Kolonyal oswa dekolonyal ?

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

« Pou mekanik kolonyal la ka mache, kolon yo dezabiye nou toutouni. Nou rete ak yon sèl bagay yo pa ka pran : se mekanik lavi pa nou, mekanik dekolonyal la. Li baze nan solidarite ak resipwosite, nan koute malere ki an fas nou a, nan wè ki sa nou ka fè ansanm pou nou chape poul nou an ba mekanik kolonyal la. Lè n toutouni kou vè tè, sèl byen nou se konsyans nou, bòn volonte nou. Kòm konpetisyon ap pete fyèl nou, nou blije klete lakou a. Sa pwoteje dekolonyalite a. » – PWÒF JEAN CASIMIR

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt li.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun »« kreyòl »« pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.

Kolonyal oswa dekolonyal ?

You gwoup zanmi envite m reflechi avè yo sou kouman vyolans ap donnen lakay. Mwen reponn yo : li pi fasil pou n pale de kouman kontantman, lajwa, lavi donnen lakay. Jòj Silven (Georges Sylvain), an 1904, te ekri : « Pa gen anpil ras moun ki gen mès ki pi toleran, pi senp, pi fasil pase nou ». Epi li te ajoute : « Men, sepandan, nou pa ka pa wè ke gen zak sosyete a poze ki montre nou pa gen okenn konsiderasyon pou lavi kretyen vivan. Defòmasyon sa a soti nan jan nou konprann pouvwa politik la ».[1]

Nan anpil peyi, lè 2 moun kontre, youn swete lòt lapè. Nou menn, lè nou di yon moun « Ban m lapè tèt mwen ! », se kòm si nou te di l « Ale w vouzan ! ». Nou ka di l : « Mwen kontan wè w ». Nou ka menm rive di l : « Mwen kontan resevwa w lakay mwen ». Malerezman, jis kounye a, etranje ki vin lakay pa pot lapè ba nou.

Se pa nou ki responsab politik Georges Sylvain ap pale a. Politik modèn kolonyal la debake ak Kristòf Kolon an 1492. Depi lè sa a, nou pèdi lapè tèt nou. Zòt pot tout kalite rayisab nan lakou a. Li debake ak règleman pa li epi li fòse nou antre nan konpetisyon youn ak lòt pou nou viv.

Kreyòl se achiv nou : Brase lide ant Pwòf Jean Casimir ak Pwòf Michel DeGraff sou dekolonyalite (1e pati)

Pou mekanik kolonyal la ka mache, kolon yo dezabiye nou toutouni. Nou rete ak yon sèl bagay yo pa ka pran : se mekanik lavi pa nou, mekanik dekolonyal la. Li baze nan solidarite ak resipwosite, nan koute malere ki an fas nou a, nan wè ki sa nou ka fè ansanm pou nou chape poul nou an ba mekanik kolonyal la. Lè n toutouni kou vè tè, sèl byen nou se konsyans nou, bòn volonte nou. Kòm konpetisyon ap pete fyèl nou, nou blije klete lakou a. Sa pwoteje dekolonyalite a.

Men, vle pa vle, se nan kafou kote prensip pa nou a kontre ak abi epi konpetisyon, se la nou gen pou nou viv lavi nou. Prensip oryante pratik ; li pa ka ranplase pratik. Mekanik kolonyalite a anpeche politik ki ta sot nan prensip pa nou yo chanje reyalite li vle foure nan gòj nou. Se sèl ak vyolans, wi, prensip kolon yo mache. Gwo ponyèt pa konvenk, ni pa enterese konvenk pèsonn.

Kreyòl se lang rasin ; franse se lang achte : Brase lide ant Pwòf Jean Casimir ak Pwòf Michel DeGraff sou dekolonyalite (2yèm pati)

Ki donk, nou menm, fò nou negosye. Lè Tousen (Toussaint) fin met Sontonaks (Sonthonax) deyò, li pran 6 mwa pou li voye Edouvil (Hédouville) lakay li. Sitiyasyon n ap viv jodi a diferan. Kolonyalis lontan te pi klè pase kolonyalite a. Tèt nèg, alèkile, twouble, si tèlman manti sènen li, ni a dwat, ni a gòch :

  1. Toussaint reyalize se piti li ye. Fò l negosye ak lougawou : Angle, Panyòl, Ameriken ak Franse. Men, li rekonèt se Lafrans ki mèt ke li. Donk li pa manke l dega pou gran mesi. L annik ba l yon bwa long kenbe.
  2. Li fè yon jan pou lame l mache ès ès. Li resevwa tout sòlda Sen Domeng blan Angle te anboche ; epi li anpeche Hédouville manyen privilèj ak avantaj sa ki t ap goumen pou Lafrans yo.
  3. Li pa foure bouch li nan kont Lafrans gen ak emigre. Se wayalis ki chaje ak kapital epi konesans — Toussaint bezwen yo. Repibliken ansyen lib soti nan lapolis, yo responsab lòd kolonyal. Toussaint pa pran pou yo devan wayalis ki ka fè plantasyon yo mache.
  4. Li pa atake Hédouville an fas. Li voye biwokrat lakomin mete presyon sou li. E pou fonksyonè sa yo ka mache, li fè kiltivatè yo fann nan ke lakomin.
  5. Kanta kiltivatè yo, sitou medam yo, se yon nich foumi li lage nan kòsay lakomin ak gouvènè a. San konte, li ankouraje kiltivatè yo pwoteste an kreyòl, pou yo santi yo pi alèz.
  6. Sèl gwoup Toussaint pa fin twò yès avè l, se nèg ki fèk debake yo, ki vle di pifò nan nou. Nou gen yon antant an ba chal. Rezo fòmann ki òganize soulèvman Bwa Kayiman an pa poze ; kon sa kiltivatè yo, sitou medam yo, kanpe sou 2 pye militè yo. Toussaint garanti pwogrè yo reyalize apre 1791. Men, li bezwen zam pou l defann peyi a. Ki donk, fò li pwodui danre, fò li devlope bitasyon kote ki gen abi, menm si gen mwens.

Toussaint pa sot gayan, paske, Hédouville pa ko vire do l, Leklè (Leclerc) debake ak yon kolonn chen anraje. Men, Toussaint te gen yon lide sou kouman pou l negosye ak blan an. Sitiyasyon nou, an 2022, ka konpare ak sa Toussaint viv la. Men, èske se yon Toussaint — yon lidè — nou bezwen oswa se lide nou pa genyen.

Tout lidè ki kite tras lakay mouri asasinen anvan lè yo ; kòmanse ak Makandal, Boukman, Toussaint, Lamou Derans (Lamour Dérance), San Sousi (Sans Souci), Halaou, Gyanbwa, Romèn Lapwofetès (Romaine La Prophétesse), Desalin (Dessalines), Goman, Akao (Acaau), Silven Salnav (Sylvain Salnave), Chalmay Peralt (Charlemagne Péralte)… Sòf Sylvain Salnave, yo youn pa moun lavil. Moun lavil mouri nan kabann.

Kesyon m ap poze tèt mwen, èske se pa lide ki ka oryante nou nou bezwen ? Lidè a ka mouri ; lidè a se yon flanbo tout moun ka ranmase. Toussaint pa janm distribye anyen. Se egzijans sou blan l ap jere. Blan vin mete pye sou kou nou. Se nan negosye sere, wi, nou kreye yon ti espas pou nou respire.

Kounye a, politik ann Ayiti fèt an kreyòl. Èske sa vle di nou koumanse jere lapè lakay la : lapè nou menm nou bay tèt nou ? Genlè nou koumanse bouke jere sa blan vin lage devan pòtay la.

[1]. « Réponse au discours de réception du Dr Léon Audain à la Société de Législation de Port-au- Prince », juin 1904, pawòl ki parèt nan atik L. Audain, Le Mal d’Haïti, p. 54, 55, nan liv Sténio Vincent, En posant les jalons… Port-au-Prince, Imprimerie de l’État, t. I, 1939, p. 132.

Tanpri, rete branche epi angaje. N ap kontinye brase lide nan pwochen atik yo.

Pwòf Ti Jan Bosal te vin brase lide ak Pwòf Michel DeGraff ansanm ak etidyan li yo nan yon seminè nan MIT ki rele Lang kreyòl ak fòmasyon idantite nan zòn Karayib la. Sa se 2 videyo ann angle kote pwòf yo ap brase lide sou menm kalite tematik « Dekolonyalite » ki nan videyo ak tèks an kreyòl ki an lè a☝🏿.

Referans: https://ocw.mit.edu/courses/24-908-creole-languages-and-caribbean-identities-spring-2017/resources/24908-s22-part-1-version-5/
Referans: https://ocw.mit.edu/courses/24-908-creole-languages-and-caribbean-identities-spring-2017/resources/24908-s22-part-2-version-3/

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments