Ana ak Tiga toujou di bon jou ak mèsi

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Liv sa a se nan seri Ana ak Tiga sou aprantisaj sosyal ak emosyonèl ki kreye bon jan ankadreman pou ti moun ann Ayiti. Nan liv sa a, Ana ak Tiga montre wòl salitasyon jwe nan respè youn pou lòt. Respè pou lòt moun vle di ba yo atansyon yo merite epi onore yo kòm sa dwa. Se pou tèt sa Ana ak Tiga aprann di bon jou ak mèsi. Yo aprann manisfeste gratitid yo lè yon moun fè yon byen pou yo. Sa enpòtan anpil nan relasyon moun ak moun.

Platfòm MIT-Ayiti ap remèsye Global Center for the Development of the Whole Child nan University of Notre Dame k ap pwodui liv tankou Ana ak Tiga pou ti moun yo rive grandi tèt an wo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an !

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments