Paralelogram

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Pwòf Guerda Jean-Guillaume se pwofesè nan syans edikasyon nan « Centre de recherche et de formation en sciences de l’éducation et d’intervention psychologique » (CREFI). Li se yon manm Konbit MIT-Ayiti tou. Se Pwòf Guerda ki ekri aktivite sa yo pandan li te MIT nan kad atelye fòmasyon avanse sou aprantisaj aktif. Pwòf Haynes Miller, ki se youn nan lidè nan Inisyativ MIT-Ayiti, te pote kolaborasyon pa l tou. Aktivite sa yo envite elèv yo esplore ki karakteristik ki mete paralelogram yo nan yon kategori apa pami tout lòt kwadrilatè konvèks yo. Epi elèv yo pral chache idantifye kèk gwoup paralelogram ki pa menm ak lòt yo. Metòd pedagojik la chita sou travay esplorasyon ann ekip. 

Nan pwoblèm sa yo, elèv yo mèt mezire longè liy yo ansanm ak degre ang yo pou yo konpare triyang yo. Kon sa, elèv yo pa oblije konnen teyorèm sou triyang ki sanble youn ak lòt.

Telechaje Guerda Paralelogram.pdf

Depi elèv ou yo plis konn sèvi ak règ ansanm ak konpa pou yo trase fòm jeyometrik, ou ka modifye egzèsis yo. Pa egzanp, yo ka verifye Konklizyon #2, #3 ak #4 dapre metòd ki sèvi ak teyorèm sou triyang ki sanble youn ak lot.

Gen plizyè lòt aktivite pwolonjman ou ka mete sou lis egzèsis sa yo. Ou ta ka envite elèv ou yo pwopoze yon nouvo kategori kwadrilatè konvèks, bay nouvo kategori sa a yon non, epi esplore propriyete kategori sa a ansanm ak relasyon li genyen ak lòt kategori ki deja egziste yo. Pa egzanp, an n sipoze A ak C se 2 estremite ki pa gen liy ki konekte yo, epi an n mande pou 2 kote ki tèmine nan estremite A gen menm longè, epi tou fòk 2 kote ki tèmine nan estremite C gen menm longè. Men kèk kesyon : Ki kalte rektang gen pwopriyete sa yo ? Èske dyagonal yo ap kwaze youn ak lòt nan mitan chak dyagonal ? Èske gen ang somè ki dwe egal youn ak lòt ?

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments