Ana ak Tiga benyen larivyè

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv sa a se nan seri Ana ak Tiga sou aprantisaj sosyal ak emosyonèl ki kreye bon jan ankadreman pou ti moun ann Ayiti. Nan liv sa a, elèv yo pral dekouvri enpòtans angajman sosyal ak kowoperasyon kòm fondasyon bon jan lidèchip. Yo pral aprann ki jan Ana ak Tiga transfòme yon aktivite lwazi fè l tounen yon aktivite ki benefisye tout kominote a. Atravè bèl istwa sa a, ti moun yo pral konprann ki jan yo ka kole zepòl ak kamarad yo pou yo fè aksyon ki ka gen enpak pozitif sou vi yo ak sou kominote yo.

Platfòm MIT-Ayiti ap remèsye Global Center for the Development of the Whole Child nan University of Notre Dame k ap pwodui liv tankou Ana ak Tiga pou ti moun yo rive grandi tèt an wo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments