Koulè yo

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Genise Vertus, yon edikatè ayisyen ki grandi oz Etazini, ki kreye liv sa a  ki prezante koulè yo. Kon sa, ti moun yo ka aprann idantifye koulè yo. Sa pral ede yo devlope konpetans ki djanm djanm — ni kòm lektè, ni kòm atis. Gen plizyè eleman aprantisaj aktif nan liv sa a: ti moun yo pral kolorye fèy liv la ak koulè ki ekri la yo. Sa pral mande pou ti moun yo li non koulè yo, chache jwenn koulè ki koresponn ak non sa yo, epi mete koulè sa yo sou paj liv la.

Telechaje Genise - Koule.pdf

Genise Vertus se yon edikatè Ayisyen k ap viv nan vil Miyami, nan eta Florid oz Etazini. Genise renmen ekri liv pou ti moun. Li gen 2 diplòm lisans University of Miami : youn nan sikoloji epi yon lòt nan etid sou desandan afriken nan zòn Karayib la. Epi tou, Genise gen yon diplòm metriz (University of Georgia) nan syans devlòpman pou ti moun ak fanmi yo. Genise anseye nan klas 1e Ane Fondamantal nan Miyami.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments