Diskou Pwòf Michel DeGraff, Ko-Direktè MIT-Ayiti, nan kad selebrasyon seremoni Bwa Kayiman : « Tout moun se moun. Tout lang se lang »
Se depi nan 15yèm syèk la plizyè puisans ewopeyen te antre nan yon gwo mouvman konkèt kolonyal. Yo te antre nan chire pit ak lagè youn ak lòt epi yo te anvayi lòt teritwa pou yo akapare tè, richès ak fòs travay lòt nasyon. Se nan sistèm konkèt ak piyaj sa a Lagrandayb (egal : puisans ewopeyen yo, konpayi komèsyal kolonyal yo, gouvènè kolonyal yo, gran don yo e latriye [i]) t ap pral kreye sistèm kolonizasyon ak esklavaj la sou kontinan Afrik la ak zòn Amerik la.
Sistèm esklavaj sa a te pèmèt puisans esklavajis yo kore gwojemoni kolonyal la, ogmante kapital ekonomik yo epi depase lòt puisans rival yo. Se kon sa, pou li te ka byen jere lavi, kò ak travay kaptif sa yo, Wa Louis XIV nan peyi Lafrans t ap pral pibliye, an 1685, yon dokiman jiridik ki rele « Code Noir ». Se dokiman sa a ki te tabli yon sistèm lwa pou demounizasyon kaptif afriken yo. Nan kòd sila a, kaptif yo antre nan twa kategori ki vin kreye yon paradòks ki te pou ranfòse dominasyon sipremasis blan kretyen oksidantal sa yo ki t ap tire pwofi nan sistèm kolonyal esklavajis la.
An premye, kaptif nwa a se byen mèt li — se tankou yon mèb ki nan posesyon mèt li. An dezyèm, kaptif la se yon antite ki dwe batize. Nan konsepsyon sa a, kaptif la se yon moun yo dwe sivilize pou l ka rive gen lafwa nan Bon Dye paske se lafwa sa a ki pral sove l malgre touman l ap pase. An twazyèm, tout aspè mounite kaptif la vin genyen an nan kad Kòd Nwa se te pou jistifye komès ki te fè l tounen machandiz epi Kòd la te mande l pou yo kondane tout kaptif ki pa te vle suiv modèl lafwa blan katolik yo.
Kòd Nwa, nan Atik 2 a, pa t pèmèt pèsonn fè pati yon lòt relijyon apa relijyon katolik la. Sa ki pèmèt nou konprann li te egzije pou tout Afriken ki nan koloni an konvèti e batize nan legliz katolik epi respekte tout sa legliz la genyen kòm òdonans. Atik 44 la fè nou santi kaptif la pa t resevwa tretman kòm moun ; yo te trete l pi mal pase zannimo, sitou nan pinisyon yo. Mèt la gen dwa koupe pye ak menm kaptif la epi wete lavi l si l ta fè yon bagay ki pa bon. Egal : vi esklav la depann de volonte mèt li.
Pwoblèm kay Lagrandyab
Metwopòl la gen pwoblèm lakay li, sitwayen ap rache, koupe ; y ap mande bon kondisyon pou tout moun, y ap koupe tèt wa, yo menm ekri yon dokiman pou valorize sa moun ye nan tout fasèt li. Dokiman sa a rele « Deklarasyon Dwa moun ak Sitwayen ». Nan dokiman sa a, yo prezante tèt yo tankou yon gwoup moun ki te toujou vle byen pou tout lòt moun. Men, de ki moun yo t ap pale menm ? Kiyès ki « moun » pou yo menm ?
Premye atik « Deklarasyon Dwa moun ak Dwa Sitwayen » fè konnen tout moun fèt lib ak nan menm nivo. Dezyèm atik la prezante dwa chak sitwayen genyen. Atik 10 la fè konnen pèsonn pa dwe pè pou di sa yo santi oswa panse epi, tou, yo ka chwazi relijyon ki fè yo plezi. Ki donk nan peyi Lafrans, sila ki ekri « Deklarasyon… » an kwè libète nesesè pou byennèt moun alòs ke kolon nan koloni Lafrans tankou nan Sen Domeng (non Ayiti lè pati lwès zile a te koloni Lafrans) pa sispann sèvi ak Kòd Nwa pou yo egzèse fòs pou anpeche kaptif yo jwenn libète relijyon, libète pou yo travay oswa pa travay, libète chwazi gwoup moun pou yo reyini ak yo, ak divès lòt dwa Franse yo konsidere endispansab pou byennèt moun lakay yo.
Kategori « esklav » la anndan Kòd Nwa epi kategori « moun » nan Deklarasyon Dwa Moun
Objektif Kòd Nwa a se ede kenbe lòd kolonyal la. Tout pwoteksyon ki ladan pou kaptif yo se pou esklav kòm motè k ap kreye richès e ki pa dwe peri.
Nan Deklarasyon Dwa Moun ak Dwa Sitwayen, libète se yon « dwa natirèl » tout moun genyen (Atik 2) ansanm ak egalite sivik (Atik 1). Tou sa se te pou koupe fache nan rapò sosyal mi wo mi ba ki te baze sou prensip privilèj ak eritaj selon kategori noblès oswa relijyon. Se pou sa Atik 6 la deklare : « Lalwa dwe bay menm règleman pou tout moun — kit se pou pwoteksyon, kit se pou pinisyon ».
Sepandan, lè n gade sa ki t ap fèt nan koloni Lafrans tankou Sen Domeng, n ap wè valè sa yo pa te konte pou yon seri moun ki pa te janm gen libète selon Kòd Nwa. Nan sans sa a, kòman nou ka eksplike gwo tonton paradòks sa a kote yon gwoup moun ap rele « Viv libète » pandan moun sa yo ap bloke libète yon lòt gwoup moun ?
Kòd Nwa te wete nan mounite ak libète yon seri moun. Nou ka wè sa nan Atik 12, 13, 28 ak 44 kote kaptif la pa gen okenn dwa fanmi sou pitit li yo — sa se tankou bèt — epi kaptif la se mèb. Menm ti moun ki fèt nan maryaj, se pou « mèt esklav yo » li ye. Atik 28 la deklare ke esklav yo pa ka posede anyen ki pa pou mèt yo. Sepandan, Atik 13 la fè konnen ke ti moun nan dwe suiv kondisyon manman l : si manman an se esklav, ti moun lan ap esklav tou — kòm byen prive kolon an. Epi Atik 28 la, li menm, presize ke esklav yo pa gen okenn dwa eritaj, ni pou zansèt, ni pou pitit. Vrèman vre, kat atik sa yo (12, 13, 28 ak 44) retire nan nannan mounite kaptif yo. Kòd Nwa pa pran plis konsiderasyon pou yon kaptif yo rache nan men manman l pase pitit yon bèt chay yo vann pou kiltivasyon, travay mekanik oswa pou bouchri.
Malgre nou konnen esklavaj se yon eta endividyèl li ye, men tou, li marande ak gwoup la. Sa vle di ke li gen yon aspè sosyal ladan ki enpòtan anpil paske se aspè sa a ki kenbe lòd kolonyal la. Se kon sa Kòd Nwa a entegre kaptif la nan yon gwoup sosyal e ekonomik ki chita sou yon seri prensip jiridik. Prensip sa yo la, non sèlman pou kontwole konpòtman esklav la, men tou, pou kore lòd kolonyal. Se kon sa, tou, Kòd Nwa (egzanp : Atik 15 ak 16) chache kèk pwoteksyon pou gwoup esklav yo paske, si gwoup la ta peri, se tout lòd kolonyal la k ap peri paske se esklav yo ki te motè ekonomi plantasyon an. Ki fè Kòd Nwa idantifye ni devwa endividyèl esklav yo devan mèt yo, ni devwa yo nan plantasyon, ni entèdiksyon pou yo òganize yo, kreye rezo, pote zam, e latriye.
[1]. Pa rapò ak Sen Domeng, Lagrandyab nan epòk sa a se wa Lafrans, konpayi komèsyal kolonyal yo, gouvènè kolonyal yo, gran don yo e latriye. Lyen : Aktivite-sou-videyo_Rezistans-Pep-Souvren-kont-gwojemoni-Lagrandyab_20230411-11.15pm.pdf (mit-ayiti.net)
Kòd Nwa
Tradiksyon tèks « Code Noir » sa a te plis pase difisil. Li te ban nou kè kase, kè plen ak tèt fè mal. Lè n te fèk kòmanse travay tradiksyon sa a an 2023, Pwòf Jean Casimir « Ti Jan Bosal » te ban nou pinga sa a :
« Kòd sa a pa ka tradui an kreyòl — paske li pa fè sans nan yon lojik kote tout moun se moun. Tradiktè ki travay sou li yo fè yon kokenn chenn jefò ; men, yo pa fouti fè atik yo fè sans. Pa egzanp, Atik 50 pale sou ti moun ki, kòm ki dirè, ta fèt tou esklav. Sa se yon egzanp tradiksyon ki enposib. An kreyòl, yon ti moun pa fouti fèt tou esklav. Kòd la deside ke kaptif ki nan chenn yo admèt se esklav yo ye. Men, èske yon tradiktè ka dakò ak pawòl piman bouk sa a ? Si nou tradui yon pawòl kon sa an kreyòl epi nou pale de « ti moun ki fèt tou esklav », se kòm si nou se kolon blan frankofòn k ap tradui pou frankofòn sèlman. Ki donk, n ap soufle nan banbou — paske Kòd Nwa sa a pa fè sans nan lojik Tout moun se moun. Se sa mwen rele yon « enposibilite » paske li enposib pou n pase de sistèm sipremasi (‘gwojemoni’) blan yo (‘Lagrandyab’) rive nan lojik souvrènte inivèsèl ki baze sou prensip Tout moun se moun. Pa gen okenn pon ki ka ede n soti nan yon lojik antre nan lòt la. »
Atik 1
Nou dwe aplike Òdonans 23 avril 1615 defen Wa nou, Seyè nou ak Papa nou pou n onore memwa l nan zile nou yo. N ap pase tout ofisye nou yo lòd pou yo chase juif ki tabli sou zile nou yo. Nou bay juif sa yo ansanm ak tout lòt moun ki se lennmi relijyon kristyanis delè 3 mwa, apati dat nou pibliye òdonans lan, pou yo degèpi sinon n ap mete yo nan prizon epi n ap konfiske tout byen yo posede.
Atik 2
Tout esklav ki sou zile nou yo ap gen pou batize epi resevwa ansèyman nan legliz katolik, apostolik e women. Nou pase lòd sa a bay tout moun k ap achte esklav ki fèk debake yo : fòk yo avèti gouvènè ak entandan zile yo nan delè uit jou pou pi plis, sinon n ap ba yo nenpòt amann. Se yo ki pral bay lòd ki nesesè pou fè esklav yo suiv ansèyman relijye pou yo ka konvèti epi batize nan tan y ap deside a.
Atik 3
Nou entèdi egzèsis piblik tout relijyon ki pa relijyon katolik, apostolik e women. Sila ki pa dakò yo, lalwa ap pini yo kòm rebèl ki derefize obeyi règleman nou yo. Nou entèdi tout rasanbleman ki fèt pou pratike lòt relijyon sa yo. Nou deklare rasanbleman sa yo ilegal paske yo ka mennen nan dezòd ak rebelyon. Esklav k ava patisipe nan rasanbleman sa yo ap gen pou yo sibi yon pinisyon k ap rive ata sou mèt ki bay otorizasyon pou mòd aktivite sa yo. Mèt sa yo gen pou resevwa pinisyon menm jan ak esklav sa yo.
Atik 4
Nou p ap deziyen okenn kòmandè ki pou dirije esklav yo si li pa nan relijyon katolik, apostolik e women an. Sinon n ap pran esklav sa yo nan men mèt ki ta pèmèt sa e n ap bay nenpòt pinisyon ak kòmandè ki ta aksepte sa. [Kòmandè se moun yo te mete kòm chèf sou tèt yon gwoup esklav pou ba yo travay ak pinisyon — genyen ladan yo ki te lib ; men, pifò ladan yo te esklav tou.]
Atik 5
Nou voye yon pinga bay moun ki nan relijyon pwotestan e ki an ba lòd nou yo pou yo pa vin ni simen latwoublay, ni anpeche lòt moun ki an ba lòd nou yo, ata esklav pa yo, egzèse relijyon katolik, apostolik e women an lib e libè. Sinon n ap ba yo kokenn chenn pinisyon pou n trase egzanp.
Atik 6
Nou pase tout moun lòd pou yo obsève kòm jou konje tou lè dimanch ak tout jou fèt relijyon katolik, apostolik e women. Jou sa yo se lè pyès moun pa dwe ni travay, ni bay esklav yo travay depi minui sonnen jis lòt minui ann apre a. Yo pa dwe travay latè, travay sou pwodiksyon sik ak nenpòt lòt sa li ta ye a. Sinon ap gen amann epi nenpòt pinisyon kont mèt yo epi ofisye nou yo ap konfiske ni esklav, ni sik ke esklav sa yo te pwodui nan jou konje sa yo.
Atik 7
Nou met pinga ba yo tou pou yo pa vann esklav oswa nenpòt lòt machandiz nan jou sa yo [jou dimanch ak lòt jou fèt katolik]. N ap konfiske machandiz nou jwenn nan mache pandan jou sa yo epi n ap bay machann sa yo nenpòt ki valè amann.
Atik 8
Nou deklare ke moun ki pa nan relijyon katolik, apostolik e women pa gen dwa antre nan okenn maryaj legal. Ti moun ki fèt an deyò maryaj legal, n ap rele yo « pitit deyò ». Maryaj pami moun ki pa nan relijyon katolik, apostolik e women, n ap konsidere yo kòm « plasay » tout bon vre.
Atik 9
Tout gason lib ki va genyen youn oswa plizyè pitit ak esklav fanm ap kondane pou peye 2 000 liv sik kòm amann epi, si se yo ki mèt manman an, nou vle pou yo non sèlman peye amann, men tou, tout rapò yo genyen ant esklav sa a ak pitit li yo ap koupe epi lopital la ap gen pou vann ti bebe sa yo ki p ap janm ka vin lib.
Men, atik sa a pa gen pou l aplike nan ka yon gason ki lib e ki pa te ko marye lè li te plase ak esklav la epi li marye ak esklav la nan kondisyon legliz poze pou sa. Apre maryaj la, ni esklav la, ni pitit sila yo ap tou lib.
Atik 10
Maryaj esklav yo dwe fèt dapre menm règ relijye ak legal ki aplike pou moun lib yo — tankou preskripsyon solanèl ki nan òdonans Blois a e ki nan deklarasyon 1639 la. Men, konsantman manman ak papa esklav la pa nesesè pou sa — se konsantman mèt la ki konte.
Atik 11
Lalwa entèdi kire yo marye esklav san konsantman mèt yo. Lalwa entèdi mèt yo itilize nenpòt ki taktik pou fòse esklav yo marye kont volonte yo.
Atik 12
Yon ti moun ki fèt anndan yon maryaj ant esklav ap esklav tou. Si papa l ak manman l pa gen menm mèt, se mèt manman an k ap mèt pitit la.
Atik 13
Lè yon esklav marye ak yon fanm ki lib, ti moun yo ー kit se fi, kit se gason ー ap lib menm jan ak manman an menm si papa a ap toujou esklav. E, si papa a lib epi manman an esklav, ti moun yo ap esklav menm jan ak manman an.
Atik 14
Mèt yo ap gen pou antere esklav ki batize yo nan tè beni ki nan simityè ki prepare pou sa. E sila yo ki mouri san yo pa t gen tan batize, mèt a yo ava antere yo lannuit nan raje ki pa twò lwen kote yo mouri a.
Atik 15
Nou defann esklav pote pyès zam oswa gwo baton. Si sa fèt, moun ki jwenn esklav la ap tou konfiske epi kenbe zam lan epi esklav la ap gen pou pran kout fwèt kòm pinisyon — sof si se ta mèt la ki ta voye esklav yo lachas epi esklav sa yo ta gen pwòp biyè pa yo nan men yo oubyen mak pou idantifikasyon sou po yo.
Atik 16
Menm jan an tou, lalwa entèdi esklav ki pa gen menm mèt rasanble lajounen oubyen lannuit sou pretèks yo pral nan nòs oubyen lòt aktivite, swa kay youn nan mèt yo oswa yon lòt kote. Sa pi mal toujou si rasanbleman an ta fèt nan gran chimen oswa yon kote ki byen lwen. Si sa ta fèt, fòk nou ba yo pinisyon kòporèl ki pa ka pi piti pase kout fwèt ak flè de lis y ap tanpe sou po esklav sa yo ak fè cho. E, si sa ta kontinye ap fèt plizyè lòt fwa ankò e si yo ta fè lòt bagay ki pi grav toujou, nou ka menm bay esklav sa yo pèn lanmò — n ava kite sa pou jij yo deside. Nou òdone tout sitwayen nou yo pou yo kouri dèyè tout esklav ki ta vyole atik sa a epi mennen yo nan prizon menm si sitwayen sa yo pa ofisye e menm si yo pa ta gen okenn manda kont delenkan yo.
Atik 17
Si ta gen yon mèt ki otorize oubyen tolere jan de rasanbleman sa yo ki fèt ak lòt esklav (sof si se ta sila ki pou li yo), l ap merite kondane e l ap pèsonèlman responsab — nan pwòp non pa l — pou l repare tout domaj vwazen li yo ta sibi apre rasanbleman an e l ap gen pou l peye 10 ekis kòm amann e, si sa ta repete ankò, l ap gen pou l peye kantite doub lajan sa a. [Ekis se yon pyès lajan epòk la.]
Atik 18
Nou defann esklav vann kann pou nenpòt ki rezon e nan nenpòt ki okazyon menm si se mèt yo ki ta ba yo pèmisyon. Si sa fèt, fòk yo fwete esklav yo. Kanta mèt ki te pèmèt sa, l ap gen pou l peye 10 liv tounwa kòm amann. Moun ki te achte kann lan ap gen pou l peye menm valè amann sa a. [« Liv tounwa » se yon kalite lajan nan ansyen rejim franse a ki te vo 20 sou.]
Atik 19
Se kon sa tou, depi esklav yo pa gen pèmisyon fòmèl mèt yo (swa yon biyè oswa yon mak sou kò yo), nou defann yo vann nan mache oswa nan kay nenpòt ki machandiz (danre), menm fwi, legim, bwa pou boule, zèb pou bèt manje ak pwodui yo fabrike yo. Si yo vyole entèdiksyon sa a, lalwa mande pou yo konfiske pwodui sa yo san yo pa peye mèt yo epi achtè yo ap gen pou yo peye 6 liv tounwa.
Atik 20
Nan sans sa a, nou vle pou ofisye nou yo anplwaye 2 moun nan chak mache pou enspekte danre ak machandiz esklav yo pote — 2 moun sa yo ap gen pou yo enspekte tout biyè ak tout mak mèt yo te mete sou esklav yo.
Atik 21
N ap pèmèt tout sitwayen ki sou zile nou yo pou yo pran tout bagay y ava jwenn nan men esklav yo lè yo pa ta gen ni biyè mèt yo nan men yo, ni okenn mak mèt yo. Fòk y al remèt bagay sa yo tousuit bay mèt esklav sa yo si kote yo rete a tou pre kote yo ta bare esklav sa yo k ap vyole lwa a. Sinon y ap voye bagay sa yo lopital pou yo mete yo nan depo jis yo rive avèti mèt esklav yo.
Atik 22
Chak semèn, mèt yo gen obligasyon pou yo founi esklav yo ー depi yo gen 10 an pou pi piti ー 2 mamit e demi farin manyòk (nan mezi Pari) oswa 3 kasav (chak ap peze 2 liv e demi pou pi piti) oswa lòt bagay ki gen menm valè a. Y ap met sou sa 2 liv bèf sale oswa 3 liv pwason oswa lòt manje ki respekte menm pwopòsyon sa yo. Epi, pou ti moun yo, depi yo fin sevre jis yo gen 10 an, y ap ba yo mwatye nan sa nou deja site yo.
Atik 23
Lalwa entèdi pou yo bay esklav yo kleren oswa wonm pou ranplase manje ki site nan atik 22 a.
Atik 24
Menm jan an tou, nou defann mèt yo chape an ba responsabilite pou yo bay esklav yo manje ak sa yo bezwen pou viv epi, ann echanj, pou yo ta pèmèt esklav yo travay kèk jou nan semèn lan pou pwofi pèsonèl pa yo.
Atik 25
Chak ane, mèt yo ap gen pou bay chak grenn esklav 2 rad twal oswa 4 lòn twal — chwa a depann de volonte mèt yo.
Atik 26
Esklav ki pa jwenn manje, rad ak swen nan men mèt yo — sa se vyolasyon lalwa — ka pote plent bay pwokirè jeneral la epi lage ka a nan men l. Selon doleyans esklav sa yo e menm si se ta lòt moun ki ta avèti nou sou sa, n ap pousuiv mèt la selon rapò sa yo san esklav la pa bezwen peye okenn frè. Se kon sa nou dwe konsidere krim ak abi mèt yo kont esklav yo.
Atik 27
Lè gen esklav ki enfim akoz vyeyès, maladi oswa lòt pwoblèm — kit maladi a ka geri, kit li pa ka geri — mèt yo gen pou pran swen yo epi ba yo manje. Nan ka kote mèt yo abandone esklav sa yo, esklav yo dwe jwenn otorizasyon pou y al lopital epi mèt yo ap kondane pou yo peye lopital la 6 sòl pa jou pou chak esklav — pou yo ka jwenn manje ak swen.
Atik 28
Nou deklare ke esklav yo pa ka posede anyen ki pa pou mèt yo. Se kon sa pou tout byen esklav yo ta vin genyen — kit sa yo menm yo fabrike ak pwòp ladrès pa yo, kit sa lòt moun ta fè yo kado, kit sa yo ta jwenn nan nenpòt lòt fason. Kèl ke swa kalite byen sa yo, tout nèt se pwopriyete mèt yo. Pitit, manman, papa, paran oswa okenn lòt moun pa fouti reklame okenn nan byen sa yo kòm eritaj pa yo nan lavi oswa nan lanmò. Nou deklare tout obligasyon esklav yo ta pran oswa pwomès yo ta fè sou byen sa yo pa gen okenn valè legal. Tout sa se paske esklav yo pa ka antre nan okenn aranjman oswa siyen okenn kontra pou pwòp tèt pa yo.
Atik 29
Men, nou vle pou mèt yo responsab tout zak esklav yo va fè sou lòd mèt yo. Se kon sa tou mèt yo responsab pou tout sa esklav yo jere oswa negosye nan boutik ak nan kalite komès mèt yo ba yo dwa fè. Men, si mèt la pa t bay esklav la okenn lòd epi li pa t mete l responsab okenn aktivite komèsyal, mèt la ap responsab sèlman pou kantite benefis li te tire nan sa esklav la te fè. Si mèt la pa jwenn pyès benefis, se byen oswa lajan esklav la te genyen avèk pèmisyon mèt la (« pekil » la) ki pral sèvi pou peye dèt esklav la. Men, mèt la ap pran sa esklav la dwe li anvan li peye lòt dèt yo. Men, si pekil la te gen machandiz ladan epi esklav la te gen pèmisyon fè komès ak machandiz sa yo pou tèt pa l, mèt la p ap gen okenn avantaj sou lòt kreyansye yo. Li pral resevwa pati pa l menm jan ak lòt kreyansye yo, selon pwopòsyon dèt esklav la dwe chak moun.
Atik 30
Esklav yo p ap ka gen okenn pozisyon ni nan administrasyon leta, ni nan fonksyon piblik. Yo p ap ka sèvi kòm ajan oswa manadjè oswa administratè pou okenn lòt moun, sòf si se pou mèt yo, ni yo p ap ka sèvi kòm jiri, ekspè oswa temwen nan pwosè sivil oswa kriminèl. Menm lè yon jij ta tande sa yon esklav di, pawòl sa yo ka sèlman sèvi kòm enfòmasyon ki ka ede jij la chache limyè nan lòt temwayaj, san jij la pa konsidere pawòl esklav la kòm done legal ki ka sèvi kòm prèv ki ase pou kondane oswa libere yon moun.
Atik 31
Epi, tou, esklav pa ka parèt nan tribinal kòm pati nan yon pwosè nan dosye sivil, ni pou pote plent, ni pou defann dwa pa yo. Yo pa ka, non plis, parèt nan tribinal kòm pati sivil nan yon pwosè nan dosye kriminèl. Si yon moun fè yon esklav tò, maltrete l oswa blese l oswa fè l nenpòt ki abi, se pa esklav la ki ka pote plent. Se sèlman mèt li ki ka ale nan tribinal pou mande reparasyon.
Atik 32
Yo ka jije esklav nan tribinal nan dosye kriminèl, san sa pa angaje responsabilite mèt yo, sof si mèt yo ta konplis nan zak kriminèl la. Se tribinal premye enstans ki dwe jije esklav la an premye. Si gen apèl, se Konsèy Souvren an ki dwe tande dosye a. Ankèt la ak pwosedi legal yo dwe fèt dapre menm règ ak menm fòmalite ki aplike nan jijman moun lib.
Atik 33
Yon esklav ki frape mèt li, mètrès li, mari mètrès li oswa pitit youn nan moun sa yo, epi ki blese yo, fè yo senyen oswa frape yo nan figi, pinisyon an se lanmò.
Atik 34
Kanta nenpòt zak vyolans oswa agresyon yon esklav ta fè kont yon moun lib, tribinal dwe bay esklav la gwo pinisyon, ata lanmò si sa nesesè.
Atik 35
Lè esklav ak afranchi (ansyen esklav ki tounen moun lib) vòlè chwal, milèt, towo bèf oswa manman bèf, y ap pran gwo pinisyon pou gwo vòl sa yo — ata lanmò selon sikonstans zak la.
Atik 36
Lè esklav vòlè mouton, kabrit, kochon, volay, kann, pwa, pitimi, manyòk oswa lòt legim, y ap pran pinisyon selon kategori vòl la. Jij la ap ka kondane esklav sa yo pou yo kale yo ak rigwaz. Se bouwo k ap gen pou fè sa epi l ap tanpe yon flè de lis sou po esklav la.
Atik 37
Lè yon esklav fè yon vòl oswa lakòz nenpòt lòt domaj, mèt li dwe dedomaje moun ki viktim domaj la — mete sou chatiman kòporèl esklav la dwe resevwa. Sepandan, gen yon lòt opsyon : olye mèt la peye dedomajman an, li ka remèt esklav la bay viktim lan epi mèt la gen twa jou apre jijman an pou l chwazi opsyon sa a. Si li pa chwazi nan delè twa jou sa a, l ap pèdi opsyon pou l remèt esklav la bay viktim lan epi l ap oblije peye dedomajman.
Atik 38
Yon esklav mawon ki ta kite yon plantasyon depi yon mwa, koumanse nan dat mèt li vin denonse l lajistis, y ap koupe 2 zòrèy li epi y ap tanpe yon flè de lis sou yon zepòl. Si sa ta mawon ankò epi li mawonnay la direyon mwa koumanse nan jou yo te denonse l la, y ap koupe jarèt li epi y ap tanpe yon flè de lis nan lòt zèpòl la. Si li ta mawon yon twazyèm fwa, pinisyon an se lanmò.
Atik 39
Yon afranchi ki ta kite esklav mawon jwenn refij lakay li ap kondane pou peye mèt la, kòm amann, 300 liv sik pou chak grenn jou e chak esklav li te ebèje lakay li. Lòt moun lib ki pa afranchi e ki ta fè menm bagay la ap gen pou peye 10 liv tounwa kòm amann pou chak jou yo te ebèje esklav ki nan mawonnay.
Atik 40
Lè gen esklav ki resevwa pèn lanmò, lalwa mande pou yo dedomaje mèt la depi mèt la pa t konplis nan krim lan. Anvan yo touye esklav la, yo dwe evalye konbyen li vo kòm byen. Jij la ap nonmen 2 sitwayen enpòtan sou zile a pou evalye montan dedomajman mèt la dwe resevwa. Pou satisfè obligasyon sa a, administrasyon koloni an dwe enpoze yon taks sou chak esklav epi se revni taks sa yo ki pral sèvi pou ranbouse mèt la. Se administrasyon wayal la k ap responsab jere montan sa yo pou evite depans siplemantè.
Atik 41
Lalwa entèdi jij, pwokirè ak grefye pran frè nan pwosè kriminèl kont esklav. Si yo ta fè sa, lalwa ap jije yo pou koripsyon.
Atik 42
Se mèt yo sèlman ki gen dwa — lè yo ta kwè esklav yo merite sa — mete esklav yo nan chenn epi bat yo ak baton oswa rigwaz. Lalwa entèdi yo tòtire esklav — yo pa dwe koupe nenpòt pati nan kò yo. Si yon mèt ta fè sa, n ap konfiske esklav la epi lajistis ap pousuiv li nan tribinal.
Atik 43
Lè gen mèt oswa kòmandè ki touye esklav ki te an ba pouvwa yo oswa zòd yo, lalwa mande pou lajistis ouvri yon pwosè kont mèt ak kòmandè sa yo. Lajistis dwe pini krim sa a selon nivo atwosite krim lan. Si tribinal la ta padone akize yo, n ap pèmèt pou akize yo (kit se mèt, kit se kòmandè) libere tousuit — tribinal la p ap bezwen yon lèt padon ki ta soti nan men nou.
Atik 44
Nou deklare esklav yo se mèb epi se kon sa yo antre nan byen yon mari ak madanm li posede kòm koup. Yo p ap gen dwa antre nan ipotèk. Lè yon pwopriyetè mouri oswa lè y ap pataje yon eritaj, yo ka vann, bay oswa pataje esklav yo menm jan ak lòt byen materyèl ki dwe separe egal ego ant eritye, an pati egal, san okenn avantaj espesyal pou premye pitit oswa pou nenpòt lòt eritye ki ta vle pran yon pati nan eritaj la anvan yo fè pataj la. Règ espesyal nan zafè eritaj ak testaman ki aplike sou tè ak sou privilèj fanmi nòb nan kontèks sistèm feyodal la pa aplike sou esklav yo.
Atik 45
Men tou, nou pa gen okenn entansyon wete dwa pwopriyetè dwe genyen pou yo deside, nan kontra oswa lòt dokiman legal, ke kèk esklav pa pral antre nan byen komen yon mari ak yon madanm. Yo ka rezève esklav sa yo kòm byen pèsonèl ki dwe rete nan yon branch fanmi an oswa ki dwe transmèt bay kèk eritye presi, menm jan yo ka fè sa pou lajan oswa lòt byen mèb.
Atik 46
Lè y ap konfiske esklav pou peye dèt mèt, yo dwe suiv menm règ ak menm pwosedi lalwa prevwa pou konfiskasyon lòt byen mèb. Lajan ki soti nan vant esklav sa yo dwe sèvi pou peye kreyansye yo dapre lòd lalwa tabli pou lòt byen materyèl. Si mèt la fè fayit epi byen materyèl li yo pa sifi pou peye tout dèt li yo, lajan vant lan dwe pataje ant kreyansye yo dapre kantite yo chak dwe resevwa, apre lajan vant lan ranbouse dèt ki gen priyorite yo. An jeneral, nan tout zafè legal e ekonomik, yo dwe trete esklav yo menm jan ak lòt byen mèb, sòf nan ka espesyal nou pral mansyone nan atik sa yo ki pi ba la a.
Atik 47
Lè yon mari, yon madanm ak pitit yo ki pa ko fòmè ap viv an ba otorite menm mèt la, lalwa entèdi yo vann yo oswa konfiske yo separeman. Si yon vant oswa yon konfiskasyon ta separe fanmi an, tranzaksyon sa a pa legal. Menm règ règ sa a dwe aplike lè yon pwopriyetè chwazi vann esklav li yo volontèman : mèt la pa gen dwa vann yon pati nan yon fanmi epi kenbe lòt yo. Si li fè sa, l ap pèdi pati li te kenbe a epi yo pral pran pati sa a bay achtè a ki pa dwe peye an plis pou sa.
Atik 48
Nan kontèks konfiskasyon pou peye dèt, lalwa entèdi konfiskasyon esklav ki gen ant katòz ak swasant an e k ap travay sou plantasyon kann, endigo oswa lòt plantasyon. Gen sèlman 2 eksepsyon : si se pou peye dèt sou acha esklav yo oswa si se konfiskasyon plantasyon oswa abitasyon kote esklav ap travay. Nou entèdi nenpòt moun konfiske epi vann yon plantasyon kann, endigo oswa nenpòt lòt plantasyon san yo pa mete nan vant lan esklav ki gen laj sa yo e k ap travay sou pwopriyete a. Nenpòt konfiskasyon oswa vant ki pa respekte règ sa a pa legal.
Atik 49
Lè yon plantasyon ansanm ak esklav ki sou li yo pase an ba administrasyon yon lòt moun apre yon konfiskasyon, moun sa a dwe peye tout sa li dwe kòm lwaye dapre kontra li a. Li pa gen dwa konte pami revni li ti bebe ke esklav yo ta akouche pandan peryòd ke administratè sa a ap jere plantasyon an.
Atik 50
Nou vle, malgre nenpòt akò ki ta di le kontrè — epi nou deklare tout akò sa yo ilegal — pou ti bebe ke esklav yo akouche apre konfiskasyon an fè pati pwopriyete yo konfiske a. Si dèt yo rive peye yon lòt jan, ti bebe sa yo ap rete pou mèt pwopriyete yo te konfiske a. Men, si tribinal la mande pou yo vann pwopriyete a, ti bebe sa yo ap tounen byen moun ki achte pwopriyete a — menm jan ak lòt byen ki sou pwopriyete a. Se pou sa, anvan vant final la, dènye avi piblik la dwe mansyone tout ti bebe ke esklav yo akouche depi lè pwopriyete a te konfiske. Menm avi sa a dwe mansyone tout esklav ki te mouri depi lè pwopriyete a te konfiske.
Atik 51
Pou n evite depans ak pwosedi ki twò long lè yo vann yon plantasyon ak esklav ki ladan l yo oswa lè gen lajan ki sòti nan administrasyon legal pwopriyete sa a, nou vle pou yo pataje tout lajan sa a ant kreyansye yo selon lòd privilèj ak ipotèk chak kreyansye san yo pa fè distenksyon ant pri pwopriyete a ak pri esklav yo.
Atik 52
E sepandan, nan evalyasyon taks pou sistèm feyodal la ak pou zotobre noblès la, se sèlman valè tè a yo dwe pran an konsiderasyon ; yo pa dwe konsidere valè esklav yo.
Atik 53
Lè yo vann yon tè ansanm ak esklav ki ladan l yo apre yon desizyon tribinal, okenn eritye oswa otorite feyodal ki gen dwa sou pwopriyete a pa ka reprann tè a sèlman. Yo dwe pran esklav yo ansanm ak tè a. Se kon sa tou moun ki vin pwopriyetè apre vant lan pa ka kenbe esklav yo si li pa kenbe plantasyon an tou.
Atik 54
Moun ki resevwa yon plantasyon pou yo jere oswa pou yo tire revni ladan — kit yo nan boujwazi oswa noblès, kit yo se lokatè oswa pwoprietè k ap jwi nan pwofi yo — yo dwe pran swen esklav ki sou plantasyon an. Administratè tanporè sa yo dwe aji tankou bon papa. Si kèk esklav ta mouri oswa vin enfim akoz maladi oswa vyeyès san se pa fòt administratè yo, yo pa gen pou yo peye dedomajman pou sa apre peryòd administrasyon an. Epi, tou, si esklav yo ta fè ti bebe pandan administratè a t ap jere plantasyon an, ti bebe sa yo pa fè pati pwofi li. Yo rete pwopriyete mèt legal pwopriyete a epi administratè a dwe remèt yo bay mèt la.
Atik 55
Nenpòt mèt ki gen vent an oswa plis gen dwa libere (« afranchi ») esklav pa li nenpòt lè li vle — swa pandan ni mèt ni esklav vivan, swa nan yon testaman oswa yon lòt dispozisyon ki pran efè apre lanmò mèt la. Li pa oblije ni bay okenn esplikasyon pou desizyon sa a, ni mande konsèy oswa pèmisyon fanmi li menm si li pa ko gen venn senk an.
Atik 56
Si yon mèt nonmen yon esklav kòm sèl eritye tout byen li oswa kòm egzekitè testaman li oswa kòm gadyen k ap pran swen pitit li apre lanmò li, n ap konsidere esklav sa yo kòm moun ki lib epi lalwa dwe rekonèt yo kòm afranchi.
Atik 57
Nou deklare, lè yon mèt bay yon esklav libète li — egal : esklav la vin afranchi — nan zile nou yo, nou dwe konsidere esklav la kòm si li te fèt nan zile a e kòm yon sijè natirèl Wa a. Afranchi sa yo pa bezwen okenn lèt natiralizasyon pou yo jwi tout dwa ak avantaj lòt sijè natirèl Wa a genyen nan wayòm li ak nan tout lòt tè ki an ba otorite Wa a menm si yo te fèt nan yon lòt peyi.
Atik 58
Nou bay afranchi yo lòd pou yo toujou montre yon respè espesyal pou ansyen mèt yo ak pou vèv ansanm ak pitit ansyen mèt yo. Si afranchi yo ta ofanse ansyen mèt yo oswa fanmi ansyen mèt la, lajistis dwe bay afranchi yo pinisyon ki pi rèd pase si menm tò sa a te fèt sou nenpòt lòt moun. Men, nou deklare tou ke afranchi yo pa dwe okenn lòt sèvis, chay oswa dwa espesyal bay ansyen mèt yo ankò. Ansyen mèt yo pa ka sèvi ak pretèks yo se ansyen mèt afranchi yo pou yo reklame okenn privilèj sou afranchi yo, sou byen yo oswa sou eritaj yo.
Atik 59
Nou bay moun ki afranchi yo menm dwa, menm privilèj ak menm pwoteksyon ke lalwa bay moun ki fèt lib. Nou vle pou libète yo jwenn kòm afranchi gen menm enpak sou lavi yo ak sou byen yo ke libète natirèl genyen pou sijè Wa a ki te fèt lib.
Atik 60
Nou deklare ke tout byen yo konfiske ansanm ak tout amann yo ranmase nan sikonstans kote lalwa pa di ki moun ki dwe resevwa lajan sa yo dwe ale nan kès Wa a. Lajan sa yo dwe remèt bay administratè ki responsab ranmase dwa ak revni Wa a. Men, nou vle pou yo retire yon tyè nan lajan ki soti nan konfiskasyon ak amann sa yo pou lopital ki nan zile kote tribinal la te bay desizyon an.
Nou bay gouvènè nou yo, lyetnan jeneral nou yo ak entandan nouyo nan zile Amerik ki an ba otorite nou — nan Matinik, nan Gwadloup, nan Sen Kristòf… — lòd pou yo veye pou òdonans sa a pwoklame, respekte epi aplike pwen pa pwen kòm sa dwa selon fòm yo ak kontni yo, san yo pa janm vyole li ni pèmèt li vyole nan okenn mannyè.
Sa se volonte nou e nou fè poze sele nou sou li.
Nou bay òdonans sa a nan Vèsay nan mwa mas 1685 e nan 42yèm ane nou sou twòn lan.
Siyati : Wa Louis XIV
TELECHAJE | GADE PDF LA SOU TOUT LAJÈ EKRAN AN.
Deklarasyon ki fèt nan lane 1789 sou Dwa Moun ak Dwa Sitwayen
Reprezantan pèp fransè a ki fòme Asanble Nasyonal la kwè se iyorans, oubli ak mepri Dwa Moun ki lakòz malè piblik ak koripsyon nan Gouvènman yo. Ki fè nou deside pwoklame, nan yon deklarasyon solanèl, Dwa Moun ki sakre e ke yo p ap janm ka wete. Objektif nou se prezante deklarasyon sa a devan tout klas sosyal sosyete a pou n raple yo dwa yo ak responsabilite yo, pou pouvwa egzekitif ak lejislatif la toujou aji selon prensip enkontounab sa yo epi pou sitwayen yo ka sèvi ak prensip sa yo pou defann Konstitisyon an ansanm ak byennèt tout moun.
Se pou sa Asanble Nasyonal la rekonèt epi deklare, an prezans e an ba otorite Èt siprèm la, atik sa yo sou Dwa Moun ak Sitwayen :
Atik 1
Tout moun fèt lib epi yo dwe ret lib e yo tout dwe gen menm dwa devan lalwa. Diferans ant klas sosyal ka egziste sèlman si yo sèvi byennèt tout moun
Atik 2
Objektif tout asosyasyon politik se pwoteje dwa sa yo ki fondal natal pou tout moun depi lè yo fèt e ke pyès moun pa janm dwe pèdi. Dwa sa yo se : libète, pwopriyete, sekirite ansanm ak rezistans kont gwojemoni.
Atik 3
Pèp la se premye sous tout pouvwa politik. Pa gen pyès gwoup, pyès enstitisyon, pyès moun ki gen dwa egzèse okenn otorite si otorite sa a pa soti nan volonte pèp la.
Atik 4
Libète se dwa yon moun genyen pou l fè tout sa ki p ap nui lòt moun. Kon sa, sèl limit ki genyen pou chak moun egzèses dwa natirèl li se limit ki nesesè pou garanti lòt manm sosyete a jwi menm dwa sa yo. Se lalwa sèlman ki ka detèmine limit sa yo.
Atik 5
Sèl dwa ki gen nan lalwa se dwa pou l entèdi zak ki nui sosyete a. Yo pa ka anpeche pyès moun fè sa lalwa pa entèdi. Yo pa ka fòse pyès moun fè sa lalwa pa mande.
Atik 6
Lalwa se espresyon volonte jeneral pèp la. Tout sitwayen gen dwa patisipe nan ekri lwa yo — swa nan patisipasyon dirèk yo, swa nan entèmedyè reprezantan yo. Lalwa dwe bay menm règleman pou tout moun — kit se pou pwoteksyon, kit se pou pinisyon. Menm jan an tou, tout sitwayen, paske yo egal devan lalwa, dwe gen menm dwa pou jwenn fonksyon piblik, pòs nan sèvis leta ak lòt travay piblik, dapre kapasite yo, san okenn lòt kritè ki pa gen anyen pou wè ak kalite moral yo e ak talan yo.
Atik 7
Otorite yo pa gen dwa akize, arete oswa kenbe pyès moun nan prizon sof nan sikonstans lalwa defini epi sa dwe fèt selon pwosedi lalwa tabli. Dwe gen pinisyon pou sila yo ki mande, transmèt, egzekite oswa fè egzekite kòmann ilegal an gwo ponyèt. Men, tout moun yo entèpele oswa arete selon lalwa dwe obeyi tou suit ; si li fè rezistans, lajistis ap konsidere l kòm koupab.
Atik 8
Lalwa dwe prevwa sèlman pinisyon ki vrèman nesesè. Lajistis pa dwe pini okenn moun pou yon zak si pa t gen yon lwa ki te deja ekri e pwoklame ki te entèdi zak sa a anvan li te fèt.
Atik 9
Lajistis dwe konsidere tout moun kòm inosan jis yo deklare li koupab. Menm lè otorite yo arete yon moun, yo pa gen dwa maltrete li oswa fè li sibi soufrans ki pa nesesè pou fè arestasyon an oswa pou kenbe moun lan an detansyon.
Atik 10
Chak moun gen dwa esprime opinyon pa li, menm nan kestyon relijyon. Otorite yo pa gen dwa pini oswa nui yon moun akoz opinyon li. Sèl limit la se lè fason moun nan esprime opinyon li ta vyole lòd piblik lalwa pwoteje.
Atik 11
Chak moun gen dwa eksprime lide li ak opinyon li. Libète sa a se yon dwa fondamantal. Ki donk, tout sitwayen ka pale, ekri e pibliye lib e libè, sof si li sèvi ak libète sa a yon fason lalwa defini kòm yon abi.
Atik 12
Fòk gen yon fòs piblik pou garanti Dwa Moun ak Dwa Sitwayen. Fòs sila a se pou avantaj tout moun — se pa pou avantaj moun sa yo ke lalwa bay otorite sa a.
Atik 13
Fòs piblik la bezwen lajan pou l fonksyone. Ki donk li nesesè pou gen yon taks pou kouvri depans fonksyonnman ak administrasyon fòs la. Tout sitwayen dwe kontribye nan frè sa yo dapre mwayen yo chak genyen. Moun ki gen plis resous dwe peye pi plis pase moun ki gen mwens resous.
Atik 14
Tout sitwayen gen dwa — swa dirèkteman, swa atravè reprezantan pa yo — pou yo fè pwòp konsta yo sou nesesite taks piblik, pou yo aksepte taks yo yo an tout libète, pou yo suiv ki jan taks la sèvi e pou yo deside nivo taks la, fason yo kalkile li, fason yo ranmase li ak konbyen tan li dwe dire.
Atik 15
Sosyete a gen dwa mande nenpòt fonksyonè nan nenpòt pòs piblik pou li rann kont sou fason li jere fonksyon li.
Atik 16
Yon sosyete ki pa garanti Dwa Moun ak Dwa Sitwayen e ki pa detèmine separasyon pouvwa yo pa gen konstitisyon tout bon.
Atik 17
Kòm dwa pwopriyete se yon dwa fondamantal ki sakre (egal : yo pa ka vyole dwa sa a), yo pa ka wete pwopriyete okenn moun nan men li, sof si se ta pou yon byen piblik ki klè epi lalwa rekonèt nesesite sa a. Nan ka nesesite sa yo, fòk leta peye yon dedomajman kòm sa dwa, anvan li pran pwopriyete a.
TELECHAJE | GADE PDF LA SOU TOUT LAJÈ EKRAN AN.
Aktivite aprantisaj sou Kòd Nwa (1685) ak Deklarasyon Dwa Moun ak Dwa Sitwayen (1789)
1 – Pou ki rezon, nan lane 1685, Louis XIV, Wa Lafrans, te pibliye Kòd Nwa ?
2 – Nan ki mezi lide rasis nan Kòd Nwa toujou egziste nan sosyete pa nou jounen jodi a
3 – Evalye nivo nitrisyon kaptif yo selon Atik 22 Kòd Nwa. Fè rechèch sou kèk ka nan sosyete 21yèm syèk la kote yon gwoup itilize rasyònman manje pou esplwate yon lòt.
4 – Idantifye kèk pratik ki toujou egziste nan mantalite nou jouk jounen jodi a nan domenn relijyon.
5 – Idantifye kèk diskriminasyon ak inegalite jounen jodi a ki jwenn rasin yo anndan Kòd Nwa a (presize ki atik).
6 – Montre limit ak kontradiksyon Deklarasyon Dwa Moun ak Dwa Sitwayen (1789) nan sa ki gen pou wè ak aplikasyon Kòd Nwa a (1685).
7 – Wi, an 1685, Kòd Nwa a te deklare kaptif yo se « mèb » alòs ke Deklarasyon Dwa Moun ak Dwa Sitwayen an 1789 te deklare Lafrans ap kore libète ak egalite devan lalwa kòm prensip inivèsèl. Jounen jodi a, plis pase 2 syèk apre Deklarasyon Dwa Moun ak Dwa Sitwayen, ki kontradiksyon ou wè ant mouvman pwogresis nan peyi Ewòp yo ak politik menm peyi sa yo nan (ansyen) koloni a yo ? Egal : Èske gen kontradiksyon ki toujou egziste ant mouvman « de goch » anti-kapitalis yo ak mouvman anti-kolonyal ? Si wi, tanpri, bay egzanp epi analize egzanp sa yo.
8 – Nan ki ane Lafrans te aboli esklavaj nan koloni li yo ? Nan ki ane Lafrans pase yon lwa ki rekonèt esklavaj kòm krim kont limanite ? Èske, jounen jodi a, Kòd Nwa toujou nan sistèm jiridik Lafrans ? Fè yon ti rechèch sou sa epi brase lide sou dat sa yo pandan w ap konpare kwonoloji sa a ak dat divès evennman ki konkretize sa nou menm ann Ayiti te reyalize nan dosye dwa moun. Ki jan w ka esplike diferans nan kwonoloji evennman sa yo an Frans e ann Ayiti ? Ki sa dat sa yo ka aprann nou sou rapò / kontradiksyon ant sistèm jiridik Lafrans ak diskou ofisyèl sou libète ak egalite ?
Bibliyografi
Académie française. (s. d.). Dictionnaire de l’Académie française. https://dictionnaire-academie.fr
Casimir, J. (2023). Rezistans pèp souvren kont gwojemoni Lagrandyab. MIT-Ayiti. https://mit-ayiti.net/resous/rezistans/
de Ferrière, C.-J. (1771). Dictionnaire de droit et de pratique. URL : https://gallica.bnf.fr/ark:/12148/bpt6k1230375.texteImage
Vèsyon franse Kòd Nwa a :
Louis XIV. (1685). Code noir. URL : https://www.assemblee-nationale.fr/histoire/esclavage/code-noir.pdf (sou sit Asanble Nasyonal Repiblik Franse).
Yon vèsyon franse Kòd Nwa a ki pi lizib disponib tou sou lyen sa a : https://ia601605.us.archive.org/33/items/lecodenoirouedi00fran/lecodenoirouedi00fran.pdf
Vèsyon franse ak angle deklarasyon an :
La déclaration des droits de l’homme et du citoyen (sou sit Élysée).
The Declaration of the Rights of Man and of the Citizen (sou sit Élysée).
