Fwi ak Legim : Plan leson ak Kaye egzèsis

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Nan bèl resous sa a, Doktè Tatiana Behrmann fè ti moun yo kado yon plan leson ak kaye egzèsis sou fwi ak legim. Plan leson sa a gen plizyè aktivite ki pral ede anseyan yo ak elèv yo dekouvri e pataje plis konesans sou fwi ak legim. Pandan ti moun yo pral byen aprann fè diferans ant fwi ak legim, yo pral kòmanse damou fwi ak legim yo ki enpòtan anpil pou ede yo kenbe kò yo an sante.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Doktè Tatiana Behrmann se yon edikatè k ap travay kòm direktè e manm konsèy pou lekòl Bridge Academy ann Ayiti. Anvan sa, li te pase plis pase 10 lane nan Summer Institute for the Gifted kote li t ap travay kòm pwofesè epi kòm direktè. Aprè tranbleman tè ki te souke Ayiti an 2010, li te deside retounen lakay li kote li te santi li te ka fè yon travay ki gen pi plis jèvrin. Nan menm lane 2010 sa a, Tatiana te pran yon diplòm metriz nan lidèchip jesyon pou edikasyon. Epi se nan lane 2017, li fini etid li nan nivo doktora nan menm branch sa a. Rechèch doktora li se te sou metòd ki ka fè aprantisaj elèv yo vin pi djanm, espesyalman nan disiplin S.T.En.M. yo (Syans – Teknoloji – Enjeniri – Matematik). Tit tèz doktora li se : « Evaluating the Effects of Mother Tongue on Math and Science Instruction ». Li pataje yon rezime tèz la sou Platfòm MIT-Ayiti. Mèsi Dòk Tatiana !

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments