Mathlets, yon ansanm lojisyèl matematik pou elèv ak etidyan aprann fè ekwasyon diferansyèl sou entènèt

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Mathlets (oswa Matlèt an kreyòl), se yon platfòm nimerik ki konpile tout yon seri lojisyèl matematik ki fèt ak Java. Lojisyèl sa yo sèvi lè moun ap aprann ekwasyon diferansyèl ak lòt konsèp nan matematik. Gen plizyè egzanp sou ki jan elèv, etidyan, anseyan ak pwofesè nan tout nivo edikasyon ka itilize zouti nimerik sa yo pou yo fè devwa, travay an gwoup oswa pou prepare prezantasyon nan kèk kou. Epi tou, yo ka aprann teyori ki dèyè apwòch matematik sa yo.

Sou sit Mathlets la, n ap jwenn kèk videyo sou egzèsis ki gen esplikasyon vèbal ladan yo.

Nou ka itilize lojisyèl Matlèt yo an kreyòl dirèkteman sou sit ki mansyone an lè a, oswa nou ka telechaje yo sou òdinatè nou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments