Egzèsis sou chante «Kokorat» BIC Tizon Dife

Comment Icon 2 Favorite Icon 0

Se Pwofesè Frenand Leger ki prepare materyèl sa a

Konsiy : Ou pral reponn divès kalite kesyon (fòm, kontni, gramè, vokabilè, semantik, estetik, e latriye) sou tèks ki an ba la a. Tanpri, pran san w pou w byen li tèks la avan w koute mizik la. Kon sa, ou ka reponn tout kesyon yo avèk presizyon

Kokorat

Refren

Èske se ou ki sovè a ?

Ou ki vin wete m nan kras la ?

Èske se ou ki liberatè a ?

Pale avè m (2x)

Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la ?

Ou ki gen pwojè ki gen kòb la ?

Èske se ou k vin retire m nan lari a ?

Pale avè m (2x)

Mwen la, chak jou m ap gade

Pyeton k ap pase, machin k ap pase

Mwen la, chak jou m ap gade

Sivil k ap pase, leta k ap pase

Mwen la, chak jou m ap gade

DG k ap pase, ONG k ap pase

Mwen la, chak jou m ap gade

Sirèn k ap pase, lespwa k ap pase

Men, pèsonn pa mande m ki sa m ap fè la

Bonjou, sa k vle koute

Non pa m se kokorat

Silvouplè

[Refren]

II 

Chak jou m leve, m al chache manje

Nan poubèl nan peyi a, nan fatra nan peyi a

Si lameri t ap ranmase fatra

Se mwen l t ap ranmase avan kòm dechè nan peyi a

Wi, mwen se kokorat la

Rat ki pa gen moun k ap panse pou li a

Wi, mwen se kokorat la

Dwa de lòm ap pale de li a

Men, pèsonn pa mande ki sa m ap fè la a

Afè sosyal, reponn mwen souple

[Refren]

III 

Twal gaz mwen nan menm m ap siye machin bòs mwen yo, wi

Sa k desann vit yo pou ban m senk goud, respè pou yo, wè

Ann atandan m ap li Atik 22 nan paj 13 Konstitisyon 1987 la

Ann atandan m ap tann politisyen

M ap viv nan mitan asyèt katon ak chyen

Mwen pa fyè de tèt mwen

Mwen pa renmen jan mwen ap viv

Men yo mande m demelegèt mwen

Fò m bwase moun pou m siviv

Mwen reprezante yon danje pou tèt mwen ak tout peyi a

Men, genlè otorite yo pa wè sa

Yo kontante ban m 1 000 goud pou m bloke lari

Men, pi devan se yo m pral bloke si yo wè sa

Èske yon jou lavi m gen pou chanje ?

Èske yon jou m ap viv ak dinite ?

Èske pitit mwen se la l pral leve ?

Èske, èske … ?

[Refren]

Èske se ou ki sovè a ?

Ou ki vin wete m nan kras la ?

Èske se ou ki liberatè a ?

Èske se ou ki vin retire m nan mikwòb la ?

Èske se ou k vin retire m nan lari a ?

Dwa de lòm se kon sa l rele

Lamayòt pou timoun fwonte

Pale avè m (2x)

Etap 1 – Aktivite miz an kontèks

Roosevelt Saillant alyas BIC Tizon Dife se yon chantè, konpozitè, gitaris ayisyen ki te fèt nan dat 23 avril 1975. Li koumanse karyè mizikal li nan lane 2000 nan yon gwoup ki te rele Flex. Apre sa, li fòme yon lòt gwoup ki rele BIC (« Brain-Intelligence-Creativity ») kote li pwodui 2 albòm. Nan lane 2010, li deside fè yon karyè solo avèk menm non BIC la. Nan menm ane sa a, li soti yon albòm ki rele « Kreyòl chante, kreyòl konprann ». Apre 20 lane esperyans sou sèn mizikal nasyonal ak entènasyonal la, BIC enpoze tèt li kòm youn nan chantè ayisyen ki pi popilè nan moman an. Setyèm albòm BIC rele « BICsyonè » e li te soti nan mwa jiyè 2019. Se sou albòm sa a ki gen chante ki rele « Kokorat » la. BICsyonè genyen 14 mizik sou li an tou e se albòm BIC ki pi resan. Nan lane 2020, BIC lage « Men bèt la » ki se dènye pwodiksyon mizikal li. 

            Kesyon sou pakou chantè a

A.      Kesyon plizyè chwa – Sèvi ak tèks prezantasyon chantè a ak pawòl chante a pou w chwazi repons ki pi kòrèk la.

[Paratèks : Se yon konsèp literè Gérard Genette envante pou l kalifye tout eleman ki gen rapò avèk yon tèks prensipal tankou yon liv. Wòl paratèks la se fasilite konpreyansyon tèks prensipal la oswa liv la. Eleman ki antre nan konpozisyon paratèks la se tit, non otè, endikasyon sou kategori tèks la, prefas, dedikas, nòt, kritik, e latriye. Egzanp : Ti tèks biyografik sou lavi ak zèv BIC a se yon paratèks li ye.]    

1.Ki laj BIC genyen kounye a an 2021?
a)  Li gen 55 lane
an)  Li gen 45 lane
b) Li gen 47 lane
ch)Pa gen repons ki kòrèk.
2. Nan ki vil ann Ayiti BIC te fèt ?
a)Okap, Ayiti
an)     Jakmèl, Ayiti
b)        Enfòmasyon sa a pa parèt nan paratèks la.
ch)Pa gen repons ki kòrèk. 
3. Konbyen tan BIC genyen depi l ap fè mizik kòm pwofesyonèl ?
a)Li gen trann senk lane depi l ap fè mizik.
b)Li gen senk lane depi l ap fè mizik.
c)Li gen ven lane depi l ap fè mizik.
d)Pa gen repons ki kòrèk. 
4.Sou ki albòm chante « Kokorat » la parèt ?
a)Sou 6è albòm la — ki rele « Vokabilari ».
b) Sou 7è albòm la — ki rele « BICsyonè ».
c)Sou 5è albòm la —  ki rele « Rekto vèso » .
d)Pa gen repons ki kòrèk. 
5.Konbyen chante ki genyen sou albòm « BICsyonè » a ?
a)Gen swasann katòz chante sou li.
b) Gen swasann kat chante sou li.
c)Gen katòz chante sou li.
d)Pa gen repons ki kòrèk. 

        

B.Avan w koute chante a, an n eseye konprann pawòl yo (20 minit).
1.Ki sa mo « kokorat » la vle di ? 
2.Ki lòt non yo konn bay kokorat yo ?
3.Ki tèm prensipal ki devlope nan chante a ?
4.Pandan w ap li pawòl chante a, fè lis tout mo ou pa konprann. Chache sans mo sa yo nan yon diksyonè epi poze pwofesè w kesyon sou sans yo ak kategori gramatikal yo.

Etap 2 – Kesyon sou fòm ak kontni chante a pou n byen konprann mesaj la :  Koute chante a plizyè fwa : https://youtu.be/vH93I2fazY8. Fè lyen ant tèks ekri a ak pawòl ou tande yo. Pran san w pou w byen koute pawòl yo epi reponn kesyon yo. 

C.      Chwazi repons ki kòrèk dapre pawòl chante a.

1.Dapre refren an, ki sa kokorat yo ta vle yo fè pou yo ?
a)Yo ta vle yo fè yo soti nan kras la.
an)Yo ta vle yo fè yo soti nan mikwòb la.
b)Yo ta vle yo fè yo soti nan lari a.
ch)Tout repons yo kòrèk 
2.Dapre premye kouplè a, ki sa kokorat la ap gade ?
a)Kokorat la ap gade moun nan machin k ap pase.
an)Kokorat la ap gade moun nan tout sektè nan sosyete a k ap pase.
b)Kokorat la ap gade gwo fonksyonè ki nan biwo leta yo k ap pase.
ch)Pa gen repons ki kòrèk. 
3.Dapre premye kouplè a, ki sa otorite ki nan pozisyon DG (Direktè Jeneral) oswa k ap travay nan ONG (Òganizasyon ki pa nan gouvènman) fè pou kokorat yo ?
a)DG ak ONG yo bay kokorat yo manje chak jou.
an)DG ak ONG yo mete kokorat yo lekòl.
b)DG ak ONG yo pa fè anyen pou kokorat yo.
ch)Pa gen repons ki kòrèk. 
4.Dapre dezyèm kouplè a, ki kote kokorat yo al chache manje ?
a)Nan poubèl.
an)Nan restoran.
b)Nan kafeterya.
ch)Tout repons yo kòrèk. 
5.Dapre dezyèm kouplè a, ki enstitisyon ki ta dwe ap ranmase fatra ?
a)ONG.
an)Ministè Afè sosyal.
b)Biwo lameri.
ch)Tout repons yo kòrèk.
6.Dapre dezyèm kouplè a, ki lè kokorat yo al chache manje ?
a)Y al chache manje pandan wikenn.
an)Y al chache manje tou lè jou.
b)Y al chache manje madi ak jedi.
ch)Pa gen repons ki kòrèk. 
7.Dapre dezyèm kouplè a, ki moun oswa ki enstitisyon k ap panse pou kokorat yo ?
a)ONG
an)Ministè Afè sosyal
b) Biwo lameri
ch)Pa gen repons ki kòrèk.
8.Dapre dezyèm kouplè a, ki moun oswa ki enstitisyon ki ta dwe ap panse pou kokorat yo ?
a)ONG.
an)Ministè Afè Sosyal.
b)Biwo lameri.
ch)Tout repons yo kòrèk.
9.Dapre twazyèm kouplè a, konbyen kòb yo konn bay kokorat yo lè yo siye machin ?
a)Yo konn ba yo 25 goud.
an)Yo konn ba yo 15 goud
b)Yo konn ba yo 5 goud.
ch)Tout repons yo kòrèk.
10.Dapre twazyèm kouplè a, ki kote kokorat yo ap viv ?
a)Y ap viv nan abri leta bati pou yo.
an)Y ap viv nan fatra menm kote ak bèt.
b)Y ap viv ak chen nan mitan asyèt katon.
ch)Tout repons yo kòrèk
11.Dapre twazyèm kouplè a, ki sa mo « demelegèt » la vle di ?
a)Li vle di « naje pou w soti ».
an)Li vle di « degaje jan w kapab ».
b)Li vle di « demele w pou kont ou »
ch)Tout repons yo kòrèk
12.Dapre twazyèm kouplè a, ki sa kokorat yo blije fè pou yo ka siviv ?
a)Pou yo ka siviv, yo oblije fè move zak sou moun nan lari a.
an)Pou yo ka siviv, yo oblije brase mòtye nan travay konstriksyon.
b)Pou yo ka siviv, yo oblije travay nan bwaze peyi a. 
ch)Tout repons yo kòrèk.
13.Dapre twazyèm kouplè a, ki sa kokorat yo reprezante pou tèt yo ak pou peyi a ?
a)Yo reprezante yon malè pandye pou tèt yo ak pou tout peyi a.
an)Yo reprezante yon gwo danje pou tèt yo ak pou tout peyi a.
b)Yo reprezante yon menas pou tèt yo ak pou tout peyi a.
ch)Tout repons yo kòrèk
14.Dapre twazyèm kouplè a, kouman otorite leta yo konn itilize kokorat yo ?
a)Otorite yo konn bay kokorat yo lajan pou y al fè dezòd nan lari a.
an)Otorite yo konn bay kokorat yo 100 goud pou y al netwaye lari a.
b)Otorite yo konn bay kokorat yo mil goud pou y al mete lòd nan lari a.
ch)Tout repons yo kòrèk
15.Dapre twazyèm kouplè a, ki sa ki ka rive otorite leta yo nan itilize kokorat yo ?
a)Otorite yo ka benefisye anpil nan itilize kokorat yo.
an)Otorite yo ka vin gen pi bon relasyon ak kokorat yo.
b)Otorite yo ka viktim tou nan itilize kokorat yo.
ch)Tout repons yo kòrèk 

D.     Kesyon Vrè oswa Fo – Sèvi ak tèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. Se pou w mete repons ou chwazi yo an koulè gra oswa nan yon koulè ki diferan.

1.Otorite yo gen plan pou yo retire kokorat yo nan mizè.              VF
2.Kokorat yo bezwen otorite yo di kichòy sou pwoblèm y ap konfwonteVF
3.An reyalite, enstitisyon dwa de lòm yo p ap okipe koze kokorat yo vre.VF
4.Kokorat yo renmen jan y ap viv la. VF
5.Kokorat yo gen anpil fyète.VF
6.Kokorat yo ap dòmi nan bèl kay.    VF
7.Otorite yo konn bay kokorat yo mil goud pou bare wout. VF
8.Kokorat yo ap viv ak dinite.  VF
9.Kokorat yo konn joure moun ki desann vit yo pou ba yo senk goud. VF
10.Afè sosyal aplike prensip dwa de lòm pou kokorat yo. VF

E.      Redaksyon -– Sèvi ak tèks pawòl chante a ak sekans imaj nan videyo a pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz konplè ki bay detay konkrè ki nesesè yo. Apre sa, diskite repons ou yo aloral ak lòt etidyan yo nan klas la.

1.Kouman w ka esplike sans mo kokorat la ? Bay detay sou sans pwòp mo a ak sans figire li genyen nan kontèks chante a.
2.Nan koumansman videyo a, pou ki rezon kokorat voye je gade an lèavan l koumanse lave machin nan ?
3.Ki mo nan tèks la ki fè referans ak otorite legliz yo ?
4.Ki sekans imaj nan videyo a ki fè referans ak otorite legliz yo ?
5.Ki sa yo di nan Atik 22 nan paj 13 Konstitisyon 1987 la ?
6.Dapre ou menm, nan ki sans kokorat yo reprezante yon danje pou peyi a ?
7.Èske w ta renmen viv nan menm kondisyon ak kokorat yo ?
Esplike repons ou.
8.Dapre ou menm, ki sa ki ta dwe fèt pou chanje kondisyon lavi kokorat yo ?
9.Ki pati ou pi renmen nan videyo mizik la ? Pou ki sa ?
10.Ki pati ou pa renmen nan videyo mizik la ? Pou ki sa ?

Doktè Frenand Leger se yon pwofesè pèmanan nan Carleton University ki nan vil Otawa, kapital peyi Kanada. Sa fè 18 lane depi doktè Leger ap anseye lang kreyòl, lang franse, lenguistik ak literati frankofòn nan nivo inivèsitè. Doktè Leger fè yon lisans nan domèn syans edikasyon, yon metriz nan lenguistik aplike epi yon doktora nan literati frankofòn. Li fè rechèch nan domèn ansèyman lang franse ak kreyòl, nan literati frankofòn, ak sou sitiyasyon sosyolenguistik peyi d Ayiti. Li te patisipe nan pwojè diksyonè bileng kreyòl-angle Enstiti Kreyòl Inivèsite Indiana a. Li pibliye plizyè atik syantifik sou kesyon lang, kilti ak literati peyi d Ayiti. Li se otè yon manyèl kreyòl ki rele « Pawòl Lakay : Haitian-Creole Language and Culture for Beginners and Intermediate Learners ». Nan pwochen liv li, ki pral parèt byento, li analize evolisyon kategori tèks fiksyon naratif kout nan literati ayisyen ; l ap prezante analiz li yo sou plan istorik, estetik epi teyorik. 

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Edner Prophete

Se yon tre bon travay ! BIC merite sa timoun kap vini bezwen bon examp . Mesi anpil pou travay sac

James Pierre-Louis

Se yon bon travay nap fè espesyalman pou Lang kreyòl la men tou, pou atis ayisyen nou yo.
Mwen felisite tout ekip la pou bèl travay sa. Kenbe fèm pa lage.