Politik ak ideyoloji ann Ayiti, yon blokaj pou refòm edikatif

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Djeride Jean-Baptiste ki ekri atik sa epi se Pwofesè Michel DeGraff ak Doktoran Pierre Negaud Dupenor ki revize l

Entwodiksyon

Elaborasyon dokiman ki rele Kad Oryantasyon Kourikoulòm (« KÒK ») se yon tantativ an plis pou ede sistèm edikasyon Ayiti a adopte yon politik lengwistik ki baze sou bilengwis oubyen miltilengwis. Selon 3 vèsyon KÒK yo ki te elabore an 2021, 2022 ak 2023, se Refòm Minis Edikasyon Nasyonal Joseph Claude Bernard 1982 a y ap suiv nan objektif pou edikasyon ann Ayiti vin pi aksesib pou majorite a. Nan refòm 1982 sa a, Bernard te pwopoze yon nouvo politik lengwistik ki koupe fache ak yon ansyen sistèm ki te fonde sou franse kòm sèl lang ansèyman e ki te lakoz echèk majorite elèv paske yo t ap edidye nan yon lang yo pa metrize ditou. Refòm Bernard sa a te vle tabli yon lòt sistèm lekòl tèt an wo kote elèv yo t ap gen chans pou yo etidye an kreyòl kòm lang prensipal pou ansèyman pandan y ap aprann franse kòm dezyèm lang. Bernard te vize yon sosyete ki respekte dwa moun e ki rekonèt epi valorize lang, idantite ak kilti chak elèv ayisyen nan lekòl ki ofri posibilite pou yo aprann epi dekouvri konesans sou rès monn lan san yo pa neglije konesans sou tèt yo ak sou kominote yo.

Ebyen, lè n byen gade dokiman KÒK yo, malgre yo pa sispann anonse Refòm Bernard kòm sous enspirasyon yo, yo toujou depaman ak sa Bernard te pwopoze a. Si pa gen yon chanjman oryantasyon ki fèt nan nouvo politik MENFP yo, gen anpil posibilite pou yo kontinye echwe.

Atik sa a soti nan memwa metriz mwen nan Inivèsite Otawa, nan pwogram rechèch sou bilengwis. Mwen pral analize aspè lengwistik dokiman sa yo ansanm ak rezistans k ap bloke chanjman nan sistèm edikatif la. Se menm kalite rezistans sa a ki toujou ap bloke enplemantasyon Refòm Bernard 1982 a ak anpil lòt tantativ chanjman ki te vini aprè 1982. Pou n byen santre analiz la, n ap prezante konsèp « Edikasyon Miltileng ki baze sou Lang Manman » (EMLM) ansanm ak kèk modèl edikasyon bileng ak kèk aspè nan ideyoloji ak politik lengwistik ann Ayiti ki ka sèvi pou eklere suivi yo. Epi n ap eseye montre ki jan mouvman « dekolonyalite » nan sosyoloji ak filozofi ka ede nan koupe fache ak yon sistèm ki kenbe anpil moun ann Ayiti nan yon sitiyasyon povrete paske li anpeche yo jwi dwa lengwistik yo kòm sa dwa soti nan edikasyon rive nan plizyè lòt enstitisyon fòmèl nan sosyete a.

Edikasyon Miltileng ki baze sou Lang Manman

Edikasyon Miltileng ki baze sou Lang Manman (EMLM) se yon modèl edikasyon bileng oubyen miltileng ki konsidere prezans 2 oswa plizyè lang nan edikasyon ti moun yo. Nou jwenn sitiyasyon sa a pi souvan kote gen 2 oubyen plizyè lang ki prezan nan yon sosyete. Selon Ball (2011), « ansèyman EMLM jeneralman fè referans a itilizasyon lang elèv yo pale pi byen an ki ta sipoze plis prezan nan pwosesis aprantisaj yo ». Li konsidere aspè sa a kòm yon eleman enpòtan nan bon jan kalite edikasyon, espesyalman nan premye ane lekòl. Youn nan aspè ki enpòtan anpil nan apwòch sa a gen pou wè ak premye etap alfabetizasyon an — aprantisaj lekti ak ekriti. Selon Benson (2016), pou sa rive fèt, lekòl yo dwe itilize metodoloji ki apwopriye pou EMLM — sa vle di metodoloji k ap ede aprenan an atenn bon jan konesans nan dezyèm lang lan, pandan l ap fonde esperyans aprantisaj fòmèl premye konsèp yo nan lang li metrize pi byen an (an jeneral, lang sa a se lang matènèl la).

Toujou d aprè Benson, yon metodoloji apwopriye vle di : moun k ap pran desizyon pou enplemante yon politik lengwistik ta sipoze byen etidye sosyete a, konprann li epi chwazi ki pi bon modèl edikasyon bileng oubyen miltileng « ki pi byen reponn a yon kontèks patikilye kote 2 lang yo dwe prezan nan sistèm edikasyon an ». Kanta konbyen tan elèv yo ta sipoze fè ap benyen nan modèl sa a ki sèvi ak lang manman kòm lang ansèyman, Heugh (2011) rekòmande yon peryòd minimòm ki soti nan youn (1) rive nan sèt (7) lane. Pou Heugh (2011), modèl sa a se yon modèl aditif ki pa chache retire lang elèv la metrize pi byen an pandan pwosesis aprantisaj la. Objektif modèl aditif la se bati yon fondasyon solid nan lekti, ekriti ak konpetans kognitif nan lang manman elèv la ; se fondasyon sa a ki pral ede l aprann yon dezyèm lang pi byen.

Selon Ball (2011), youn nan kote modèl sa a bay rezilta se nan nòd wès peyi Kamewoun. Gen yon etid ki montre lekòl ki itilize lang manman aprenan yo, ki rele Kom, kòm lang prensipal pou ansèyman bay plis rannman pase lekòl ki anseye sèlman nan lang angle, ki pa lang manman aprenan yo (Ball 2011).

Ann Ayiti tou, gen lekòl ki deja maton nan itilize modèl edikasyon sa a ki baze sou lang manman an. Nan yon atik Michel DeGraff  pibliye an 2016 ki rele Mother-tongue books in Haiti : The power of Kreyòl in learning to read in reading to learn, li montre ki jan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM), ki chita kò l nan Lagonav, bay bon rezilta gras ak estrateji aprantisaj ki baze sou lang manman. DeGraff te itilize zouti EGRA a pou l mezire nivo lekti ak ekriti elèv LKM yo epi rezilta envestigasyon an te demontre elèv LKM yo pi pèfòman nan lekti pase lòt elèv parèy yo ki soti nan lekòl k ap montre ti moun yo li ak ekri an franse depi nan klas ki pi piti yo.

KÒK yo te ka bon wi ; men, yo gen yon fas kache ki bay pwoblèm

Elaborasyon Kad Oryantasyon Kourikoulòm (KÒK) yo fè n santi moun k ap deside pou edikasyon ann Ayiti yo ap reflechi sou yon sistèm edikasyon ki ta dwe baze sou bilengwis oubyen miltilengwis. An reyalite, pwogram edikasyon bileng oubyen miltileng antre nan demach plizyè peyi ap eseye adopte pou jenerasyon k ap vini yo. Selon Nagel et al (2015), angouman peyi sa yo nan adopsyon politik lengwistik bileng oubyen miltileng koresponn a kèk rekòmandasyon UNESCO nan dosye sa a. Youn nan objektif rekòmandasyon sa yo se pou tout moun ka jwenn opòtinite pou esprime kilti yo ak lang yo nan espas dijital la, sou entènèt la (Nagel et al 2015). Si n gade reyalite a sou aspè sa a, nou ka konsidere gen yon jefò k ap fèt (o mwen nan diskou) bò kote Ministè Edikasyon Nasyonal ann Ayiti paske, selon dokiman KÒK yo, Ministè a swete devlope yon sistèm edikasyon bileng ki baze sou kreyòl ak franse pandan y ap rete ouvè sou aprantisaj anglè ak panyòl, selon pozisyon jeyo politik ak jeyografik Ayiti.

Gen 2 sous difikilte nan KÒK yo

Vèsyon 2021 KÒK la mete aksan sou yon modèl edikasyon bileng ki baze sou franse kòm lang prensipal ansèyman — ki donk yo minimize enpòtans kreyòl la nan pwosesis aprantisaj elèv yo. Moun k ap fè rechèch nan edikasyon rele modèl sa a soustraktif paske, an final, li mete sou kote lang elèv yo pi byen konprann lan. Nan KÒK 2021 an, Ministè a itilizè konsèp bilengwis ekilibre pou yo pretann elèv ayisyen yo ta dwe rive nan menm nivo konpetans egal ego nan kreyòl ak franse. Nan sans sa a, yo adopte yon politik lengwistik ki t ap kontinye devalorize lang kreyòl la e pwodui plis inegalite sitou lè n konsidere majorite elèv ayisyen pa benyen nan lang franse a ase pou yo ta vin pale l nan menm nivo konpetans yo pale kreyòl — nan yon fason ki ta swa dizan « ekilibre ».

Kanta pou KOK 2023 a, finalman, gen pwogrè ki fèt ladan l paske, non sèlman yo vini ak yon modèl kote elèv yo ta sipoze pase plis tan ap etidye an kreyòl nan tout nivo klas, yo pwopoze konsèp bilengwis fonksyonèl kòm objektif yo ta vle elèv yo atenn. An jeneral, modèl bilengwis fonksyonèl la se kote yon aprenan ka itilize dezyèm lang lan pou kèk rezon patikilye, sitou nan kontèks aprantisaj fòmèl, men, sa pa vle di li dwe rive pale dezyèm lang sa a tankou lang matènèl li. Lè n konsidere definisyon sa a, nou santi KÒK 2023 a ap eseye pran ak men gòch sa li te vle bay ak men dwat. Paske, malgre KOK 2023 a pale de bilengwis fonksyonèl kòm youn nan objektif li, nan menm dokiman sa a, yo fè pwomosyon pou egalite nan fason elèv yo pale kreyòl ak franse. Èske se yon erè kote Ministè Edikasyon Nasyonal ap enpoze definisyon « bilengwis ekilibre » sou konsèp « bilengwis fonksyonèl » (amalgam, wi !) oubyen èske se yon plan lengwistik bouyi vide Ministè a ap fè san li pa rive panse ak kontèks sosyolengwistik majorite elèv ayisyen ki benyen nan yon sèl lang (kreyòl) ?

Lè n gade tout dilèm sa yo nan dokiman KÒK yo, nou ka konsidere yo patisipe nan yon seri manch long dokiman woule m 2 bò ki kontinye ap mal entèprete Refòm Bernard 1982 a. Se mi wo mi ba sa yo ki fè sistèm lekòl nan peyi a pa ko janm rive ateri ak refòm sa yo Bernard te pwopoze depi plis pase 40 lane. Ebyen, dokiman KÒK yo se yon lòt tantativ an plis ki fè n santi gen kèk gwoup ki toujou ap pwofite de avantaj yon sistèm lekòl k ap toupizi elèv ki soti nan kominote sa yo kote kreyòl se sèl lang ki rele konpatriyòt nou yo chè mèt chè mètrès. Sa ki fè nou kontinye ap mande tèt nou èske vrèman gen yon konsansis pou edikasyon ta reyèlman aksesib pou plis ti moun ann Ayiti epi pou yo ta jwi dwa lengwistik yo kòm sa dwa. Baryè lengwistik sa a gen konsekans malouk sou mobilite soyal ak ekonomik majorite ti moun ann Ayiti. Sa ki fè nou panse gen kèk gwoup k ap tire enterè pèsonèl nan yon sistèm tèt an ba kote majorite elèv yo pa ko janm rive jwenn bon jan aksè pou ansèyman nan lang manman pa yo (DeGraff et al. 2022).

Kèk nan blokaj ki anpeche Ayiti gen yon sistèm lekòl ki ofri menm opòtinite pou tout elèv

Si apre plis pase 200 lane, Ayiti pa ko janm rive monte yon sistèm lekòl kote tout elèv ka etidye nan lang yo pi maton ladan l lan, se paske chwa sou politik lengwistik yo te mal fèt depi nan kòmansman istwa nasyon an. Casimir (2018) esplike sa nan liv li ki rele Une lecture décoloniale de l’histoire des haïtiens. Selon sa Casimir esplike, aprè Endepandans Ayiti nan dat premye janvye 1804, lang franse a te toujou rete nan peyi a kòm sèl kòk chante nan dosye edikasyon fòmèl, lalwa, administrasyon, leta e latriye menm si se sèlman yon ti pousantaj —yon ti elit— ki pale franse fen e byen. Se menm gwoup frankofòn sa a ki te rive fè dappiyanp sou kontwòl administrasyon piblik, edikasyon ak lòt espas fòmèl e ki te kenbe eritaj franse a prezan kòm sèl lang lejitim ann Ayiti. Reyalite sa a se dayè yon paradòks paske pifò moun ki sèvi ak franse nan kontèks sa yo ta pi alèz an kreyòl. Poutan itilizasyon lang kreyòl la t ap asire yon kominikasyon efikas kote tout Ayisiyen alawonn Badè t ap ka patisipe nan deba yo ak nan pwogrè sosyete a. 

Jean Casimir te analize reyalite sa a sou baz divizyon klas sosyal e sou baz eritaj kolonyal la kote Lafrans, an 1804, te kite ann Ayiti yon ansanm nòm sosyal ak pratik lengwistik e kiltirèl nan men yon gwoup ki tounen nouvo otorite ki vle pou se yo ki sèl mèt peyi. Ebyen, se menm dappiyanp sa a sou administrasyon piblik la ki lakoz lang kreyòl la, ki se lang majorite ayisyen pale, pa ko janm ka antre, nan menm nivo ak franse, nan enstitisyon fòmèl yo.

Tankou jan Migge & Léglise (2007) esplike sa nan tèks ki rele Language and Colonialism. Applied Linguistics in the Context of Creole Communities, pou travay sa a rive fèt, elit la pa janm aji pou kont li ; li toujou travay an konplisite ak ansyen peyi kolonizatè yo pou yo kenbe lang kolonizatè a nan espas pouvwa yo. Ebyen, nan sans sa a, otorite Lafrans, kòm peyi ki te kolonize Ayiti, kontinye manifeste volonte pou yo kenbe franse prezan ann Ayiti kòm zouti pou dominasyon Lafrans sou rès monn lan.

Tout tantativ dominasyon sa yo antre anndan sa Robert Philippson rele lengwistik neyo-enperyalis. Li defini tèm sa a kòm yon mannèv pou kore inegalite ant moun ki pale lang dominan yo (moun « an wo » yo) ak moun ki pale lòt lang yo (moun « an ba » yo) nan kad yon dominasyon ki baze sou esplwatasyon (Phillipson 2008). Objektif sa a reyalize a travè : penetrasyon lang dominan an nan sosyete a ; fragmantasyon kouch sosyal yo ; majinalizasyon moun ki pi ba nan echèl sosyal la ; ideyoloji moun « an wo » yo kreye pou asire gwojemoni (Phillipson 1997). Se menm mannèv sa yo ki esplike pou ki sa, an 2015, lè ansyen prezidan franse a François Hollande te vizite Ayiti, li te deklare :

« Frankofoni favorize lyen Lafrans gen ak Ayiti gras ak itilizasyon lang franse. N ap veye pou lise k ap bati jodi a ann Ayiti ofri plis ansèyman an franse, an ba bouch sitwayen franse, lè sa posib, sinon an ba bouch anseyan ki frankofòn, paske nou pa vle wè disparisyon lang franse ki fè idantite Ayiti ».

Pou kontinye kore politik gwojemonik sa yo ann Ayiti, Anbasadè Fabrice Mauriès te deklare, nan Le Nouvelliste an 2022, misyon li se pou rann Lafrans pi enfliyan ann Ayiti.

Konsekans move chwa sa yo ka genyen sou aprantisaj elèv yo ak sou peyi a an jeneral

Lang ann Ayiti se zouti pou dominasyon sosyal. Se yon lòt fòm kontwòl neyo kolonyal ki nan avantaj yon elit. Sosyològ franse Pierre Bourdieu te fè anpil travay sou fenomèn sosyal sa a. Bourdieu te pwopoze yon konsèp « mache lengwistik » kote gen kèk « pwodui » (egal : sèten lang oswa varyete lang) ki gen plis valè pase lòt. Sa ki lakòz gen yon kantite moun ki gen plis posibilite pou yo jwenn pwodui ki gen plis valè yo epi yo konn ki jan ak ki lè pou yo itilize pwodui sa yo pou avantaj pa yo. Donk, nan sosyete yo, nou vin jwenn divès gwoup moun ki metrize diferan repètwa lengwistik ; sa ki vin fè divès gwoup sa yo posede diferan kantite « kapital lengwistik » — sa vle di kapasite pou yo pale yon fason ki adapte ak « mache » a (Bourdieu 1991). Mete sou sa, selon Bourdieu, distribisyon kapital lengwistik makonnen ak distribisyon lòt fòm kapital (tankou : kapital ekonomik, kapital kiltirèl, e latriye). Kapital sa yo defini pozisyon yon moun nan espas sosyal la. Ki donk, diferans lengwistik sou baz aksan, gramè ak vokabilè se endis ki ranfòse pozisyon sosyal moun ki ka rive posede sa sosyete a konsidere kòm pi bon pwodui yo — pwodui « lejitim » yo. Plis yon moun posede yon kapital lengwistik ki pi fò se plis yo kapab esplwate sistèm diferans sa a pou avantaj pa yo.

Ebyen, si n ap byen gade reyalite Ayiti soti depi nan endepandans rive jounen jodi a, nou ka rive konprann ki jan sistèm la monte yon fason ki kenbe moun an ba yo an ba nèt nan twou mizè. Epi se sistèm edikasyon an ki sèvi kòm espas kote otorite yo gen pi plis kontwòl pou yo ranfòse divizyon sosyal yo selon ki gwoup ki metrize lang lejitim lan (franse) e ki sou tèt lòt yo ki pa metrize lang franse a.

Ki sa nou dwe fè pou rezoud pwoblèm sa a ?

Sitiyasyon peyi ki gen difikilte pou fè refòm lengwistik nan sistèm edikasyon pa yo se konsekans opresyon neyo kolonyalis ki makonnen ak lojik gwojemoni lengwistik. Youn nan zouti gwojemoni lengwistik sa a se teyori lengwistik k ap mennen nan analiz k ap chache montre lang kreyòl la pa ka sèvi nan edikasyon ak nan lòt espas fòmèl. Michel DeGraff travay anpil nan demonte mit sa yo ki antre nan sa li rele « teyori esepte sou kreyòl ». Selon li, « teyori esepte » sa yo se yon seri kwayans, ki gaye tou patou : ni pami lengwis yo, ni pami moun ki pa lengwis. Yo pa sispann klewonnen lang kreyòl yo — soti Ayiti rive Awayi — se yon kategori lang ki pa menm ak lòt lang selon istorik yo ak chapant yo. Kwayans sa yo gen konsekans ki pa sèlman teyorik nan domenn lengwistik. Pa egzanp, gen lengwis ki deklare lang kreyòl yo se andikap pou moun ki pale lang sa yo (DeGraff 2009). Donk, mit sa yo se youn nan move koze ki kontinye ap afebli wòl lang kreyòl yo ta dwe jwe nan edikasyon ak devlopman sosyal e ekonomik kreyolofòn yo ann Ayiti ak rès monn lan kote nou jwenn moun ki pale kreyòl oubyen lòt lang yo meprize tankou lang otoktòn yo.

Nan ka Ayiti, pou n rive rezoud pwoblèm sa a, kote lang kontinye sèvi kòm zouti pou esplwatasyon, nou ta sipoze enspire nou de istwa endepandans Ayiti menm. Michel-Rolph Trouillot (1995) mete aksan sou istwa peyi d Ayiti kòm yon bèl egzanp rezistans kont sistèm kolonyal la. Ki donk panse dekolonyal la ta dwe sèvi kòm zouti refleksyon pou n jwenn pi bon fason pou n bati idantite nou kòm Ayisyen an rapò ak lang nou, kilti nou ak istwa nou (Travieso 2023). Nan sans sa a, kouran panse dekolonyal la ka sèvi kòm referans pou ede nan pote yon chanjman nan atitid nou kòm Ayisyen. Nou ka itilize kouran sa a pou n demistifye ideyoloji kolonyal yo nan kontèks ki enplike pwojè politik, atistik, entelektyèl, epistemolojik ak lòt kalite domèn. Sa pral abouti sou yon rezistans ki vize retablisman souverènte nasyonal la nan tout dimansyon li paske lang lan konekte, nan yon nivo ki fondamantal, edikasyon ak tout lòt aspè enpòtan nan lavi kominote a. Lang lan se yon zouti ki transvèsal.

Konklizyon

Difikilte nou remake nan chwazi yon modèl edikasyon ki ta pi efikas pou majorite aprenan yo se pa yon bagay nouvo ann Ayiti. O kontrè, sa vin tounen yon mak fabrik nan mouvman edikasyon. Lè n konsidere premye gwo mouvman ki te vle chanje politik lengwistik nan edikasyon ann Ayiti (egal : Refòm Bernard 1982 a), sa pa ko janm ka rive ateri depi plis pase 40 lane. Kad Oryantasyon Kourikolòm (KÒK) yo se tantativ ki pi resan pou bay lang kreyòl la yon plas ki solid nan sistèm lekòl la. KÒK yo ap chèche adapte politik lengwistik nan edikasyon ann Ayiti ak sa n wè nan lòt peyi ki deja lanse pwojè Edikasyon Miltileng ki baze sou Lang Manman (EMLM). Malerezman, lè n byen gade dokiman KÒK yo, gen woule m 2 bò ladan : yo fè chwa modèl edikasyon bileng k ap kontinye kreye pi plis inegalite. Si sa rive fèt kon sa, se paske gen yon ideyoloji lengwistik ki byen monte ann Ayiti ki bay lang franse a yon longè d avans nan tout enstitisyon fòmèl yo. Non sèlman ideyoloji sa a bloke amoni sosyal ann Ayiti, men, tou, li vyole dwa lengwistik majorite aprenan yo. Nou pa ka rete bra kwaze devan enjistis sa a ; nou dwe chanje sa. An n chèche enspirasyon nan mouvman dekolonyal la k ap ede n konprann rezon ki fè lang kreyòl la ta dwe sèvi kòm lang prensipal pou edikasyon nan peyi a nan pèspektiv devlopman sosyal entegral ak kreyasyon opòtinite pou pwochen jenerasyon yo san fòs kote.

Kèk kesyon ak egzèsis k ap ka ede n reflechi pi plis sou tèks la

  1. Nan atik sa a, nou prezante konsèp « neyo enperalis lengwistik » ak « teyori esepte sou kreyòl » e sou ki jan yo konn itilize lang kòm zouti dominasyon ak manipilasyon.
  2. Ki jan w ka defini konsèp sa yo ak pwòp mo pa w sou baz esplikasyon ki nan tèks la ?
  3. Demontre ki jan MENFP nan kad elaborasyon KÒK yo antre nan woule m 2 bò a (egal : mi wo mi ba).
  4. Dekri sèten sitiyasyon ann Ayiti kote w santi w ap viv enpak politik lengwistik malachong nan MENFP ? Ki jan sitiyasyon sa a te fè w santi w ?
  • Sosyològ Pierre Bourdieu defini « kapital lengwistik » tankou yon fenomèn ki ka favorize yon gwoup moun pi plis pase yon lòt gwoup nan sosyete a. Lè w gade reyalite lengwistik peyi d Ayiti, ki jan w panse sosyete a kreye epi alimante inegalite sosyal sa yo sou baz kapital lengwistik ? Ki sa w panse ki ta dwe fèt pou nou rezoud pwoblèm sa a ? 

  • Platfòm MIT-Ayiti te pibliye 2 atik an 2023 ak 2024 pou ede MENFP resezi l epi ede l dekouvri diferans fondamantal ki egziste ant KÒK yo ak Refòm Bernard 1982 a. Nou envite w li atik sa yo epi dekouvri diferans sa yo. Lè w fin li 2 atik sa yo, esplike ak mo pa w diferans sa yo epi pataje ak kamarad ou yo sa w dekouvri sou KÒK yo.

Referans

  1. Ball, J. (2011). Enhancing learning of children from diverse language backgrounds : Mother tongue-based bilingual or multilingual education in the early years. https://unesdoc.unesco.org/ark:/48223/pf0000212270
  2. Benson, C. (2016). Addressing language of instruction issues in education : recommendations for documenting progress.
    https://unesdoc.unesco.org/ark:/48223/pf0000245575
  3. Bourdieu, P. (1991). Language and symbolic power (J. Thompson, Ed.). Polity Press.
  4. Casimir, J. (2018). Une lecture décoloniale de l’histoire des Haïtiens : Du traité de Ryswick à l’occupation américaine (1697-1915). L’Imprimeur, S.A.
  5. DeGraff, M. (2009). Creole exceptionalism and the (mis) education of the Creole Speaker. In J. A. Kleifgen & G. Bond (Eds.), The Languages of Africa and the Diaspora (pp. 124–141). Multilingual Matters.
    https://doi.org/10.21832/9781847691354-011
  6. DeGraff, M. (2016). Mother-tongue books in Haiti : The power of Kreyòl in learning to read and in reading to learn. Prospects, 46(3–4), 435–464.
    https://doi.org/10.1007/s11125-017-9389-6
  7. DeGraff, M., Frager, W. S., & Miller, H. (2022). Language policy in Haitian education : a History of conflict over the use of kreyòl as Language of instruction. The Journal of Haitian Studies, 28(2), 33–95.
    https://doi.org/10.1353/jhs.2022.a901944
  8. Heugh, K. (2011). Theory and practice – language education models in Africa : research, design, decision-making and outcomes. In A. Ouane & C. Glanz (Eds.), Optimising learning, education and publishing in Africa : the language factor; a review and analysis of theory and practice in mother-tongue and bilingual education in Sub-Saharan Africa (pp. 105–155). UNESCO Institute for Lifelong Learning.
    https://files.eric.ed.gov/fulltext/ED540491.pdf
  9. Le Nouvelliste. (2022). Fabrice Mauries, nouvel ambassadeur de France en Haïti : « Pour une France plus présente, plus influente ».
  10. Migge, B., & Léglise, I. (2007). Language and Colonialism. Applied linguistics in the context of creole communities. In M. Hellinger & A. Pauwels (Eds.), Language and Communication : Diversity and Change (Vol. 9, pp. 297–338). Mouton de Gruyter.
  11. Nagel, O. V., Temnikova, I. G., Wylie, J., & Koksharova, N. F. (2015). Functional Bilingualism : Definition and Ways of Assessment. Procedia – Social and Behavioral Sciences, 215, 218–224. https://doi.org/10.1016/j.sbspro.2015.11.625
  12. Phillipson, R. (1997). Realities and myths of linguistic imperialism. In Journal of Multilingual and Multicultural Development (Vol. 18, Issue 3, pp. 238–248). https://doi.org/10.1080/01434639708666317
  13. Phillipson, R. (2008). The linguistic imperialism of neoliberal empire. Critical Inquiry in Language Studies, 5(1), 1–43. https://doi.org/10.1080/15427580701696886
  14. Travieso, E. (2023). Ecological implications of the sacred in Azor’s “Palmis Kanpe.” The Journal of Haitian Studies, 29(1), 16–36. https://doi.org/10.1353/jhs.2023.a922855
  15. Trouillot, M.-R. (1995). Silencing the past : power and the reproduction of history. Beacon Press.

TELECHAJE | Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments