Dis Solèy Leve

Comment Icon 0 Favorite Icon 0

Se Zermatt Scutt ki ekri bèl liv sa a. Pèsonaj prensipal istwa a se yon pwofesè lekòl ki rele Manzè Zora. Liv la rakonte bèl teknik aprantisaj Manzè Zora itilize nan sal klas pa l ki gen dis elèv ladan (egal : « 10 Solèy Leve »). Objektif Manzè Zora se pou elèv li yo rive patisipe nan fabrikasyon konesans pa yo ak bon jan lespri kritik — pou yo rive bati yon demen miyò pou kominote pa yo. Epi liv la montre nou lanmou ak filozofi ki fè Manzè Zora sèvi ak teknik aprantisaj aktif sa yo nan sal klas li.

Nan istwa « 10 Solèy Leve » a, Zermatt Scutt envite nou antre nan wonn nan — yon wonn lanmou, yon wonn pataj, yon wonn chante danse. Se 10 Solèy Leve ansanm ak pwofesè yo (Manzè Zora) ki kreye wonn sa a nan yon sal klas nan vil Jakmèl. Yon maten, li deside pataje nan sal klas li yon evènman ki te rive l nan lavèy pandan l te nan kamyonèt ap sot lavil Jakmèl ale Marigo. Evènman sila a te twouble lespri l anpil. Vin tande reyaksyon 10 Solèy Leve nan klas Manzè Zora lè yo aprann sa l rive l la. (Liv sa a, ki nan Koleksyon Moriso Lewa nan Edisyon 2 Kreyòl Yo, se fwi imajinasyon Zermatt Scutt. Epi se Audeva Joseph ki kreye desen ki fè istwa a vin pi bèl toujou.)

Nou espere  istwa sa a ap itil ni pou pwofesè k ap reflechi sou pedagoji patisipatif, ni pou elèv k ap aprann sou kilti ak sosyete peyi  d Ayiti. Kon sa, kesyon refleksyon ki nan dokiman ki an ba liv la divize an de (2) pati kote nou poze kesyon pou de (2) gwoup sa yo : anseyan epi aprenan.

Telechaje Zermatt 10 Soley Leve.pdf

Telechaje 10 Soley Leve Kesyon Refleksyon.pdf

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments