriye). Yo ka aplike konesans sa a nan aprantisaj matematik tou.