Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « Prensip lakou a » nan istwa d Ayiti

Comment Icon 0
Istwa lakou a
Istwa lakou a
Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « Prensip lakou a » nan istwa d Ayiti
Loading
/

« SI OU PA KONPRANN LAKOU A, OU PA KA KONPRANN ISTWA D AYITI » – PWÒF JEAN CASIMIR

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt yo.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye… Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè.

Pwofesè Jean Casimir (sosyològ, antwopològ, istoryen nan Fakilte Syans Moun, Inivèsite Leta d Ayiti) ap brase lide ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste (MIT-Ayiti) sou « Abitan » nan istwa ak sosyoloji peyi d Ayiti. Pwòf Casimir ap pataje yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti konsènan istwa lakou a.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments