Legim : Nou kiltive l ! Nou manje l !

Comment Icon 2 Favorite Icon 0

Estrateji kominikasyon pou jaden legim nan lekòl

Nan liv sa a, Bernade Leonidas ap pataje estrateji ak metòd pou konpatriyòt nou yo ki nan domèn kominikasyon ak edikasyon. Objektif la se pou fè pwomosyon travay nan jaden kòm metòd aprantisaj nan lekòl tèt an wo k ap ede ti moun yo kiltive pwòp manje a yo. Wi, vreman vre, agrikilti se yon resous fondal natal pou devlòpman peyi tèt an wo.

Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Bernade Leonidas se yon jèn fanm ki soti Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti. Li fè etid primè ak segondè ann Ayiti. Apre sa, li kite peyi a pou l ale nan peyi Lasyèd. Se la li fè etid inivèsitè nan domèn kominikasyon. Depi plis pase 17 lane, l ap viv nan peyi sa a ; men, Ayiti toujou rete nan nanm li. Bernade grandi avèk grann li ansanm ak gran frè li nan komin Dèlma. Rèv li se pou l rive patisipe nan devlòpman peyi l tout jan l kapab. Li ta renmen wè peyi a gen yon lòt imaj nan monn lan. Bernade travay nan plizyè òganizasyon nan peyi Lasyèd. Òganizasyon sa yo reyalize anpil pwojè ann Ayiti. Liv sa a se yon fason pou l bay bourad nan konbit pou n kreye yon lòt Ayiti.

Remak

Abone
Anonse
guest
2 Remak
Inline Feedbacks
View all comments
Aly Gazal

Congratulations to Mme Leonidas.
“A hungry man is an angry man” said the singer.
Good idea to go from the base and show how to catch fish rather than always giving food.
Keep on Lady

Michel DeGraff

YES!!!! Mèsi pou solidarite w.