Lasirèn ak Labalèn

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Lasirèn ak Labalèn se yon liv an kat lang : kreyòl, franse, angle, panyòl. Nan liv sa a, otè a, Djenane Saint Juste ki se yon Ayisyèn natif natal, prezante istwa yon malere ki monte sou ti bato li pou l ale nan zile Lagonav pou l al chache lò. Istwa sa a ap entwodui ti moun yo nan richès tradisyon peyi nou, tankou : kont, chante, dans, vèvè, ak lot ankò. Nou espere w ap renmen istwa sa a ansanm ak aktivite aprantisaj aktif k ap ede ti moun yo esplore divès tematik ki antre nan istwa a. N ap remèsye Djenane pou jenewozite l nan fason l ap pataje bèlte peyi a tou patou nan monn lan. Epi n ap remèsye Dòk Jerry M. Gilles (Tidiri Mede) pou aktivite aprantisaj li kreye sou desen vèvè ki parèt nan liv Djenane lan.

Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an !

Aktivite sou liv Lasirèn ak Labalèn

Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an !

Kaye aktivite sou vèvè

Telechaje PDF la sou tout lajè ekran an !

Djenane Saint Juste — fanm vanyan, Ayisyèn natif natal — se yon edikatè ak ekriven. Li se direktè atistik Afoutayi : Haitian Dance, Music and Arts Company. Epi, tou, Djenane se koregraf, dansè, aktris ak chantè. Pasyon li se dans tradisyonèl ak fòlklò peyi d Ayiti. N ap jwenn pi plis enfòmasyon sou travay Djenane nan fim dokimantè tankou Making Caribbean Dance ak Lavil: Life, Love and Death in Port-au-Prince.

Doktè Jerry M. Gilles (Djeri M. Jil), nèg Grandans, se medsen jinekològ. Li jwenn anpil fyète nan eritaj Ginen peyi d Ayiti. Non vanyan l se « Tidiri Mede ». Li ak madanm li (Yvrose Gilles) se otè liv Sèvis ginen : Rasin, rityèl, respè lan vodou. Tit vèsyon angle a se Remembrance: Roots, Rituals, and Reverence in Vodou. Kounye a, Dòk Jerry M. Gilles ap ekri yon liv sou istwa d Ayiti soti depi nan kòmansman istwa inivè a. Liv sa a pral parèt sou Platfòm MIT-Ayiti. N ap remèsye Tidiri Mede pou tout konesans l ap pataje ak nou sou Platfòm MIT-Ayiti pou tout pitit peyi a ka konprann epi apresye bèlte eritaj Ginen nou.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments