Plan leson : Ki sa Batay Vètyè a ye ?

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

18 novanm se dat istorik ki raple chak grenn Ayisiyen istwa yo ak fyète yo. Nan plan leson sa a, Grenadyèz Therline DAVID ap ede anseyan ak aprenan dekouvri istwa Batay Vètyè a pou yo ka esplike ki sa l ye.

Objektif plan leson sa a se ede aprenan yo esplike ki sa Batay Vètyè a ye.

Klas : 3yèm Ane Fondamantal

Aktivite : Syans Sosyal

Tèm : Dat istorik

Dire : 40 minit

Tematik : Batay Vètyè

Materyèl : Liv manyèl istwa 2yèm ak 3yèm Ane Fondamantal, kaye, plim, tablo, planch.

Miz an tren : Anseyan ansanm ak aprenan yo ap chante chan sa a :

Grenadye, alaso

Sa ki mouri zafè a yo

Nanpwen manman, nanpwen papa

Sa ki mouri zafè a yo

Dekouvèt (15 minit) : Anseyan an afiche de (2) planch sa yo :

  1. Premye planch lan gen imaj zansèt nou yo ak chenn nan pye, nan kou ak nan ponyèt.

2. Lòt planch lan gen imaj sòlda nan lame revolisyonè a ki gen zam nan men yo.

Foto : Ulrick Jean-Pierre, Atis pent
Entèvyou ak Ulrick Jean-Pierre sou Platfòm MIT-Ayiti

Ann apre, anseyan an ap poze aprenan yo kesyon sa yo :

  1. Ki sa mo « batay » la vle di ?
  2. Èske nou konn tande pale de Batay Vètyè deja ? Si wi, ki sa pawòl sa a vle di ?
  3. Nan ki dat batay sa te fèt ? Ki kote ?
  4. Kiyès ki te lidè lame revolisyonè a nan batay la ?
  5. Gade imaj ki nan planch 1 ak 2 yo byen.  Pou chak imaj, chwazi 1 oswa 2 eleman ki frape imajinasyon w oswa emosyon w.
  6. Ki sa yo konn fè ak eleman sa yo ke w idantifye nan  kesyon #5 lan ?  Nan ki objektif yo konn sèvi ak eleman sa yo ?

Fiksasyon (10 minit) : Esplikasyon anseyan an :

Anseyan an ap ede aprenan yo konprann se chenn nan pye, nan kou ak nan ponyèt ki te lakòz kokenn chenn revolisyon sa a nan koloni Sen Domeng. Se nan lane 1791 revolisyon an te kòmanse, nan Bwa Kayiman.  Se revolisyon sa a ki te mennen zansèt nou yo nan batay 18 novanm 1803 nan depatman nò peyi a, tou prè Okap. Plizyè revolisyonè, tankou François Capois (Capois La Mort), te mete ansanm ak Dessalines kòm chèf pou yo te prepare yon gwo atak kont lame fransè ki te gen kòm lidè Jeneral Rochambeau.

Se apati batay sa a esklavaj te fini nan peyi d Ayiti apre plis pase 300 lane. Zansèt nou yo te pase anpil mizè an ba men kolon yo — blan panyòl epi blan fransè ki t ap maltrete Amerendyen yo, Afriken yo ak desandan yo sou teritwa a.

Sentèz (5 minit) : Anseyan an ap mande aprenan yo pou yo esplike rezon prensipal ki te lakòz Batay Vètyè a e ki objektif 2 advèsè yo t ap chache akonpli nan batay sa a ?

Evalyasyon (8 minit) : Anseyan an ap poze aprenan yo 4 kesyon sou Batay Vètyè a :

  1. Ki kote batay la te fèt ? Nan ki dat ?
  2. Site eleman ou te idantifye nan 2 planch yo. Esplike ki rapò w panse ki te ka egziste ant eleman sa yo ak Batay Vètyè a ?
  3. Kiyès ki te lidè lame revolisyonè nan peryòd la ?
  4. Kiyès ki t ap mennen batay la pou lame fransè ?

Pwolonjman (2 minit) : Mande chak aprenan pou y al fè rechèch sou 4 lòt lidè ki te patisipe nan Batay Vètyè a — 2 fi ak 2 gason.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Therline DAVID se moun natif natal Boukan Kare. Li etidye Syans Edikasyon nan Université Autonome de Port-au-Prince (UNAP) kote li espesyalize nan etid sosyal. Li fè etid tou nan syans administrasyon nan École de Droit et des Sciences Économiques des Gonaïves (EDSEG). Epi li se gradye program lidèchip transfòmasyonèl nan Anseye pou Ayiti (APA). Li anseye nan klas preskolè, fondamantal ak segondè. Ansèyman se pasyon l. L ap travay pou tout ti moun rive jwenn bèl kalite edikasyon tou patou nan peyi a.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments