Yon dosye pedagojik kominikasyon oral ak ekri sou pawòl yon chante Mikaben ki rele Ayiti se

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Pwofesè Frenand Léger ki prepare resous sa a

Konsiy : Ou pral reponn diferan kalite kesyon (fòm, kontni, gramè, vokabilè, semantik, estetik e latriye) sou tèks ki an ba la a. Tanpri, pran san w pou w byen li tèks la avan w koute oswa gade videyo chante a  pou w ka reponn tout kesyon yo avèk presizyon.

Ayiti se

I

Ayiti se bèl lanmè, se bèl montay ak bèl rivyè 

Se bèl plaj ak pye kokoye, bèl peyizaj ak bèl koulè

Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten

Se sant lawouze ki fèk poze pou flè diz è ka boujonnen

Ayiti se Basen Ble, Kaskad Pichon avèk Sodo

Se Akaden, La Sitadèl, se Labadi ak Marigo

Ayiti se Lavale, se Pòsali ak Zabriko

Se Mòn Lasèl, Pik Makaya, se Mamlad ak Mòn Pilbowo

II

Ayiti se yon dous makòs, se yon ponyen pistach griye

S on ji kole ki pou ban m fòs, s on boutèy kola ki byen glase

Ayiti s on bon griyo, s on bon fritay, on bon taso

S on bon legim avèk sirik, s on bon diri avek lalo

Ayiti s on bon bouyon, s on soup joumou a tout piman

S on bon kasav avèk manba

Ke ou tranpe nan akasan

Ayiti s on bon donmbwèy k ap marinen nan yon bon sòs pwa

S on bwa kochon, on bon kleren, Ayiti s on bon kafe di swa

Refren

Ayiti cheri, pou jan mwen renmen w

Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w

Ayiti cheri, pou jan m adore w

Pa gen anyen k ap janm fè mwen kite w

Ayiti cheri pou jan mwen renmen w

Mwen vin depoze ti kè mwen nan men w

Ayiti cheri, pou jan m adore w

Pa gen anyen k ap janm fè mwen kite w

III

Ayiti s on bèl mizik, se yon bann a pye, s on twoubadou

S on son kata seremoni, se yon son kwachi, yon son tanbou

Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou

Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak vodou

Ayiti se festival, se ti sourit, se fèt chanpèt

Se animasyon nan Kanaval, se yon ti zile k pa janm frèt

Ayiti se yon bezig, s on domino, se yon twa sèt

S on reveyon kote ki gen bouyon, se la k gen kenbe tèt

IV

Ayiti se yon konbit peyizan k ap sèkle latè

Se ti machann yo k ap desann

Pou y al goumen ak lavi chè

Ayiti se ti moun yo k ap reve de yon bèl avni

Se dlo rigòl la k ap desann, pa konn kote l pral ateri

Ayiti se an ba tant lan depi apre 12 janvye

Se labou k leve on move sant chak lè on ti lapli fin tonbe

Ayiti se sou beton an pou konn « la vrai » reyalite

Se youn ki tris, men, gras a Dye, se pa li sèlman n ka chante

V

Ayiti se yon manman ki konn sa yo rele doulè

On fanm ki djanm, on fanm vanyan menm si l konnen li pa pafè

Ayiti se yon bèl fanm ki, menm si l pase anpil mizè,

Li toujou f on jan l ranje kò l pou tout pitit li toujou fyè

Ayiti se tout bagay sa yo ki fè ke nou renmen w

E menm si wout la long, konnen n ap toujou la pou n kenbe men w

Ayiti cheri, w mèt kwè m

Pa gen anyen k ap fè m kite w

M ap toujou la pou ou, cheri

Kite mizik sa a dòlote w

Etap 1- Aktivite miz an kontèks

Michael Benjamin, alyas Mikaben, te fèt nan lane 1981. Se yon atis ayisyen ki gen yon pakèt talan. Li se chantè, gitaris, konpozitè epi pwodiktè. Kit se ak yon grenn gita oswa ak yon gwoup mizikal konplè, Mikaben kapab pèfòme kòm sa dwa. Se youn nan kèk ra mizisyen ayisyen pami jenn jenerasyon an ki kapab jwe diferan kalite mizik. Depi lansman premye chante li an 1999 ki rele Nwèl Tristès, Mikaben te demontre yon enterè espesyal pou peyi l. Nan mizik li yo, li prezante yon bèl imaj pozitif de Ayiti san l pa defòme reyalite a. Li deja gen plis pase 15 lane eksperyans sou sèn mizikal nasyonal ak entènasyonal la. Li pèfòme nan Olympia nan vil Pari ak Carimi, nan Sant Kiltirèl peyi Kot d Ivwa ann Afrik, nan Festival Hoogstraten nan peyi Bèljik, ak nan gwo Festival Konpa ki konn fèt Miyami. 

Kesyon sou pakou chantè a (10 minit)

A. Kesyon plizyè chwa – Baze w sou prezantasyon chantè a ak pawòl chante a pou w chwazi repons ki pi kòrèk la.

1. Ki laj Mikaben genyen?

a) Li gen 29 lane

an) Li gen 39 lane

b) Li gen 49 lane

ch) Okenn nan repons yo 

2. Nan ki vil ann Ayiti Mikaben te pran nesans?

a) Okay, Ayiti

an) Pòtoprens, Ayiti

b) Enfòmasyon sa a pa parèt nan paratèks la.

ch) Okenn nan repons yo 

3. Konbyen tan Mikaben genyen depi l ap pèfòme?

a) Li gen venn senk lane depi l ap pèfòme.

an) Li gen senk lane depi l ap pèfòme.

b) Li gen kenz lane depi l ap pèfòme.

ch) Okenn nan repons yo 

4. Nan ki lane karyè mizikal Mikaben te koumanse ?

a) Nan lane mil nèf san katreven en.

an) Nan lane mil nèf san katreven diz nèf.

b) Nan lane mil nèf san katreven nèf.

ch) Okenn nan repons yo.

5. Sou ki tematik prensipal Mikaben konpoze chante « Ayiti se » a ?

a) Sou tematik bèl lanmè, montay ak rivyè ann Ayiti.

an) Sou tematik richès ak konpleksite peyi d Ayiti.

b) Sou tematik festival ti sourit ak fèt chanpèt ann Ayiti.

ch) Okenn nan repons yo.

Etap 2 – Kesyon sou fòm ak kontni pawòl chante a – Gade videyo chante a plizyè fwa. Fè lyen ant tèks ekri a ak pawòl yo. Pran san w pou w byen koute pawòl yo epi reponn kesyon yo. https://www.youtube.com/watch?v=8EyRQiMo0A8  (30 minit )

1. Nan ki kategori literè nou ta klase pawòl chante a ?

a) Teyat dramatik.

an) Fiksyon womanèsk

b) Pwezi.

ch) Kont fòlklorik.

2. Nan ki lentansyon otè chante a te ekri tèks la ? 

a) Lentansyon otè a se enfòme reseptè yo sou vrè reyalite Ayiti a.

an) Lentansyon otè a se dekri reyalite Ayiti a pandan l ap divèti reseptè yo.

b) Lentansyon otè a se eksprime santiman pèsonèl li pou Ayiti.

ch) Tout repons yo kòrèk 

3. Nan ki 3 kategori tipoloji tèks prensipal nou ta klase tout ekstrè a ?

a) Agimantatif / enjonktif / ekspresif.

an) Enfòmatif / deskriptif / ekspresif.

b) Naratif / deskriptif / dyalogal.

ch) Okenn nan repons yo.

4. Ki sekans tèks fraz sa a ye « Ayiti se bèl lanmè, se bèl montay ak bèl rivyè » ?

a) Se yon sekans tèks enfòmatif / deskriptif.

an) Se yon sekans tèks naratif / deskriptif.

b) Se yon sekans tèks agimantatif / dyalogal.

ch) Okenn nan repons yo.

5. Ki sekans tèks fraz sa a ye « M ap toujou la pou ou, cheri / Kite mizik sa a dòlote w » ye ?

a) Se yon sekans tèks enfòmatif / deskriptif.

an) Se yon sekans tèks agimantatif / enjonktif.

b) Se yon sekans tèks naratif / dyalogal.

ch) Okenn nan repons yo.

6. Ki figi retorik oswa figi estil otè a repete anpil nan tout tèks pawòl chante a ?

a) Se yon konparezon.

an) Se yon metonimi.

b) Se yon suit metafò.

ch) Okenn nan repons yo.

7. Nan 3yèm liy ki nan 4yèm kouplè a, Mikaben ekri « Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou ». Ki kategori gramatikal mo « Ogou » a e ki sa l vle di ?

a) Ogou se yon advèb ki vle di « avèk Bondye ».

an) Ogou se yon adjektif yo itilize pou yo kalifye yon lwa vodou.

b) Ogou se yon non pwòp ki reprezante yon lwa vodou.

ch) Tout repons yo kòrèk.

8. Nan 3yèm liy ki nan 4yèm kouplè a, Mikaben ekri « Ayiti se tè Ogou, se tè zansèt kite pou nou ». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp ? 

a) Ayiti se yon kote moun sèvi lwa vodou.

an) Ayiti se yon tè nou eritye nan men zansèt yo.

b) Ayiti se yon kote moun yo swiv tradisyon vodou.

ch) Tout repons yo kòrèk 

9. Nan 4yèm liy ki nan 3yèm kouplè a,  Mikaben ekri « Se la lesklavaj t aboli, se yon tè libète ak vodou ». Ki sa segman sa a vle di nan sans pwòp ? 

a) Ayiti se kote tout moun pratike relijyon vodou.

an) Ayiti se kote tout moun gen libète.

b) Ayiti se kote vodou ak libète makònen ansanm.

ch) Tout repons yo kòrèk

10. Nan 3yèm liy ki nan premye kouplè a,  Mikaben ekri « Ayiti se sant kafe k ap monte nan nen m lè maten ». Ki kategori gramatikal mo « sant » lan epi ki sans pwòp li nan kontèks fraz la ?

a) Se yon vèb ki gen sans « respire santò ».

an) Se yon adjektif kalifikatif ki gen sans « yon move odè ».

b) Se yon non komen ki gen sans « yon bon odè ».

ch) Okenn nan repons yo

11. Ki apresyasyon jeneral chantè a sou peyizaj fizik ak kiltirèl peyi d Ayiti ?

a) Peyizaj la lèd.

an) Peyizaj la bèl.

b) Peyizaj la pasab.

ch) Okenn nan repons yo

12. Daprè chante a, nan ki moman nan jounen an Ayisyen konn pran sant kafe ?

a) Nan maten.

an) A midi.

b) Nan aswè.

ch) Okenn nan repons yo 

13. Daprè chante a, ki sa ki fè flè diz è boujounen ?

a) Se siklòn.

an) Se lanèj

b) Se lawouze.

ch) Okenn nan repons yo 

14. Daprè chante a, ki kantite pistach griye ki ka reprezante Ayiti ?

a)Yon gwo kantite tankou yon sak.

an) Yon ti kantike ou ka kenbe nan pla men w.

b) Yon ti kantike ou ka reprezante yon ti mamit.

ch) Okenn nan repons yo 

15. Daprè chante a, ki kalite kola Ayiti reprezante ?

a) Yon kola byen cho.

an) Yon kola byen fre.

b) Yon kola byen tyèd.

ch) Okenn nan repons yo.

16. Daprè chante a, Ayiti se yon legim ki fèt ak ki bèt lanmè ?

a) Legim ak pwason lanmè.

an) Legim ak kribich lanmè.

b) Legim ak ti krab lanmè. 

ch) Okenn nan repons yo

17. Daprè chante a, Ayiti reprezante yon manje yo sèvi premye janvye pou selebre fèt Lendepandans peyi a ?

a) Se soup yo fè ak joumou.

an) Se soup yo fè ak piman.

b) Se bouyon yo fè ak joumou.

ch) Tout repons yo kòrèk.

18. Daprè chante a, Ayiti se ki kalite manje ki fèt avèk kasav epi manba ?

a) Se yon manje yo rele doukounou ki fèt ak manyòk.

an) Se yon manje yo rele wayal ki fèt ak manyòk epi pistach griye yo moulen.

b) Se yon manje yo rele chanmchanm ki fèt ak mayi e pistach griye yo pile.

ch) Tout repons yo kòrèk.

19. Daprè chante a, ki kalite fanm Ayiti ye?

a) Se yon fanm ki konn abiye e ki gen fyète.

an) Se yon fanm ki gen kouraj pou l sipòte soufrans.

b) Se yon fanm ki rete bèl malgre mizè.

ch) Tout repons yo kòrèk .

20. Daprè chante a, ki sa k ka fè chantè a kite Ayiti ?

a) Pwoblèm ensekirite ka fè l kite Ayiti.

an) Anyen pa ka fè li kite Ayiti.

b) Pwoblèm grangou ka fè li kite Ayiti.

ch) Tout repons yo kòrèk. 

AN. Kesyon Vrè oswa Fo – Baze w sou tèks la pou w chwazi repons ki pi kòrèk la. Se pou w mete repons ou chwazi yo an koulè gra oswa nan yon koulè ki diferan. (10 minit)

1.Mikaben bay chante a tit « Ayiti se » a paske l ap prezante epi dekri peyi a. VF
2.Nan peyi d Ayiti, pa gen plaj, mòn ak kaskad dlo.VF
3.Nan peyi d Ayiti, konbit se yon aktivite agrikòl.VF
4.Daprè chante a, Ayisyen renmen jwe, chante epi danse.VF
5.Nan peyi d Ayiti, pa janm gen labou lè lapli fin tonbe.VF
6.Daprè chante a, se ann Ayiti yo te kraze sistèm esklavaj la.VF
7.Ayiti se yon fanm mòlòlò ki pa ka sipòte soufrans.VF
8.Ayiti se yon fanm ki lèd anpil.VF
9.Ayiti se yon fanm ki soufri anpil.VF
10.Chantè a renmen Ayiti, men, li oblije abandone l.VF

B. Kesyon ki mande repons louvri – Baze w sou tèks pawòl chante a pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz ki tou kout, men, ki konplè. (30 minit)

1.Nan kontèks dezyèm kouplè a, si yon moun renmen bwè gwòg, ki 3 eleman gastwonomik ayisyen li t ap renmen goute ?

2. Nan kontèks dezyèm kouplè a, si yon moun renmen manje desè ki gen anpil sik,  ki eleman gastwonomik ayisyen li ta renmen goute ?

3. Nan twazyèm kouplè a, ki mo ki se yon referan istorik fondamantal pou Ayisyen ? 

Pou ki sa ? 

4. Nan twazyèm kouplè a, ki lòt mo ki se yon referan kiltirèl fondamantal pou Ayisyen ?  
5. Nan kontèks twazyèm kouplè a, si yon moun  renmen banboche epi pran plezi l nan foul moun, ki aktivite l ap chwazi ? 

6. Nan kontèks twazyèm kouplè a, si yon moun renmen amize l lakay li san l pa soti, ki twa (3) aktivite  li ka chwazi fè ? 

7. Nan kontèks twazyèm kouplè a, nan ki mwa nan ane a yo konn fè reveyon ann Ayiti ? 

8. Nan kontèks katriyèm kouplè a, site o mwen de (2) aktivite sosyal ki demontre ke Ayisyen gen abitid travay di.

9. Nan kontèks katriyèm kouplè a, site twa (3) eleman ki demontre Ayiti gen pwoblèm mizè, pwoblèm anviwòman ak katastwòf natirèl.

10. Nan senkyèm kouplè a, ki eleman yo itilize nan chante a pou senbolize Ayiti ?

11. Nan senkyèm kouplè a, pou ki rezon chantè a renmen Ayiti ? 

12. Nan senkyèm kouplè a, ki sa chantè a di pou l ka demontre jan l renmen Ayiti ?

13. Nan kontèks senkyèm kouplè a, daprè ou menm, èske w panse chantè a renmen Ayiti tout bon vre ? Pou ki sa ?

14. Nan kontèks refren chante a, kouman ou ka dekri santiman chantè a pou Ayiti ?  

15. Ki sa w ka di sou reyalizasyon atistik videyo a ?  Èske w renmen sekans imaj yo ? Pou ki sa ?

CH. Redaksyon -– Baze w sou tèks pawòl chante a pou w reponn kesyon sa yo. Se pou w reponn kesyon yo ak fraz konplè, ki gen bèl longè e ki byen detaye. (40 minit )

1. Nan kontèks premye kouplè a, site o mwen dis (10) bèl kote yon touris ka pran plezi vizite ann Ayiti? 

2. Nan kontèks premye kouplè a, pami dis (10) bèl kote sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri o mwen 10 fraz deskripsyon. Koumanse pa di pou ki sa se kote sa a ou chwazi. Apre sa, dekri kote a.

3. Nan kontèks dezyèm kouplè a, site o mwen dis (10) eleman ki chita nan tradisyon gastwonomik peyi d Ayiti.

4. Pami dis (10) eleman gastwonomik sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri o mwen 10 fraz deskripsyon sou li. Koumanse pa di pou ki sa se eleman gastwonomik sa a ou chwazi. Apre sa, dekri eleman an.

5. Nan kontèks twazyèm kouplè a, site o mwen dis (10) aktivite sosyal / kiltirèl tradisyonèl Ayisyen renmen fè. 

6. Pami dis (10) aktivite sa yo, chwazi youn ladan yo epi dekri l. Ekri o mwen 10 fraz deskripsyon sou li. Koumanse pa di pou ki sa se aktivite sa aou chwazi. Apre sa, dekri aktivite a.

Doktè Frenand Leger se yon pwofesè pèmanan nan Carleton University ki nan vil Otawa, kapital peyi Kanada. Sa fè 18 lane depi doktè Leger ap anseye lang kreyòl, lang franse, lenguistik ak literati frankofòn nan nivo inivèsitè. Doktè Leger fè yon lisans nan domèn syans edikasyon, yon metriz nan lenguistik aplike epi yon doktora nan literati frankofòn. Li fè rechèch nan domèn ansèyman lang franse ak kreyòl, nan literati frankofòn, ak sou sitiyasyon sosyolenguistik peyi d Ayiti. Li te patisipe nan pwojè diksyonè bileng kreyòl-angle Enstiti Kreyòl Inivèsite Indiana a. Li pibliye plizyè atik syantifik sou kesyon lang, kilti ak literati peyi d Ayiti. Li se otè yon manyèl kreyòl ki rele « Pawòl Lakay : Haitian-Creole Language and Culture for Beginners and Intermediate Learners ». Nan pwochen liv li, ki pral parèt byento, li analize evolisyon kategori tèks fiksyon naratif kout nan literati ayisyen ; l ap prezante analiz li yo sou plan istorik, estetik epi teyorik. 

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments