Entèvyou ak Nathalie Cerin (Miss Talie)

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Sanba Nathalie Cerin (Miss Talie) te chita pale ak Grenadyèz Jemima Morinvil nan kad yon seri entèvyou ak plizyè atis ki tou ofri nou yon bann ak yon pakèt bèl lide sou divès kalte atizay.  Atis sa yo ban nou bèl diplis sou plan leson ke Jemima ak Laissa te devlope kòm resous siplemantè sou konsèp atizay ki mache ak Liv Trapèz Roseny Blanca (Voyageons Local).

Talie se chantè, konpozitè, gitaris, edikatè e ekriven. Li grandi Pòtoprens epi kounye a l ap viv nan Filadèlfi oz Etazini. Mizik li se yon melanj mizik tradisyonèl ayisyen avèk mizik « R&B » ameriken. Nan lane 2019, Talie soti yon albòm ki rele « Solèy Midi ». Albòm lan disponib sou pifò platfòm kote n ka jwe epi achte mizik sou entènèt. Talie se editè yon piblikasyon sou entènèt ki rele « Woy ! Magazine », ki ekri nan 2 lang ofisyèl peyi a (egal : kreyòl ak angle) e ki ofri atik sou istwa, kilti ak politik ann Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments