Rasin Liberasyon Pèp Ayisyen an

Comment Icon 0 Favorite Icon 0
Otè a itilize entèlijans atifisyèl OpenAI pou jenere imaj sa a.

Se Angelo Gabriel ki ekri tèks sa a. Angelo se youn nan loreya konkou tèks an kreyòl nan Anseye pou Ayiti (APA) nan premye trimès ane 2026 la.

Nou toujou tande gran papa Dyesibon di : « Pèp ki bliye rasin li se yon bato san gouvènay. »

Lannuit te pran plas li an katimini nan Lolo. Soti an wo rive jis an ba, plizyè ti gwoup te reyini devan prèske chak kay. Genyen ki nan lago deli, genyen k ap tire kont, lòt yo ap fè jwèt lalin ak solèy ak tout kalte jwèt tradisyonèl. Mwen menm ansanm ak Apanou, Padeplis ak Apali, nou chita an ba bouch gran pè Dyesibon nan lakou a an ba klète tèt gridap syèl la. Li kòmanse rakonte n istwa ki soti lwen, istwa ki gen nanm e ki chaje ak emosyon. Li pale ak yon vwa ki tankou yon tanbou, yon kadans ki fè kè nou bat pi fò e nou menm gen enpresyon kòm ki dirè tanbou ki te nan kwen lakou a t ap respire ansanm ak istwa a. Van an t ap soufle nan espas la. Se tankou li t ap pran istwa a pote ale bay zansèt yo. Ansyen an esplike n ki jan pèp nou an te fèt, ki jan li te leve nan mitan mizè e ki jan li te toujou kenbe yon kè ki pa t janm sispann bat pou libète.

Padeplis leve men l, li di : « Gran moun, ki orijin moun ki te premye viv sou tè sa a ? » Lepè a souri epi li reponn : « Tou premye zansèt pèp endijèn Amerik yo te soti ann Azi, sa fè plizyè milye ane anvan nesans Jezi Kri. Lè glas te kouvri lanmè a, yo te travèse Detwa de Berin, yon pasaj natirèl ki te konekte Azi ak Amerik di Nò. Apre sa, yo te gaye sou kontinan an epi zansèt Tayino yo te soti sitou nan Amerik di Sid e yo te kòmanse tabli nan zile Karayib yo plis pase 2 000 ane de sa. »

Gran papa Dyesibon rakonte nou anpil bagay sou fason Tayino yo te konn viv. Tayino sa yo se youn nan pèp endijèn ki t ap viv sou zile a lè Kristòf Kolon te debake ak ekip li an 1492. Tayino yo te konn danse an ba lalin lan, chante pou solèy la epi onore chak eleman lanati. Li fè n konprann ki jan yo te makonnen lavi yo ak tè a tankou yon sèl antite. Pou yo, solèy la pa t sèlman bay limyè. Yo te konsidere solèy kòm sous lavi. Lalin lan menm pa t yon siy silans ; men, se te pito yon konpayon pou lannuit. Zile a te tankou yon jaden benediksyon : bèl mòn ki chaje vejetasyon ak manje, rivyè k ap desann, bèl melodi tout kalte zannimo epi lanmè ki reflete limyè solèy.

Tayino yo te renmen zile sa a anpil. Yo te fè youn ak li. Yo te rele l « Ayiti », ki vle di nan lang arawak Tayino yo « Peyi mòn ki wo ». Yo te gen yon sistèm kote tout moun te pataje sa yo genyen. Pratik pataj ak travay ansanm sa yo fè nou sonje lespri konbit nou jwenn ann Ayiti jounen jodi a.

Men, lodyansè a fè nou konprann, lavi pa t toujou dous. Nan dat 5 desanm 1492, twa bato te parèt sou lanmè a : La Santa Maria, La Niña, ak La Pinta avèk yon ekipaj total ki te gen anviwon 90 moun. Nan demen, 6 desanm, Kristòf Kolon ak ekip li te debake sou zile a. Yo te soti ann Espay pou chèche yon wout nan direksyon lwès pou rive ann Azi. Kristòf Kolon te kwè Ayiti se te yon zile ann End. Se rezon sa a ki fè yo te rele Tayino yo « Endyen ». Apre sa, yo te vin batize zile a « Ispanyola », ki vle di « Ti Espay ».

Debakman sa a t ap pral transfòme zile a. Kristòf Kolon ak akolit li yo te pote zam, maladi ak yon vyolans san parèy sou zile a. Yo te pran kontwòl tè sa a malgre Tayino yo te akeyi yo ak anpil byenveyans. Popilasyon Tayino yo te diminye yon fason katastwofik an ba maladi, esklavaj, grangou, travay fòse ak vyolans kolonizasyon.

Pandan Espay t ap layite kò l sou zile a, Lafrans te wè richès Ispanyola yo te twòp pou Espay pou kont li. Depi anviwon 1625, pirat, boukanye ak kolon franse te kòmanse tabli sou zile Latòti ak nan pati lwès zile Ispanyola a. An 1697, pou evite latwoublay ant 2 peyi kolonizatè yo, Trete Ryswick la te fè Espay rekonèt kontwòl Lafrans sou pati lwès la. Teritwa sa a vin rele Sen Domeng, youn nan koloni franse ki te vin pi rich pami tout koloni nan monn lan.

Richès Sen Domeng pa t soti nan tè a sèlman. Yon lòt sous richès sa a se syè ak san kaptif afriken Lafrans te bwote soti ann Afrik tankou bèt sovaj pou vin ranplase Tayino yo. Ak prezans kaptif afriken yo apre masak jenosidè ki te lakòz depopilasyon pèp endijèn yo, istwa zile a pral antre nan yon lòt faz. Istwa a di nou ke zansèt afriken yo te debake ak chenn nan men, chenn nan pye, tankou volè ak asasen. Yo te soti nan plizyè nasyon ann Afrik : rejyon Kongo ak Afrik Santral, Senegambi, Benen, Ginen ak lòt zòn nan Afrik de Lwès. Chak pèp te pote chante, dans, kwayans ak lang pa yo epi yo te vin fwote nan kontak ak malere ki te soti nan peyi Lafrans e ki t ap travay kòm « angaje » sou plantasyon. Nan kontak chak jou ant divès lang afriken ak varyete franse ki t ap pale nan koloni an, ansanm ak lòt enfliyans nan sosyete Sen Domeng lan, yon nouvo lang te vin pran fòm. Yo te rele lang sa a « kreyòl ». Lang sa a t ap pral sèvi kòm vwa libète, vwa inite, vwa rezistans ak vwa revolisyon.

Kaptif afriken yo te an ba chenn. Men, chenn yo pa t puisan ase pou kraze lespri moun ki te detèmine pou yo viv lib. Lontan anvan soulèvman 1791 lan, anpil nan kaptif yo te konn kouri kite plantasyon yo pou y al viv lib nan mòn ak nan bwa. Yo te rele moun sa yo « mawon ». Mawon yo te konn òganize rezistans kont sistèm esklavaj la. Kòn lanbi ak lòt mwayen kominikasyon te ede yo sikile mesaj travèse mòn, plenn, vale, rivyè ak ravin.

Se tradisyon rezistans sa a ki te mennen zansèt yo nan Kongrè Bwa Kayiman, tou pre Okap, nan dat 14 dawout 1791. Dapre tradisyon istorik la, se la plizyè kaptif te reyini pou pran angajman pou yo leve kanpe kont sistèm esklavaj la. Uit jou ann apre, nan lannuit 22 rive 23 dawout, yon gwo soulèvman pete nan zòn nò Sen Domeng. Kaptif yo mete dife nan plantasyon epi plizyè milye revolisyonè leve kanpe. Se te kòmansman yon revolisyon ki t ap pral dire plizyè ane e ki t ap pral boulvèse tout sistèm kolonyal esklavajis la.

Se pandan revolisyon sa a Toussaint Louverture te vin parèt kòm youn nan pi gwo lidè militè ak politik revolisyon an. Li te yon estratèj, yon negosyatè ak yon chèf lame ki te jwe yon wòl enpòtan nan batay kont esklavaj epi nan defans libète nan Sen Domeng. Yo souvan kredite Toussaint pou pawòl sa a : « Menm lè yo koupe pye bwa libète a, rasin yo toujou anpil e yo antre fon ; y ap repouse ankò. » Men, Toussaint pa t rive wè endepandans Ayiti : an 1802, lame franse te arete l epi depòte l an Frans, kote li mouri nan fredi prizon Fort de Joux nan mwa avril 1803.

Malgre arestasyon Toussaint, revolisyon an pa t kanpe. Gason ak fanm te kontinye leve kanpe pou diyite ak libète yo. Jean-Jacques Dessalines ansanm ak lòt chèf ak sòlda Lame Endijèn te kontinye dènye faz batay la kont lame franse. Dèyè chak kout zam, te gen yon pawòl ankourajman ; dèyè chak rèl, te gen lespwa. Revolisyonè yo te konnen libète pa bezwen pèmisyon : libète bati sou fondasyon kouraj, solidarite ak rezistans. Nan dat 18 novanm 1803, nan Batay Vètyè, Lame Endijèn ranpòte yon kokenn chenn viktwa sou Lafrans. Se viktwa Vètyè sa a ki ouvri chimen pou deklarasyon endepandans peyi a kèk semèn apre.

Premye janvye 1804, zansèt nou yo te fè limyè soti nan sann, yo te bay monn lan premye peyi nwa endepandan nan monn modèn lan, premye nasyon nwa ki retire tèt li an ba esklavaj ak kolonizasyon : Ayiti. Revolisyon an te charye twa gwo chanjman fondamantal ki pa gen parèy nan listwa limanite : abolisyon esklavaj, yon sistèm ki t ap trete moun tankou bèt ; abolisyon yerachi ak distenksyon legal ki te baze sou koulè po ; abolisyon sistèm kolonyal la, sa vle di pouvwa ilegal Lafrans sou zile a. Nan Konstitisyon 1805 lan, Jean-Jacques Dessalines, premye chèf d eta ann Ayiti, te deklare esklavaj aboli pou tout tan. Konstitisyon 1816 lan te konfime pa ka gen esklav sou teritwa Repiblik la epi li te deklare dwa azil kòm yon dwa ki sakre. Atik 44 la te prevwa tou tout Afriken, Endijèn ak desandan yo ki ta vin abite nan Repiblik la t ap rekonèt kòm Ayisyen epi yo t ap jwenn dwa sitwayen yo apre yon ane rezidans. Dispozisyon sa yo te ranfòse wòl Ayiti kòm yon tè libète ak refij pou moun k ap chape an ba esklavaj.

Se kon sa istorik peyi d Ayiti limen flanm libète tou patou paske, menm nan mizè nou, nan moman dezespwa ak katastwòf natirèl, lespri nou pa janm rete anprizone e nou toujou pote lespwa, kouraj ak lanmou pou peyi nou ak tout limanite. Gadyen memwa n toujou di : « Chak fwa nou pataje istwa sa a, n ap limen flanbo lespwa ». Konesans sou rasin nou, sou doulè ak viktwa zansèt nou yo, se pa sèlman yon devwa pou memwa ; se yon zouti pou n bati avni nou, pou n grandi ak sajès. Li raple n konba pou liberasyon nou pa fini lè chenn yo tonbe. Konba sa a kontinye nan fason nou panse ak nan fason nou edike tchovi yo ki pral ranplase nou pi devan.

Se nan moman sa a gran papa Dyesibon di nou li lè pou nou rantre al kouche. Nou rantre epi n al dòmi. Men, istwa sa a kontinye viv nan kè nou epi nou vizyalize l tankou yon fim nan rèv nou chak fwa nou dòmi.

PLAN LESON

Objektif leson an :

Elèv yo dwe kapab :

  • Esplike orijin pèp ayisyen an
  • Idantifye gwo etap nan batay pou libète Ayiti
  • Dekri wòl Tayino yo, kaptif afriken yo epi revolisyonè yo
  • Konprann orijin mo tankou « Ispanyola », « Sen Domeng » ak « Ayiti » kòm non pou teritwa sou zile a.
  • Reflechi sou valè kouraj, solidarite ak memwa istorik

Kesyon ki adapte pou tout nivo (primè ak segondè) :

  • Ki moun Tayino yo te ye ?
  • Nan ki objektif kolon ewopeyen yo te bwote kaptif afriken yo rive sou zile a ?
  • Ki wòl Toussaint Louverture ak Jean-Jacques Dessalines te jwe nan revolisyon ak endepandans peyi a ?
  • Pou ki sa 1e janvye 1804 enpòtan nan istwa d Ayiti ?

Pou elèv segondè yo : Kesyon pou ankouraje refleksyon kritik

  • Ki mesaj tèks la voye pou jèn jounen jodi a ?
  • Ki wòl lang kreyòl la te jwe nan revolisyon 1791–1804 la ?

Aktivite pratik

Elèv nivo primè :

  • Fè yon desen sou Tayino yo, Bwa Kayiman oswa endepandans lan.
  • Ekri 2 oswa 3 fraz sou sa nou panse ki pi enpòtan nan tèks la.

Elèv nivo segondè :

  • Ekri yon ti paragraf refleksyon sou ki leson nou tire nan batay zansèt yo.

Fè yon ti prezantasyon oral sou yon pèsonaj oswa evennman istorik ke nou dekouvri nan resous la.

REFERANS

Bellegarde, D. (2004). Histoire du peuple haïtien (1492–1952). Port-au-Prince : Les Éditions Fardin

Bernardin, R. (2015). Cinq siècles d’histoire politique d’Haïti (Tome I, 1492–1804). États-Unis.

Haïti. (1805). Constitution impériale du 20 mai 1805. Digithèque MJP, Université de Perpignan. https://mjp.univ-perp.fr/constit/ht1805.htm

Haïti. (1816). Constitution du 2 juin 1816. Digithèque MJP, Université de Perpignan. https://mjp.univ-perp.fr/constit/ht1816.htm

Hurbon, L. (dir.). (2000). L’insurrection des esclaves de Saint-Domingue (22–23 août 1791) : Actes de la table ronde internationale de Port-au-Prince (8–10 décembre 1997). Paris : Karthala.

Madiou, T. (1848). Histoire d’Haïti (Tome III).

Zamor, R., & Auguste, G. (s.d.). Le monde et son passé. 7e AF. Editha, Les Éditions Haïtiennes.

TELECHAJE ! Gade PDF la sou tout lajè ekran an.

Biyografi

Angelo Gabriel se yon jèn anseyan ki etidye pedagoji aktif ak lidèchip transfòmasyonèl nan Anseye Pou Ayiti. L ap travay nan domèn edikasyon depi 2017 nan komin Mibalè. Li angaje li nan fè tande vwa li atravè ekriti epi refleksyon pwofon sou istwa, reyalite sosyal ak kiltirèl peyi d Ayiti. Li pwopoze refleksyon sou rasin pèp ayisyen an ak avni li nan yon ekriti ki chèche touche lespri ak kè lektè yo. Objektif li kòm edikatè e ekriven se enspire lòt jèn tankou l pou suiv chemen konesans ak sajès.

Se angajman sa a ki fè Angelo vin youn nan loreya 6yèm edisyon konkou tèks kreyòl APA te òganize nan premye trimès ane 2026 la. Rekonesans sa a se yon temwayaj sou talan li kòm jèn ekriven ansanm ak angajman li nan valorize lang ak kilti lakay.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments