CAPTÉH – Matematik k ap bouyi sou 3 wòch dife

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Jacques Ronald JEAN ki kreye egzèsis matematik sa a pou ansèyman adisyon nan kad « Pedagoji envestigasyon ki chita sou pwojè k ap rezoud pwoblèm ». Egzèsis matematik sa a se pou klas preparatwa (1e Ane Fondamantal ak 2yèm Ane Fondamantal) e li gen 2 objektif sa yo :

  1. Idantifye epi reprezante sitiyasyon ki egzije adisyon 2 nonb ;
  2. Itilize senbòl pou nonb, plis ak egal.

Jacques Ronald JEAN pran diplòm lisans nan Administrasyon nan Institut National d’Administration, de Gestion et des Hautes Études Internationales (INAGHEI), Inivèsite Leta Ayiti (ILA). Epi li fè etid nivo metriz nan Fakilte Syans Moun (FASH/ILA) nan pwogram metriz sou popilasyon ak devlòpman. Li se yon pwofesè lekòl fondamantal ki te pran premye fòmasyon li nan Sant Fòmasyon pou Lekòl Fondamantal — nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (CFEF/MENFP). Kounye a, l ap travay kòm konseye pedagojik nan École Fondamentale d’Application et Centre d’Appui Pédagogique (EFACAP/MENFP), nan komin Sen Rafayèl ki chita nan depatman Nò Ayiti. Jacques Ronald JEAN se yon militan pou edikasyon bon kalite nan lekòl fondamantal. Li ak kèk lòt kòlèg te fonde sendika REFERANS ki se sèl sendika ki espesyalize nan kore lekòl fondamantal. Jacques Ronald se manm fondatè Centre d’Appui Pédagogique pour la Transformation de l’Éducation en Haïti (CAPTÉH) ak plizyè lòt asosyasyon k ap pratike prensip « ekonomi sosyal e solidè ».

CAPTÉH (Centre d’Appui Pédagogique pour la Transformation de l’Éducation en Haïti) fonde nan dat 5 oktòb 2017. Li gen 7 manm k ap dirije asosyasyon an e anviwon 50 manm k ap benefisye fòmasyon kontini kòm pedagòg envestigasyon. Se yon asosyasyon ki regwoupe pwofesyonèl edikasyon k ap vilgarize metòd pedagoji envestigasyon ki chita sou pwojè. Se yon gwoup pwofesyonèl angaje k ap travay pou pwomosyon lang kreyòl la e k ap lite pou yon edikasyon bon kalite pou tout ti moun nan kat kwen peyi d Ayiti. CAPTÉH devlope modil fòmasyon pou pèsonèl edikatif. Li gen yon ekip k ap pwodui resous pedagojik an kreyòl. CAPTÉH ap kolabore ak MIT-Ayiti nan lide pou lang kreyol la rive taye banda tou lè jou tou patou pou n tabli lekòl tèt an wo.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments