Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

« Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la » se yon nouvo nimewo nan seri Janjak ak Freda. Istwa a prezante avanti 2 kouzen kouzin, Janjak ak Freda, ki, ansanm ak marenn yo, al vizite Sitadèl Laferrière, youn pami trezò nasyonal peyi d Ayiti. Vwayaj sa a pral aprann yo yon gwo leson sou ankourajman, pataj ak zanmitay. Istwa a ekri nan yon langaj ki senp. Kon sa, ti moun ki pale kreyòl ak sa ki pale angle ka apresye pèsonaj, sèn ak kontèks istorik istwa a pi byen.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Plan leson sou istwa Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la

Se Ernst Djeride Jean-Baptiste ki prepare plan leson sa a.

Tit leson an : Dekouvri solidarite ki genyen nan istwa Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la.

1- Objektif :

Aprè aprenan yo fin li istwa Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la, plan leson sa a vle ede yo :

  • konprann istwa Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la ;
  • dekouvri Sitadèl la ak kèk nan objè istorik ki ladan ;
  • konprann konsèp « solidarite » a ;
  • konprann kèk pwovèb kreyòl ki gen rapò ak konsèp « solidarite » a.  

A- Pou pwofesè a :

Depi avan menm aprenan yo kòmanse li istwa a, pwofesè a ka ede yo dekouvri egzistans Sitadèl Laferrière.

1- Pou sa fèt, pwofesè a ka poze kèk kesyon pou l ede aprenan yo dekouvri :

  • ki kote Sitadèl la ye ;
  • nan ki kontèks istorik Sitadèl la te bati ;
  • pou ki rezon Sitadèl la te bati.

2- Kon sa tou, pwofesè a ka poze kèk kesyon pou ede aprenan yo dekouvri sans pwovèb ki nan istwa a :

  • ki sa yon pwovèb ye ;
  • ki kote pwovèb yo soti ;
  • ki jan yo ka asosye pwovèb yo ak konsèp « solidarite » y ap dekouvri nan istwa a.

An- Pou elèv yo :

1 – An n konprann istwa a :

a) – Pandan Janjak t ap monte sou pil boul kanon yo, jiska konbyen boul kanon li te gen tan konte ?

an) – Nan batay kont ki lame zansèt nou yo te kaptire pifò nan kanon sa yo ?

b) – Ki sa Janjak ak Freda te wè dèyè touf pye bwa a ?

2- Aprè tout sal klas la fin li istwa Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la, pwofesè a ap ede aprenan yo apwofondi istwa a :

a) – Mande aprenan yo ki sa yo konprann de konsèp « solidarite » a.

an) – Idantifye kèk kote nan istwa a te gen yon aksyon solidarite ki te poze.

b) – Ki sa Madan Pierre te vle di ti moun yo lè l te deklare : « Zwazo pa vole ak yon sèl zèl » ?

ch) – Idantifye yon lòt pwovèb nan istwa a ki gen relasyon ak konsèp « solidarite » a.

d) –  Nan ki sitiyasyon aprenan yo konn aplike konsèp « solidarite » a pami yo oswa ak lòt zanmi yo ?

3 – An n pratike :

a) – Pwofesè a ap mande aprenan yo pou yo divize an gwoup.

an) – Chak gwoup ap imajine epi ekri yon istwa kote yo te vizite yon kote ansanm.
(Nan istwa sa a, y ap rakonte ki jan vizit la te kòmanse, ki sa ki te rive pandan vizit la ki te fè yo kontan, tris oubyen fache, epi ki jan sa te fini.)

b) – Chak gwoup ap fè yon desen pou montre tout pèsonaj ki nan istwa a.

d) – Chak gwoup ap rakonte istwa pa yo devan tout sal klas la.

Elizabeth Turnbull fèt nan peyi d Ayiti kote sa l te konn tande ak sa l te konn wè depi lè l te ti bebe te antre nan istwa pou ti moun. Lè l te pi jèn, li te konn pran plezi nan chita sou janm paran l yo ak gran frè li yo pou l koute istwa yo t ap li pou li. Se te yon gran jwa pou li lè l te vin konn li pou l te dekouvri istwa yo pou kont li. Elizabeth te fè etid panyòl ak jounalis nan Inivèsite Wake Forest. Apre sa, li fè metriz nan etid Amerik Latin ak Karayib nan Florida International University. Kounye a, l ap travay kòm Editè an Chèf pou piblikasyon Light Messages. Li se otè twa liv ti moun sou Ayiti : Janjak ak Freda ale nan Sitadèl la, Janjak ak Freda ale mache an fè, ak Bòn wit, Kabrit.

Addy Rivera Sonda se yon ilistratè meksiken. Li renmen koulè, li renmen aprann ak chèche fason pou bati yon monn ki pi janti e pi dirab. Pi gwo enspirasyon Addy jwenn nan fè desen se paske l konnen, lè ti moun an kontak depi tou piti ak istwa e atizay, sa fè yo vin konprann tèt yo pi byen, devlope plis anpati epi kontribye pou bati yon monn kote tout moun se moun.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments