Zermatt Scutt ak Edisyon 2 Kreyòl Yo

Nan Platfòm MIT-Ayiti, nou rete kwè ni aprenan ni anseyan ka tou vin otè k ap ekri pwòp liv pa yo, pou kominote pa yo. Nou kontan kolabore ak patnè tankou Pwòf Zermatt Scutt nan Edisyon 2 Kreyòl Yo. Pwòf Zermatt se moun Benè. Se nan vil Jakmèl l ap viv kounye a. Li deja ekri yon liv powèm ki gen tit « Fanm je klere : Ayiti leve pye w ». Epi tou, li angaje tèt li nan tradui an kreyòl bèl literati moun nwa k ap ekri nan lòt peyi. Nan videyo sa a an ba la a, Pwòf Zermatt ap pataje filozofi Edisyon 2 Kreyòl Yo sou edikasyon. Se filozofi sa a nou menm nan Inisyativ MIT-Ayiti ap pwone pou Ayiti. Nou ka wè jan filozofi edikasyon sa a djanm nan yon liv Pwòf Zermatt pataje sou Platfòm MIT-Ayiti. Liv la rele « 10 Solèy Leve ».

Se 2 zanmi, 2 fanm kreyòl ki kreye Edisyon 2 Kreyòl Yo nan vil Jakmèl nan mwa desanm 2017. Abdaly Lessage ak Zermatt Scutt se 2 zanmi k ap viv ansanm, k ap travay ansanm e ki mete tèt yo ak nanm yo ansanm pou yo imajine lòt reyalite pou peyi d Ayiti. Yo rive jwenn plizyè lòt kreyòl ki kole zepòl ak yo nan Edisyon 2 Kreyòl Yo. Nan ekip la, gen Audeva Joseph ki se yon jenn atis ki gen anpil anpil talan e k ap mete bèl desen nan liv Edisyon 2 Kreyòl Yo. Vizyon ekip la se prezante bèl istwa nan lang kreyòl la pou ankouraje tout moun ki pale kreyòl rakonte epi ekri istwa pa yo nan fason pa yo. Epi tou, Edisyon 2 Kreyòl Yo tradui an kreyòl bèl istwa ki ekri nan lòt lang. Se kon sa Edisyon 2 Kreyòl Yo ap travay pou plezi ak devlopman lespri nou menm ki gen chans pou n pwofite de lang kreyòl la kòm lang manman.

Remak

Abone
Anonse
guest
0 Remak
Inline Feedbacks
View all comments