Plan leson : Fanm Vanyan nan Batay Vètyè

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Nou souvan tande pale de gwo potoritk gason ki te patisipe nan Batay Vètyè a, tankou Toussaint ak Dessalines. Men, istwa rakonte gen anpil fanm vanyan ki te patisipe nan batay la tou menm jan ak gwo gèrye sa yo. Se sa Anseyan Lidè Sinéus MESILIEN pral ede nou dekouvri nan plan leson sa a ki prezante 4 fanm vanyan ki te patisipe nan revolisyon 1803.

Objektif plan leson sa a, se ede aprenan yo idantifye epi dekouvri 4 fanm vanyan ki te patisipe nan batay endepandans peyi d Ayiti.

Tematik : Fanm Vanyan nan Batay Vètyè.

Referans : Pwogram detaye 4yèm Ane Fondamantal, paj 92, ak kèk videyo sou YouTube :

1- https://youtu.be/ezFUrkGwhJA

2- https://youtu.be/1r-bRYVcSyk

3- https://youtu.be/hZXeI4FQCe4

4- https://youtu.be/x2NTzMbczv0

Dire : 45 minit

Itilite ak finalite leson sa a nan lavi aprenan yo : Leson sa a ap pèmèt aprenan yo konnen ki enpòtans fanm yo genyen nan istwa peyi a, ata nan batay endepandans lan. Ki donk, aprenan yo dwe konprann fi yo, menm jan ak gason yo, gen wòl pa yo tou pou yo jwe nan istwa peyi a jounen jodi.

Konpetans aprenan yo ap itilize nan seyans sa a : Kominikayon, lidèchip, respè youn pou lòt, travay nan gwoup, kolaborasyon, lespri kritik.

Materyèl : Tablo, lakrè, bwòs, liv oubyen dokiman, laptòp, fèy papye, kreyon oubyen plim.

Aktivite ansèyman : Prezante seyans lan, sikile nan klas la, verifye travay ak diskisyon k ap fèt nan ti gwoup yo, poze kesyon epi ede jwenn repons yo, bay aprenan yo opòtinite pou yo pataje lide pa yo tou.

Aktivite aprantisaj : Poze kesyon, reponn kesyon, travay nan gwoup, fè kòmantè, prezante travay gwoup la, fè rezime.

Miz an tren (3 minit) : Anseyan ap pase yon pati nan « Videyo Rockfam pou zansèt yo »

Lyen videyo a :https://youtu.be/qWEDMw4Jggg   

Dekouvèt (20 minit) : Nan dekouvèt la,anseyan an poze kesyon sa yo 

  1. Èske nou konnen kèk fanm vanyan ki te goumen nan istwa peyi d Ayiti ?
  2. Ki aksyon yo te poze ki fè nou ka rele yo « fanm vanyan » ?
  3. Site non kèk lòt fanm ki te site nan videyo a.

Apre yo fin reponn kesyon sa yo, nan ti gwoup kat (4) aprenan, y ap li yon tèks osinon gade yon videyo ki pale sou kèk fanm vanyan epi y ap itilize metòd « R.A.P. » la (Reflechi, Asosye, Pataje).

Chak gwoup chwazi yon moun ki pral pataje lide gwoup la ak lòt elèv yo.

Pandan pataj yo, anseyan an ap ekri repons chak gwoup sou tablo a.

Fiksasyon (10 minit) : Nan pati sa a, anseyan an ap envite aprenan yo reflechi ansanm sou repons sa yo ki sou tablo a.

Anseyan an ap esplike repons ki bon (sa ki fè yo pi bon pase lòt yo) epi l ap kenbe repons ki bon yo sou tablo a.

Anseyan an ap bay detay sou patisipasyon fanm vanyan sa yo nan revolisyon ki te vin mennen peyi a nan endepandans li :

Marie Claire-Heureuse Félicité Bonheur : Se te yon enfimyè ki te toujou prè pou l bay moun ki blese yo swen.

Suzanne « Sanite » Bélair : Li ak mari li, Charles Belair, t ap batay bò kote Toussaint Louverture. Listwa di nou Sanite te batay kòm sèjan. Sa fè listwa konte li pami fanm vanyan nan batay pou peyi a. Listwa di nou revolisyon an te ka pa reyisi si se pa t gras ak patisipasyon Suzanne Bélair.

Marie Jeanne Lamartinière : Se te yon fanm ki te patisipe nan batay Krèt a Pyewo. Li te chwazi mete rad gason sou li pou l batay epi li te patisipe nan moute moral lòt konbatan yo pou batay la te ka kontinye.

Victoria Montou : Ti non jwèt li se te « Toya ». Se te matant Jean-Jacques Dessalines. Se te yon sòlda nan lame Jean-Jacques Dessalines lan. Se nan batay li te rive pèdi lavi l.

Sentèz (3 minit) : Te gen plizyè fanm vanyan ki te batay pou libere peyi a. Jodi a nou sot wè 4 ladan yo epi ki jan yo te patisipe nan batay la. Fanm sa yo se :

  1. Marie Claire-Heureuse Félicité Bonheur
  2. Suzanne « Sanite » Bélair
  3. Marie Jeanne Lamartinière
  4. Victoria Montou 

Evalyasyon (6 minit) : Anseyan an ap poze aprenan yo kèk kesyon pou wè si yo te byen konprann leson an.

  1. Site non kat (4) fanm vanyan nou te wè jodi a pami sila yo ki te batay pou libere peyi a.
  2. Kiyès nan fanm sa yo ki te enfimyè ?
  3. Kiyès ki te batay nan lame Dessalines lan ?
  4. Kiyès ki te batay kòm sèjan ?

Pwolonjman (3 minit) : Nan leson jodi a, nou te site kèk fanm vanyan ki te travay pou libere peyi a. Anseyan an ap ankouraje aprenan yo al fè rechèch pou yo rive idantifye 3 lòt fanm vanyan ki te patisipe yon fason oubyen yon lòt nan liberasyon peyi a.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Sinéus MESILIEN fèt nan komin Fon Vèrèt nan Lwès peyi d Ayiti. Li fè yon pati nan etid primè l ak segondè l nan komin Kafou. Soti nan ane 2009 rive 2012, li te nan premye kowòt Formation Initiale Accélérée (FIA) ki se yon pwogram fòmasyon Leta te mete sou pye pou fòme anseyan. Soti nan ane 2017 rive 2019, li te patisipe nan pwogram Anseye Pou Ayiti (APA) ki chita sou pedagoji aktif ak lidèchip transfòmasyonèl. Sinéus pa yon senp anseyan. Se yon anseyan lidè. Se yon anbasadè nan mouvman APA. Jodi a l ap evolye kòm anseyan nan Plato Santral, espesyalman nan komin Mibalè. Li gen plis pase 10 lane esperyans kòm ansèyan.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments