Ana ak Tiga antann yo byen

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv sa a soti nan seri Ana ak Tiga sou aprantisaj sosyal ak emosyonèl ki kreye bon jan ankadreman pou ti moun ann Ayiti. Nan liv sa a, Ana ak Tiga aprann enpòtans pou yo tabli bon jan kolaborasyon pou yo ka viv pi byen ansanm. Antant ak kolaborasyon gen gwo enpòtans nan relasyon moun ak moun. Lè 2 moun ap kolabore, sa konn rive yo fache. Men, si yo aprann brase lide sou sa ki pase a, si youn chache mete l nan plas lòt la pou youn konprann lòt, sa ap pèmèt yo devlope bon relasyon.

Atravè resous sa a, Ana ak Tiga dekouvri tou enpòtans padon. Lè yon moun pran konsyans de sa l fè oswa sa l di ki mal, li bon pou l mande padon epi pran responsabilite pou ofans lan. Sa itil anpil pou kreye lapè epi rezoud konfli nan tèt a tèt.

Platfòm MIT-Ayiti ap remèsye Global Center for the Development of the Whole Child nan University of Notre Dame k ap pwodui liv tankou Ana ak Tiga pou ti moun yo rive grandi tèt an wo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments